| | |
| Auteur | Message |
|---|
Joel Super Star

 Nombre de messages: 8211 Localisation: USA Loisirs: Histoire Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le patriote
 | Sujet: BRAVO RONY TIMOTE Ven 7 Mai 2010 - 19:26 | |
| Mwen sot tande yon deklarasyon RONI TIMOTE ,BAZ FANMILAVALAS BÈLÈ,sot fè. Misye di ke malgre diferans li ak prezidan PREVAL,FANMILAVALAS pa p patisipe lan manifestasyon pou jete PREVAL. Misye di ke PREVAL te eli pou 5 an;se pou l fè 5 an l lan.Misye di l ap goumen pou gen eleksyon lib e demokratik ,men li pa lan koudeta. Sa se matirite,RENE CIVIL ap kite nèg manipile l,men sanble ke baz lan pa p swiv li. TIMOTE di li pa p rantre lan alyans ak nèg ki te konspire pou jete ARISTIDE yo e ki jodi an vle ize kapasite mobilizasyon FANMILAVALAS pou regle zafè yo! BRAVO TIMOTE! |
|  | | ainsi ne soit-il Super Star


 Nombre de messages: 1850 Localisation: terre-neuve Loisirs: chiquer du tabac, molester les molosses Date d'inscription: 03/05/2010
Feuille de personnage Jeu de rôle: l'hallucinogène
 | Sujet: Re: BRAVO RONY TIMOTE Ven 7 Mai 2010 - 22:00 | |
| Lè mechan ak pèsekitè remake ke w trankil li toujou pense ke w sot e ke li ka fè w fè tenten tankou'l. Paske Satan pa konn sa yo rele wonte. Li toujou ap seye pyeje w.
Se sa mwen te konn ap di yon seri de nèg: si w ap defann yon koz nobl, si vrèman w kwè lan li, li pa kestyon pou se oportinite pou ap veye. W gen dwa gen diferans e menm chikann ak nèg ki sou pouvwa a men politik pa sipoze tounen yon bagay pèsonèl si se pou enterè nasyonal w ap travay. Se pou nou toujou ap repete refleksyon sa yo e y'ap fini par entre lan zorèy sa ki ka fin koronpi nèt yo.
Tout tantativ sa yo se pou pèp la pa gen vwa ankor ki pou defann li tande. Tout batiman enstitisyon kraze, gouvènman an trè afebli, gen kèlk fors ki ap travay digonen'n pou klouwe sèkèy Ayiti.
Men se pa posibl. Ala kote moun yo mal, yo pi rèd ankor ke sa yo ki te met chenn lan pye zansèt yo wi. Mouche ou manzèl lajan fini ak peyi a. Pou nèg gen odas ap reklame pou Preval pa fini manda, di mwen non, ki ès ki pran nèg sa yo pou moun serye. Baz Fanmi Lavalas Bèlè a gen lè se yon ranpar, tranbleman de tè a gen lè pat kraze'l... Ki lè sa ap fini lan peyi a. Ki lè dezod sa a ap fini. Ki lè Ayisyen ap grandi, ki lè mantè, kankr, bann meprizabl sa yo ap sispann vle pase pou moun. Pèp Ayisyen ap sibi trop anba sanzave. Menm lan moman tèrib sa a, se menm pèfomans kreten y'ap remèt.
Non e non. Pèp Ayisyen pa ka pèmèt li pèdi vwa'l. Antouka, plis Ayiti kraze, se plis mwen renmen'l, se plis mwen respekte e sa ki mouri e sa ki vivan yo. Li lè pou tout nèg ki gen lajan yo ki ap fè byen lan peyi a, tout sa ki te menm gen entansyon kandida pou vin prezidan, li lè po yo poze yon jès. Se le moman pou yo denonse jan de bagay sa yo. Li lè pou yo rekonèt ke Fanmi Lavalas se yon fós, pou yo aji tou kontr tantativ pou fè li tounen folklor. |
|  | | Thunder Super Star


 Nombre de messages: 4196 Localisation: Planet Earth (Milky Way Galaxy) Loisirs: Target Practice, Sports Cars, Konpa... Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le gardien
 | Sujet: Re: BRAVO RONY TIMOTE Ven 7 Mai 2010 - 23:46 | |
| Jiska prezan chimè ki te konn ap souse peyi an gras ak chèk zonbi ke chèf yo te konn ba yo ap kriye toujou, se nòmal. Men malerèzman pou yo, piyay lan fini. Kòman ke chimè ki te ekzekite eleksyon malatchyonn lane 2000 yo, fè ap pale de "eleksyon lib" jounen jodia? Ki moralite sanzave konsa genyen? ...yo te mèt kontinye kriye nan yon grenn zye, pouvwa chimerik yo bankwout. Sa ki pa dakò, bwè pwazon. |
|  | | ainsi ne soit-il Super Star


