| | |
| Auteur | Message |
|---|
Sasaye Super Star


Nombre de messages: 5132 Localisation: Canada Loisirs: Arts et Musique Date d'inscription: 02/03/2007
Feuille de personnage Jeu de rôle: Maestro
 | Sujet: Aprann pale Kreyol Mer 31 Mar - 14:41 | |
| Gen ayisyen ki sou FowomAyiti ki ekri kreyòl byen, gen lòt ki ap trimen, gen lòt ki ekri yon lang ki pa kreyòl. Se pou nou konnen ke kreyòl se yon lang konplè e ki rekoni kounyea lan tout sik inivesitè. Li gen òtograf li e gramè li ak sentaks, menmjan ak tout lòt lang. Pandan etranje rekonèt Kreyòl kòm yon lang totalkapital, gen ayisyen toujou ki poko rive lan stad saa. Yo eseye fransize yon lang ki finn etabli. Eske n konnen ke ou gendwa li MSN oubyen CNN an kreyòl? Mwen prezante nou yon teks ki ekri pou moun ki pale angle aprann pale kreyòl, men li kapab sevi ayisyen paske li montre kijan pou ekri lang nan. Pou mopun ki enterese, bònn lekti. http://www.ngohaiti.com/disaster/downloads/kreyol.pdf |
|  | | Joel Super Star

 Nombre de messages: 8211 Localisation: USA Loisirs: Histoire Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le patriote
 | Sujet: Re: Aprann pale Kreyol Mer 31 Mar - 16:29 | |
| Sasaye, GOOGLE ap fè sit rechèch an kreyOl tou.Li an fOmasyon. |
|  | | T-NEG Modérateur


 Nombre de messages: 3550 Localisation: Montreal Loisirs: Sport Date d'inscription: 29/12/2008
 | Sujet: Re: Aprann pale Kreyol Mer 31 Mar - 16:55 | |
| Google gen " Google Traduction " pour tradwi teks en Kreyol. Bing tou |
|  | | Joel Super Star

 Nombre de messages: 8211 Localisation: USA Loisirs: Histoire Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le patriote
 | Sujet: Re: Aprann pale Kreyol Mer 31 Mar - 18:14 | |
| Ant parantèz.Nou poko janm tande anbasadè ameriken an KEN MERTEN ki ap pale kreyOl ? Seryezman ,misye pale kreyOl pi byen ke de politisyen tankou MANIGAT yo ou byen VICTOR BENOIT ki pale kreyOl fransize,lè y ap pale kreyOl. Kelkelanswa sa yon moun gen dwa panse de misye ,men se pou admire respè misye bay lang lan! |
|  | | grandzo di Super Star

 Nombre de messages: 2244 Localisation: VIhja Opinion politique: centre Loisirs: full contact Date d'inscription: 22/10/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le crapaud sans pattes
 | Sujet: Re: Aprann pale Kreyol Mer 31 Mar - 18:45 | |
| SASSAYE
mwen dako avek ou... me mwen pa ginyin aksen poum fe e mie...ce pa paseke mwen pa vle.. ce kom si yon izarelien ka reproche yon juif ki va viv lot bo... ke li pa konet pale ebre... mwen pa janmin tande juif kritike juif pale almen, franse, tchek.. komen yon moun pe ekri yon lang sil pa appran li... sa mwen vle di.... se ke nou pa gen dwa kritike aysien ki pa kabab ekri kreol... se yon ere.... fok nou kompran ke sa se yon reaksyion plis ke se yon aksyion... lang kreol se yon lang nouvel... .. mwen ginyen yon kesyon pou mwen pozew sassaye... es ke yon moun pe ekri yon lang korrektemen si li pa janmin appran li... ? mim le yon moun apran yon lang lekol yo pa kapab ekril... donk map di fok nou pa stigmatize moun paseke... sa ka capab genyen yon effe peve.... Joel Korige tout fot mwen fe pou mwen kapab apran |
|  | | Joel Super Star

