Diskou prezidan repiblik la, 1er janvye 2007, Gonayv


Pèp Ayisyen,
Zansèt nou yo te fè lagè ki debouche sou lendepandans.
lendepandans ba nou libète.
Noumenm, nou gen pou n fè lapè pou konstrui demokrasi.
Demokrasi ap ban nou egalite.
Tout sektè ki kont lapè jodia, yo kont demokrasi, kidonk, yo kont egalite.
Lendepandans bay libète.
Sepandan, pandan 200 zan chodyè libète a bouyi yon sèl bò.
Egalite pwal blayi libète pou tout Ayisyen.
Pandan 20 dènye lane ki sot pase yo,
Pèp Ayisyen goumen pou jwenn demokrasi nan lapè.
Se toujou moun ki pa vle demokrasi ki kreye dezòd
pou antrave pwojè demokrasi ki kreye dezòd
pou antrave pwojè demokratik kidonk pwojè egalite Pèp la.
Jodia, tout moun ki pou dezò kont demokrasi.
Se nan dezòd pou volè nan leta kontinye.
Se nan dezòd move kontra ka kontinye siyen sou do leta.
Se nan dezòd kontrebann ka kontinye
Se nan dezòd trafik dwòg ka kontinye.
Jodia, tout moun, tout fò ki kont lapè, ki pou dezòd, yo kont demokrasi,
Yo kont egalite, yo kont libète pou tout timoun al lekòl,
libète pou Leta fè wout, libète pou gen envestisman pou kreye travay,
libète pou peyizan travay tè yo, libète pou machann mennen aktivite yo.
Tout moun, tout sektè ki kont lapè, ki pou dezòd,
se fòs ki pa vle demokrasi,
se fòs ki vle kenbe pouvwa pou yon gwoup, pou yon klan.
Jodia, Pèp Ayisyen gen yon okasyon istorik
pou kreyasyon yon pouvwa nan avantaj tout moun,
pou konstrui demokrasi nan lapè.
Li fè eleksyion prezidansyèl, li fè eleksyon pou Senatè, Depite,
li chwazi Majistra, kasèk li vle.
Eleksyon endirèk yo pwal bay Pèp la okasyon pran tout pouvwa a.
Lè m di Pèp la, sa vle di tout Ayisyen.
Annefè, se atravè Asanble Kominal, Asanble Depatmantal Pèp Ayisyen an
pwal chwazi Jij li vle, depi nan Tribinal Depè jouk nan Kasasyon.
Yon moun ki vle dezòd se paske ou pa vle Pèp la chwazi Jij li.
Ou pa vle li blayi demokrasi.
Ou pa vle li nommen Jij li vle. Se moun ki ta renmen nonmen kontinye Jij limenm li vle,
Jij ki pou travay nan enterè yon klan, nan enterè yon sektè.
Demokrasi, kidonk egalite a pwal blayi pi rèd,
lè se atravè Konsèy Depatmantal, Konsèy Entèdepatmantal Pèp la pwal diskite plan devlopman peyi a.
Sa a, se etablisman yon vrè pouvwa popilè.
Yon pouvwa popilè demokratik.
Eske l ap fasil?
Non, li pap fasil.
Tout sa wap fè pou yon premye fwa gen difikilte.
Demokrasi se yon ekzèsis ki difisil, men, fò l fèt.
Yon ekzanp: anpil moun te gen kè lote nan kriz ant Lajistis ak Lapolis la.
Lontan, èske se pat sou fòs zam kriz sa a tap rezoud?
Jodia, se pa sa k fèt.
Eske se pa siy peyi a pran yon lòt direksyon?
Nan direksyon sa a, ap gen difikilte, se nòmal.
Men, fòk nou kenbe direksyon sa a fèm,
Paske se direksyon demokrasi a,
se direksyon egalite a,
se direksyon devlopman peyi a.
Nan direksyon sa a, pa gen gwo ponyèt, pa gen kraze brize, pa gen dezòd.
