| | | Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte. | |
| |
| Auteur | Message |
|---|
Joel Super Star

 Nombre de messages: 8211 Localisation: USA Loisirs: Histoire Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le patriote
 | Sujet: Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte. Mar 16 Mar 2010 - 12:13 | |
| Rappel du premier message :
Dr DARSI FERRER ,afwosantris kiben an mouri lan grèv grangou lan prizon Kiba,semenn pase an Gen anviwon 50 ou 60 afwosantris kiben ki lan prizon. Se pa yon bagay fasil pou diskite paske Kiba se pi bon zanmi ke AYITI genyen sou planèt lan,se peyi tou ki gen kilti ki pi sanble ak pa nou an. Se lit pou siksesyon KASTRO yo ki komanse e entelektyel afwosantris kiben yo deside ke sa ki te pase an 1912 lan ,lè "iberik" yo te dekapite mouvman afwosantrk lan ,lè yo te touye ak èd ameriken yo ,plis ke 6000 elit militè,relijye,ekonomik afriken an e mete chita dominasyon "iberik" yo. Gade premye petisyon ke CARLOS MOORE ki se yon alye "gusanos" lan FLORID lan mete deyo e gade repons lan.
Kote sitiyasyon an konplèks ,sè ke de AFWOSANTRIS tankou ABDIAS DE NASCIMENTO (BREZILYEN KI LAN 90S li) siyen petisyon an,de nèg tankou MOLEFI ASANTE ELT...
JAF,sa w panse ,mwen konnen byen ke se yon refleksyon ki pa p fasil. Li ,opinyon pou ak kont ak 2 gwoup diferan entelektyel:
http://afrocubaweb.com/actingonourconscience.htm
http://afrocubaweb.com/cubaroadmap.htm |
|  | |
| Auteur | Message |
|---|
Mak Super Star


 Nombre de messages: 6207 Localisation: Terrebonne Opinion politique: Démocrate Loisirs: La marche Date d'inscription: 28/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le voyeur
 | Sujet: Re: Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte. Ven 26 Mar 2010 - 0:17 | |
| | Citation: | Marc, Sa w di an pa fè okenn sans .Si Lavalas jan l te ye anvan 2004 lan pa ekziste ankO ,poukisa PREVAL ak alye l yo pa t kite yo patisipe lan dènye eleksyon yo?
Jiska nouvèl Od pa p gen Lavalas san ARISTIDE.Se sa w ta swete ou byen sa zOt ta swete ,men politik gen pwOp lwa li.
|
Joel Na wè sa pi devan. Mwen genyen bon jan infomasyon wi zanmi sou sa ki bral pase lan prochain mwa yo. |
|  | | Joel Super Star

 Nombre de messages: 8211 Localisation: USA Loisirs: Histoire Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le patriote
 | Sujet: Re: Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte. Ven 26 Mar 2010 - 7:25 | |
| Marc, Ou te mèt gen enfOmasyon,defOmasyon ,twafOmasyon se nad marinad. Tout nèg depi 1995 yo ki ap eseye demake yo de ARISTIDE,sa k rive yo .Yo blije antre lan lojik koudeta. Si w tande de nèg ki ap di ke y ap fOme Lavalas san Aristide se pete y ap pete pi wo pase bounda yo.Y ap echwe. Si gen eleksyon lib , kandida ke ARISTIDE epole an ,se limenm ki ap genyen.Se yon fè. Gade atik AP an kote yo kalifye SO ANNE de "pwisan". Dapre ou kote pwisans lan sOti? |
|  | | Sasaye Super Star


Nombre de messages: 5132 Localisation: Canada Loisirs: Arts et Musique Date d'inscription: 02/03/2007
Feuille de personnage Jeu de rôle: Maestro
 | Sujet: Re: Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte. Ven 26 Mar 2010 - 11:38 | |
| Amof,
Mèsi pou enfomasyon ke w mete sou sitiyasyon prizon Ozeta Zini. Chif yo pa bezwen komantè.
Si kantite prizonye detèmine si yon gouvènman diktatoryal, alo nou pa gen bouch pou pale. Kenbe la. |
|  | | Thunder Super Star


 Nombre de messages: 4196 Localisation: Planet Earth (Milky Way Galaxy) Loisirs: Target Practice, Sports Cars, Konpa... Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le gardien
 | Sujet: Re: Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte. Ven 26 Mar 2010 - 23:41 | |
| | Citation: | Lanpwen pè medam ki abiye an blan. Gen règleman byen presi kijan pou moun fè demonstrasyon.
Se pou remake anko ke mesye afromeriken yo ap denonse inegalite ki rete avèk nwa kiben yo, men yo rekonèt e sipote Revolisyon an. Yo pa di ke gen rejim diktatoryal Kiba. |
Wi! ...Sou Duvalier, sou Diktati militè ak sivil nou yo te toujou genyen "règleman" byen presi kijan pou moun fè manifestasyon tou. Youn nan "règleman" yo, se pa rele "aba" rejim ki an plas lan. Moun yo ap rele "libertad", men wou pa satisfè, wou di ke yo pa konsidere rejim nan kòm yon diktati. Epoutan Sasaye! ...Moun k ap mande "liberte" se moun ki estime ke yo prive yo de sa. Si yo prive de sa, sa pa menm diktati ankò, se lesklavaj. |
|  | | Thunder Super Star