 Nombre de messages: 8211 Localisation: USA Loisirs: Histoire Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le patriote
 | Sujet: Re: Aprann pale Kreyol Jeu 1 Avr - 9:56 | |
| Sasaye, mwen wè ke gen yon ti paragraf sou sit ou mete an ,a pwopo de konferans wOtpote FREDERICK DOUGLASS te pwononse sou AYITI le 2 Janvye 1893 ,lan CHICAGO. Etidyan lan depatman "Black Sudies" lan Inivèsite Ameriken yo konnen diskou sa a sou non "Until Haiti Spoke" (Jiskaske Ayiti te pale). Pou "koudetayis" pase e te pral vini ,men 2 zou 3 ti paragraf lan diskou an.petèt si yo te tradwi diskou sa a e fè timoun nou yo aprann li ,ti nèg ta sispann bay koudeta. Pa bliye se le 2 Janvye 1993 ,nèg (nwa) sa a ke yo rekonèt pami petèt 5 pi gran oratè lan istwa Etazini an te pwononse pawOl sa yo.
"Haiti has all the natural conditions essential to a noble prosperous and happy country .Yet there she is ,torn and rent by revolutions,by clamorous factions and anarchies ,floundering her life away from years in a labyrinth of social misery.Every little while we find her convulsed by civil war,engageg in the terrible work of death,frantically sheddingher own blood and DRIVING HER BEST MENTALMATERIAL INTO HOPELESS EXILE....
The common people of Haiti are peaceful enough.They have no taste for revolutions.THE FAULT IS NOT WITH THE IGNORANT MANY,BUT WITH THE EDUCATED AND AMBITIOUS FEW.TOO PROUD TO WORK,AND NOT DISPOSED TO GO INTO COMMERCE,THEY MAKE POLITICS A BUSINESS OF THEIR COUNTRY.GOVERNED NEITHER BY LOVE NOR MERCY FOR THEIR COUNTRY,THEY CARE NOT INTO WHAT DEPTHS SHE MAY PLUNGED.NO PRESIDENT ,HOWEVER VIRTUOUS WISE AND PATRIOTIC EVER SUITS THEM WHEN THEY THEMSELVES HAPPEN TO BE OUT OF POWER.
I wish I could say these are the only conspirators against the peace of Haiti but I cannot.THEY HAVE ALLIES IN THE UNITED STATES ...I t so happens that we have men in this country who to accomplish their personnal and selfish ends,will fan the flame of passion between the factions in Haiti and will otherwise assist in setting revolutions afoot.... (Pa bliye se le 2 Janvye 1893 ke F.D t ap pwononse pawOl sa yo)
http://webster.edu/~corbetre/haiti/history/1844-1915/douglass.htm |
|  | | Sasaye Super Star


Nombre de messages: 5132 Localisation: Canada Loisirs: Arts et Musique Date d'inscription: 02/03/2007
Feuille de personnage Jeu de rôle: Maestro
 | Sujet: Re: Aprann pale Kreyol Jeu 1 Avr - 10:16 | |
| Karl, Mwen regrèt ke w panse ma p kritike ayisyen ki pa konn ekri Kreyòl. Okontrè, se yon ankourajman ke m vle bay pou fè lang nou an vinn pi itilize lan kominote ayisyènn nan.
Premyeman, tout ayisyen pale kreyòl. Sa pran yon ti efò sèlman, paske kreyòl se veyikil panse majorite ayisyen, sètadi, yo panse an kreyòl e yo traduy l an franse oubyen lòt lang.
Si m vini avèk yon zouti ki kapab ede lan aprantisaj kreyòl se ede ma p eseye ede. Karl, mwen genyen plis ke karant (40) an depi m kite Ayiti.
Pèsonèlman, mwen aprann li ak ekri kreyòl an 2007. Odebi li on ti jan difisil, men depi w konprann mekanis lang lan, menmjan ak tout lòt lang, li vin natirèl. Si w gade byen, Marc-Henri fè yon gwo pwogrè lan ekri kreyòl, ane pase an 2009. |
|  | | Amoph Star