Se direksyon dyalòg pou konstrui lunite.
Misyon zansèt nou yo se te fè lagè ki ban nou lendepandans!
Misyon pa nou, se fè lunite pou fè lapè pou konstrui demokrasi.
Devwa yon dirijan politik, jodia, se chèche lunite.
Fòs politik ki pap chèche chemen lunite, pap chèche chemen demokrasi.
Devwa Oganizasyon Sendikal, Oganizasyon Patwonal, Oganizasyon Peyizan, Oganizasyon Fanm, Oganizasyon Dwa Moun, elatriye, se ranfòse unite a, atravè pwopozisyon, atravè kritik.
Kritik bon
Kritik pou kritik pa bon
Kritik pou konstrui bon
Kritik pou detwui pa bon
Moun ki pè kritik pè demokrasi
Moun ki fè kritik pou kritik, kritik pou detwui pa zanmi demokrasi.
Jodia, devwa responsab politik yo se ranfòse unite klas politik la deja kòmanse nan mete yon gouvènman kanpe nan dyalòg.
Jodi a, devwa responsab politik yo, kit yo nan Ekzekitif la, kit yo nan Lejislatif la se ranfòse dyalòg, se ranfòse antant ki deja tabli ant 2 pouvwa sa yo.
Eske l ap fasil?
Non, li pap fasil. Men, fòk nou kenbe direksyon sa a fè,
paske se direksyon demokrasi a,
se direksyon egalite a,
se direksyon devlopman peyi a.
Lè plizyè jwè ki pa abitye jwe ansamn fòme yon nouvo ekip, sa pran yon ti tan pou youn vin konn lòt. Men, se lè, nan kontinye jwe ansanm, youn vin konn lòt byen, y ap rive bay ekip yo la viktwa.
Ekip nou an rele Ayiti.
Jwè yo se nou menm, nou tout: Ayisyen nan peyi a tankou Ayisyen k ap viv lòt bò.
Nan okasyon 203e anivèse endepandans peyi a, n'ap mande lunyon.
Lunyon fè lafòs.
Se lunyon ki te bay zansèt nou yo fòs pou yo fè lendepandans.
Se lunyon k ap ban nou fòs pou fè demokrasi.
Union n ap mande a, se pa pou pouvwa pèsonèl, se pa pou pouvwa patizan.
Se unyon kont lamizè, kont grangou, kont iyorans, kont vyolans.
Defi sa a, yon grenn moun osnon yon ti gwoup moun pap ka leve l pou kont li.
Se pousa, nan okasyon 1er janvye 2007 la, m ap swete konsolidasyon gouvènman tèt ansanm nan, yon gouvènman ki pa dwe patizan.
M ap swete tou kolaborasyon ekzekitif/Palman an ranfòse.
Defi sa a, nou pa ka leve l nan 5 lane yon sèl manda prezidansyèl la.
Se pousa, nan okasyon 1er janvye 2007 la, m ap swete tout fòs politik anndan peyi a, depi Kasèk rive nan Konsèy Entèdepatmantal, Pati Politik,
tout fès ekonimik yo: Patrona, Sendita, Peyizan,
tout fòs sosyal yo: Etidyan, Pwofesè, Oganizasyon Fanm yo, Oganizasyon Dwa Moun yo, jwenn yon mwayen mete kanpe plan devlopman 25 an pou Ayiti a.
Defi sa a, Ayiti pap ka leve l pou kont li.
Se pousa, nan okasyon 1er janvier 2007 la, pandan m ap di Pèp Ayisyen an Bò Ane, m ap swete tout lòt Pèp sou latè, tout Oganizasyon Entènasyonal Bòn Ane nan non Pèp Ayisyen an. N ap kontinye ofri yon amitye nou e swete bon kolaborasyon ant nou menm et yo menm.
Bòn Ane 2007
Lapè pou Ayiti, Lapè pou tout Peyi sou latè.
Mèsi