 Nombre de messages: 4196 Localisation: Planet Earth (Milky Way Galaxy) Loisirs: Target Practice, Sports Cars, Konpa... Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le gardien
 | Sujet: Re: Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte. Sam 27 Mar 2010 - 0:57 | |
| | Sasaye a écrit: | Amof,
Mèsi pou enfomasyon ke w mete sou sitiyasyon prizon Ozeta Zini. Chif yo pa bezwen komantè.
Si kantite prizonye detèmine si yon gouvènman diktatoryal, alo nou pa gen bouch pou pale.
Kenbe la. |
Sasaye, W ap devye diskisyon an. Si nou vle pou nou fè yon diskisyon nan poukisa ke genyen plis nwa Ozetazini ki nan prizon pase tout lòt ras? Pandan ke yo reprezante yon minorite, nou ka toujou fè l. Men la a n ap pale de politik an jeneral, mwen te mansyone prizon yo, pou m te mande w nan ki sikonstans ke genyen tout prizon sa yo nan peyi Kiba pandan ke Castro reklame ke tout moun "egal"? Kontrèman ak peyi tankou Etazini kote ke klas sosyo-ekonomik eksiste avivwa. Donk se pa sèlman kantite moun ki nan Prizon pou detèmine si yon gouvènman diktatoryal ou pa. Men se ki jan de prizonye ke yo genyen ki pral detèmine sa. An nou pran yon ti ekzanp senp: Nan Etazini li obligatwa pou polisye, k ap arete yon moun, li "Miranda rights" moun sa a. Sa vle di ke polisye a dwe li dwa konstitisyonèl ke moun nan genyen pandan ke li anba arestasyon. E an plis, li dwe di moun nan ki chaj ke li mete sou li, sa vle di poukisa ke li arete l. Tandans lan se sispè a inosan toutotan ke yo (sistèm jistis lan) poko pwouve lekontrè. Kiba li menm genyen sa yo rele "peligrosidad social" (danje pou sosyete). Sa a se yon pratik kote ke rejim nan ka arete w e mete w nan prizon si yo "sispèk" ke w ka komèt yon krim à l'avenir. Pa bezwen genyen prèv, se "sispèk" sèlman pou yo pa "sispèk" wou. Donk anpil opozan rejim nan nan prizon pou "peligrosidad social". Alò se konsa ke w ta renmen konpare libète ke 2 pèp sa yo genyen? An nou antann nou Sasaye... |
|  | | Thunder Super Star


 Nombre de messages: 4196 Localisation: Planet Earth (Milky Way Galaxy) Loisirs: Target Practice, Sports Cars, Konpa... Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le gardien
 | Sujet: Re: Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte. Sam 27 Mar 2010 - 2:52 | |
| Sasaye ekri: | Citation: | | Yo pa di ke gen rejim diktatoryal Kiba | . M ap kite youn nan prizonye politik yo reponn:
| Citation: |
[b]Nov. 27 - Prisoner of conscience Dr. Oscar Elias Biscet spoke with Radio Martí from the Combinado del Este prison, to announce a new campaign [b]asking the Castro regime to respect the human rights of the Cuban people.[/b]
Dr. Biscet is asking Cubans in and out of the island and people all over the world to support this campaign that will begin on December 5 and end on December 10, the International Day of Human Rights.
Dr. Biscet said that he is on cell 1232 on the second floor of the Combinado del Este prison, a maximum security area where the most violent common criminals are being held.
Because he has to share his cell with prisoners accused of violent crimes, Dr. Biscet considers that his life is at risk.
"I feel good, even though I still suffer from several illnesses that I have managed to keep under control. However, I have lost most of my teeth due to the stress and the lack of hygiene at the prison," Dr. Biscet told Radio Martí.
Dr. Biscet was sentenced to 25 years in jail for teaching his fellow Cubans about Dr. Martin Luther King and his peaceful protests in support of civil rights in the United States
| [/b].
Mwen ta renmen konnen eske rejim k ap vyole dwa pwòp pèp li se pa yon rejim diktatoryal? |
|  | | | | Ki atitid afwosantris ayisyen yo dwe adopte. | |
|
Sujets similaires |  |
|
| | Permission de ce forum: | Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum
| |
| |
| |