 Nombre de messages: 1850 Localisation: terre-neuve Loisirs: chiquer du tabac, molester les molosses Date d'inscription: 03/05/2010
Feuille de personnage Jeu de rôle: l'hallucinogène
 | Sujet: Re: BRAVO RONY TIMOTE Sam 8 Mai 2010 - 0:26 | |
| Manyè pale kose met tèt ansanm olye ke w ap radote. Sanble ke plen moun ki ap reflechi tankou w. Gade ti-mal, mwen konn 2-3 bagay ki pase lan peyi a. W gen dwa pense ke Aristide te lage w, mwen gen dwa trouve ke misye te manke fèm sou yon bann kestyon, men sa pa yon rezon pou krisifye misye.
Aristid te flechi. Nou gen dwa di ke se sou pretèk pou li te sove vi jenn gason ki t'ap milite sove. Men nou pa janm bay misye le bénéfice du doute. Menm lè nou pa jenen fè dyèlè ke nou ap fè koleksyon zam ak oto...
Nou refize poze tèt nou kestyon pou ki sa tout goumen sa yo. Non, depi ke se yon nèg ki kanpe devan w, w vle pou disparèt li, men lè se yon zot, w jis bese tèt a w. Alor se yon façon de parler.
Gade, mwen kwaze jenn gason ki t'ap milite lan lavalas e ki te bije pran lekzil menm sou Aristid. (Men gen nèg Lame ki t'ap pran lekzil sou jean-claude. Men lè mwen t'al pale ak yo, se pa menm paske yo kontr JCD. Se pa de detay mezanmi. Anpil bagay drol ki t'ap pase.
Li lè pou Ayisyen sispann trivyalite. Li lè pou sispann sèvi ak nom peyi a tankou yon vye bouzen ke nou ap ekplwate lan vye aktivite'n. Nou bay anvi vomi lè nou fkontinye ap kritike Aristide. Olye ke nou al chita reflechi, nou jis ap di zot ak tradiktè li yo ke 300.000 moun ki mouri pou anyen pa ase. |
|  | | Thunder Super Star


 Nombre de messages: 4196 Localisation: Planet Earth (Milky Way Galaxy) Loisirs: Target Practice, Sports Cars, Konpa... Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le gardien
 | Sujet: Re: BRAVO RONY TIMOTE Sam 8 Mai 2010 - 0:59 | |
| Okontrè se nou menm ki bay anvi vomi, lè ke nou vle fè sanginè ki rele Aristide lan pase pou ti Jezi nan po krab. Aristide pa t ap jan ka lage m, paske mwen pat janm avè l.
Atansyon Ti Ben! Si w vle fè sa vinn pèsonèl, mare tèt wou sere.
Si pou moun pa kritike Aristide, fòk yo pa kritike pèsonn donk?
Mwen konnen ke verite fè nou rouji, men se sèl bagay ki pa rete sere pou lontan.
Sa ki pa kontan, bwè pwazon. |
|  | | Thunder Super Star


 Nombre de messages: 4196 Localisation: Planet Earth (Milky Way Galaxy) Loisirs: Target Practice, Sports Cars, Konpa... Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le gardien
 | Sujet: Re: BRAVO RONY TIMOTE Sam 8 Mai 2010 - 1:11 | |
| Mwen di nou sa deja, nou paka bafwe m. Si nou pa vle ke moun vomi ban nou, se pou nou sispann mete dlo santi anba nen yo. Alò, se pou m ta chita ap gade nou k ap sal repitasyon tout moun pandan ke vrè sanginè an li menm n ap benyen l ak siwo myèl? Pa genyen kk konsa, baton ki bat chyen nwè an, ap oblije bat chyen blan an tou. |
|  | | Joel Super Star

 Nombre de messages: 8211 Localisation: USA Loisirs: Histoire Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le patriote
 | Sujet: Re: BRAVO RONY TIMOTE Sam 8 Mai 2010 - 7:36 | |
| | Thunder a écrit: | | Mwen di nou sa deja, nou paka bafwe m. Si nou pa vle ke moun vomi ban nou, se pou nou sispann mete dlo santi anba nen yo. Alò, se pou m ta chita ap gade nou k ap sal repitasyon tout moun pandan ke vrè sanginè an li menm n ap benyen l ak siwo myèl? Pa genyen kk konsa, baton ki bat chyen nwè an, ap oblije bat chyen blan an tou. |
Ou mèt griji.ARISTIDE se sanginè,plak lan kole;jwe l jis li kraze. Ou te mèt sote ponpe ,voltije,pete jis ou sal kanson w;ARISTIDE PA T SANGINÈ! |
|  | | Thunder Super Star