 Nombre de messages: 414 Date d'inscription: 24/08/2006
 | Sujet: Re: Aprann pale Kreyol Jeu 1 Avr - 11:05 | |
| Se pa yon " poisson d'avril " bagay sa a !!! Amoph |
|  | | Joel Super Star

 Nombre de messages: 8211 Localisation: USA Loisirs: Histoire Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le patriote
 | Sujet: Re: Aprann pale Kreyol Jeu 1 Avr - 11:35 | |
| Amoph, Ki sa ki "Pwason Davril" lan? |
|  | | revelation Super Star


 Nombre de messages: 3073 Localisation: Washington, DC Opinion politique: Senior Financial Analyst Loisirs: walking, jogging, basket, tennis Date d'inscription: 21/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: L'analyste
 | Sujet: Re: Aprann pale Kreyol Jeu 1 Avr - 13:58 | |
| | Citation: | | [b]R39. Concevoir des programmes scolaires utilisant des critères fondés sur des résultats et reflétant les normes nationales. Ces programmes devraient être culturellement pertinents (utilisation du créole) encourager des programmes différents (selon l’âge et l’aptitude), favoriser les programmes STIM (sciences, technologies, ingénierie, mathématiques), utiliser des outils et méthodes d’emploi facile (téléenseignement, médias, internet, etc.), favoriser des stages après l’enseignement secondaire pour avoir une main-d’oeuvre disponible, et des programmes de préparation aux études par le biais d’une approche communautaire conduisant à des études supérieures et à une formation professionnelle. | [/b] Rekomandasyon R39 Diaspora nan konferans lOEA nan Washington, DC rekomande e pale de inpotans kreyol la nan system developman e edikasyon peyi d'Ayiti.
Men neg ti koulout, ponyado, mesken ipokrit prefere femen je yo pou yo pa we. Fok nou sispand itilize lang kreyol sa pou anbisyon politik. Yo toujou kontiniye ap pale e reve de koudeta, koudetaiysm, yon band fenomemm ki finn passe deja.
Mande yo ki jan ke yo we Ayiti nan 10 zan ou 15 zan, yo pap fonti repond paske se dan le passe ke yo ap viv. Yo pa fonti di kija ke yo ta renmen we peyi yo e ki fason ke yo ta renmen we sa rive. Men paranoiya koudeta finn manje sevo yo.
Yo tounnen "zombies" yon pati politik kap vejete sou sije kankou vodou, kreyol, koudeta etc... |
|  | | Joel Super Star

 Nombre de messages: 8211 Localisation: USA Loisirs: Histoire Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le patriote
 | Sujet: Re: Aprann pale Kreyol Jeu 1 Avr - 17:29 | |
| Mwen pa konn a kilès Revelasyon ap pale.Nèg ki ap di w pou yo sispann itilize KreyOl ak Vodou lan "fen politik" se yomenm ki si se yo ki pran bagay yo an men yo pre pou yo di ke KreyOL pa lang ou byen Vodou se relijyon "Satan" Gen menm moun ki konn di sou sit sa a ke Vodou pa relijyon;se pa relijyon tankou sa ki sOti lan Mwayen Oryan yo ,tankou krisyanism ak Islam. Tankou zafè koudeta a ,se kOmsi, sa dan le pase.Retire mesye LONI yo sou teren an e pi n a tande. Maten an mwen ta p tande sou Radyo Signal FM ,yon nonm ki ap di de MONREYAL etan ,pou manifestasyon fèt pou jete PREVAL. Bagay kont KreyOl ,kont Vodou ,koudetayis pèmanan ,se pa bagay ki dan le pase ,se bagay ki lan "ADN" ti nèg! |
|  | | Sasaye Super Star


Nombre de messages: 5132 Localisation: Canada Loisirs: Arts et Musique Date d'inscription: 02/03/2007
Feuille de personnage Jeu de rôle: Maestro
 | Sujet: Re: Aprann pale Kreyol Jeu 1 Avr - 18:10 | |
| Wi Joel,
Yon nèg ki komanse avèk kwotasyon saa:
R39. Concevoir des programmes scolaires utilisant des critères fondés sur des résultats et reflétant les normes nationales. Ces programmes devraient être culturellement pertinents (utilisation du créole) encourager des programmes différents (selon l’âge et l’aptitude), favoriser les programmes STIM (sciences, technologies, ingénierie, mathématiques), utiliser des outils et méthodes d’emploi facile (téléenseignement, médias, internet, etc.), favoriser des stages après l’enseignement secondaire pour avoir une main-d’oeuvre disponible, et des programmes de préparation aux études par le biais d’une approche communautaire conduisant à des études supérieures et à une formation professionnelle.
Ki etabli klèman ki wòl kreyòl kapab jwe lan kilti ayisyen, lan tout matyè, lan tout disyplin atravè tout medya epi entènèt. Epi apre sa, li vinn fè kontadiksyon sou sa li mete a.
Se sa sèlman pou l te mete sou sit la, epi sa ta p souliyen enpotans aktyèl e fiti lang lan.
Ou mèt blye rès sa msye di yo.</STRONG> |
|  | | ginou animatrice


 Nombre de messages: 312 Age: 81 Localisation: USA Loisirs: Internet et lecture Date d'inscription: 06/02/2007
Feuille de personnage Jeu de rôle: L'irresistible
 | Sujet: Re: Aprann pale Kreyol Jeu 1 Avr - 18:26 | |
| Sasaye, Fok ou gen yon ti tolerans pou nou, yon moun tankoum kite lekol CCF epi Me bourdon kote sim pale kreyol map pran pinition mwen bezwen tan pou aprann kreyol pi byen, poum ekri tou. Bonne fete de paques.  |
|  | | revelation Super Star


 Nombre de messages: 3073 Localisation: Washington, DC Opinion politique: Senior Financial Analyst Loisirs: walking, jogging, basket, tennis Date d'inscription: 21/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: L'analyste
 | Sujet: Re: Aprann pale Kreyol Jeu 1 Avr - 18:44 | |
| | Citation: | | Joel di: Tankou zafè koudeta a ,se kOmsi, sa dan le pase.Retire mesye LONI yo sou teren an e pi n a tande | Joel, nou fe memm refleksyon sa tou! Moun te met pale de koudeta jan yo vle!! Pale de sa se yonn, fe'l toutbon vre, se yon lot koze.
Paske nou pa kwe ke gen politisyen ki tap vinn fe je chech e vinn pran you pouvwa "par la force des armes" granjounen jodiya??
Nou pa kwe ke sa kap fet pou pliziye rezon.
Oganizasyon ki sou terren an e ki investi lajan yo nan jwet la pap kite sa rive e pap sipote yon koudeta "gwoponyet". Pep la aprand leson yo! Yo pap pran nan popilist anko! 20 tan de gouvernans ki sot passe la se yon kochmar pou peyi d'Hayiti alarondbade, se pa yon rev!!
Fok nou rebat kat la pou prochen gouvernans nou chita sou yon baz natiyonal e non sou yon baz partizan'n.
Le yon moun prezidan fok li prezidan tout moun(malere kou granneg)! Konsa pap gen koudeta!
Pou zafe comminikasyon an kreyol la sa pap mouri!!
Blan yo pli cho e plis anvi pale kreyol nan lakou potoprins!
Se yon lang ke etranje aprand e pale pli fasilman ke tout lot lang! Se nou memm Ayitisyen ki vle itilize lang sa a de fin politik olye ke nou sosyalize lang nan!
Tout politisyen le yo vle fe rally politik se an kreyol. Men le yo ap diskite zafe inpotan ki konsene pep la, se an franse ke yon vle fe'l!! Le partisipan Diaspora yo te reyini nan l'OEA nan Washington, DC anpil rekomandasyon te fet an kreyol malgre ke delegasyon frankofon e kanadyenn ayisyen an te pale franse kou rat . Anpil ladan yo se ekriven e professe iniversite.
Anpil moun te bay zide yo an kreyol epi neg ki pi fo an angle e france pran note sou papiye. Pat gen pa'nn nan sa!
Men sosyalman se an kreyol ke nou diskite le nou ap pale ou byen le nou ap manje. Konsa peson pa jennen, ni intimide, pou bay opinion yo. Si gen etranje pami nou, par politess, nou pale yon lot lang pou yo sa konprand.
Malediksyon ke nou gennyen se ke nos peres de la patrie se an franse ke yo te deklare independans nou an.
Map mande'm si band indijenn yo ki te reyini sou pls Gonaives la pou vinn tande general yo si yo te konprand sa heroes independans nou yo tap di nan gwo papiye sa.
|
|  | | Sasaye Super Star


Nombre de messages: 5132 Localisation: Canada Loisirs: Arts et Musique Date d'inscription: 02/03/2007
Feuille de personnage Jeu de rôle: Maestro
 | Sujet: Re: Aprann pale Kreyol Jeu 1 Avr - 19:01 | |
| Ginou, Mwen pa konprann poukisa gen moun ki konprann se mal ma p pale yo. Tande byen, mwen sèlman ta renmen ke ayisyen ekri epi li kreyòl paske se lang nou pale. Donk se yon ti feblèss si nou kapab ekri ak li lan tout kantite lòt lang: Franse, Angle, Panyol, Alman, menm Chinwa; epi nou pa konn li ak ekri lang pa nou. Anpil ayisyen pase pa pinisyon ak entèdiksyon paran nou ki te mal avize. Mwenmenm tou. Pou repete, gen sèlman 3 zan depi mwen deside aprann li ak ekri kreyòl. Kote mwen aprann pi fò lan sa m apran se sou FowomAyiti. Lè m wè de neg tankou Joel epi San Malis te konn fè gwo diskisyon. Lè saa, mwen te gen anpil difikilte pou m te swiv mesye yo. Se sak fè mwen pran tout bèt ke m te jwenn pou aprann. Jiskounyea manman m paka konprann kijan mwen kapab li kreyòl, lè mwen li tèks kreyòl pou li. Mwen konnen ke li genyen yon blokaj mantal ki fè l pa vle aprann. Li de lansyèn ekòl. Antouka, mwen vle kle sou motivasyon m. Mwen pa p eseye stigmatize konpatriot. Mwen louvri sije saa paske mwen konnen gen moun ki enterese lan sa. |
|  | | Joel Super Star

 Nombre de messages: 8211 Localisation: USA Loisirs: Histoire Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le patriote
 | Sujet: Re: Aprann pale Kreyol Jeu 1 Avr - 19:17 | |
| Zafè n ap di ke nou pa vle popilis lan,se pawOl lan dezè.Pèp yo jounen jodi an ,lan tout Amerik Latin lan,depi w bayo chwa ,se popilis yo eli. Toutotan nèg ki di yo pa vle gouvènman popilis yo pa chanje,se sa n ap toujou jwenn! Epitou sou zafè koudeta a ,se pou gen pwenn fè pa.Si genyen yon eleksyon e yon gouvènman monte e gen nèg ki ap monte sou radyo pou mande kapote gouvènman sa a;se pou yo non sèlman arete moun sa yo pou sedisyon ,se pou yo fèmen estasyon radyo sa yo tou. Sou bagay sa a ,mwen dakO jan CHAVEZ ap aji an.Misye fèmen 31 estasyon radyo.Bagay koudeta sa a se minen l ap minen peyi Dayiti. Epitou ,pinga moun vin pale de tikoulout jan w tande nèg ap rele gouvènman PREVAL lan sou radyo. Leta pa dwe nèg djOb Leta.Si yon moun vle patisipe lan konstriksyon ou byen rekonstriksyon fonde konpayi prive ,se pa tann djOb Leta! |
|  | | |
Sujets similaires |  |
|
| | Permission de ce forum: | Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum
| |
| |
| |