 Nombre de messages: 4196 Localisation: Planet Earth (Milky Way Galaxy) Loisirs: Target Practice, Sports Cars, Konpa... Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le gardien
 | Sujet: Re: BRAVO RONY TIMOTE Sam 8 Mai 2010 - 7:55 | |
| Mwen pa menm ale pi lwen, m ap jis montre w kijan de pasaj biblik ke chèf wou a renmen. | Citation: |
If anyone believes that President Aristide is a kind and amiable person, they haven't read his first publication : 100 Vese de Deckoukaj - Va-t-en Satan (1986) *. One hundred bible verses were chosen and illustrated to explain how to uproot undesirable elements of the Haitian society.
Such verses and comments are explicit by themselves:
"Som 58, 8a : Se pou yo disparet tankou dlo lavalas kap koule desann - Si n pa kontinye teke, y ap remonte kouran an. " (JBA comment) (They have to disappear like the impetuous torrent water that goes down the mountain) - If we don't continue hiting, they could come back up stream)
"Som 58, 4b : Moun kap bay manti gen madichon depi nan vant manman yo - Yo deja mò red"(JBA comment) (Those who lie are cursed since the time they were in their mother's womb - They are already quite dead)
"Jeremi 5, 13: Map fe pawol mwen mete nan bouch ou tounen yon dife: Dife a pral boule yo net - Lap boule yo net net net… " (the illustration shows a person burning in a big flame above JBA comment) (I shall have the words I have put in your mouth turn to fire. Fire that will completely consume them . -It will consume them completely, completely, completely.)
"Jeremi9, 7 Mwen pral pase yo nan dife, pou m netwaye yo - Yo k cheche sa " (JBA comment) ( I shall pass them through fire in order to clean them up - They looked for it)
"Som 58, 40 Malveyan yo peveti depi nan vant maman yo - Yo toupatou . " (JBA comment, illustrated with a pregnant woman) (Evil doers are already perverted since they were in their mother's womb - One can find them everywhere)
"Som 58, 10b Bondye ap fè kole lap rache yo pandan yo tou vivan - Malouk! Men…" (JBA comment) (God is irritated at them he slices them to pieces while they are alive. - Hard! But….)
"Jeremi 22, 19 Y ap antere l tankou chen, yap trennen kadav li, yap voye l jete byen lwen… - Ak rezon " (JBA comment) ( They should be buried like dogs, their cadavers are just desecrated and thrown away, very far away... - And that's right)
|
|
|  | | Thunder Super Star


 Nombre de messages: 4196 Localisation: Planet Earth (Milky Way Galaxy) Loisirs: Target Practice, Sports Cars, Konpa... Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le gardien
 | Sujet: Re: BRAVO RONY TIMOTE Sam 8 Mai 2010 - 8:03 | |
| Pou jan lavalas bwè san moun nan peyi an, men fanatik yo pa vle ke yo rele yo sanginè? Se yon ensilt pou memwa viktim yo. Si yo poko peye pou krim ke yo fè, omwen se pou moun denonse yo. Wè pa wè Aristide genyen pou l reponn devan lajistis peyi an, oubyen lajistis menm zouti ke l renmen yo. Se sa ki fè ke mwen pa ka tann pou misye rantre an Ayiti. Si gouvènman ki ap an plas lè sa a, pa pran responsabilite l, genyen sitwayen k ap pran responsabilite pa yo. Se pa yon menas ke mwen fè, se jis yon prediksyon, yon avètisman. |
|  | | Joel Super Star

 Nombre de messages: 8211 Localisation: USA Loisirs: Histoire Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le patriote
 | Sujet: Re: BRAVO RONY TIMOTE Sam 8 Mai 2010 - 9:39 | |
| Wi retounen ak 100 vèsè menm jan nou te fè l apre premye koudeta a NA YAN! Nou pa p gen kontwòl près lan toutan .Lè y a ekzamine wòl ak konplisite ti nèg lan koudeta yo ,ki kòz de milye moun pèdi la vi yo... Menm jan Lajantin ak Uruguay fè l ,fò k gen pwose koudeta yo kanmenm ,pou ti nèg pa janm tante fè sa ankò. OU TE MÈT GRIJI,SOTE PONPE,VOLTIJE ;ARISTIDE PA T SANGINÈ! |
|  | | ainsi ne soit-il Super Star


 Nombre de messages: 1850 Localisation: terre-neuve Loisirs: chiquer du tabac, molester les molosses Date d'inscription: 03/05/2010
Feuille de personnage Jeu de rôle: l'hallucinogène
 | Sujet: Re: BRAVO RONY TIMOTE Sam 8 Mai 2010 - 10:55 | |
| Koze mare tèt sere sa a al pale'l ak zanmi a w. Gen nèg ki ta renmen la jodi a lè yo tande ke jenn gason lapolis lan moeurs ak formatè blan pou yo ka pase e pi jwenn promosyon. Yo bezwen tounen. Mwen konen ke anpil se ti kob y'ap ranmase pou vin aletranje. E lè yo vin chita bor isit, se menm tenten y'ap vinn repete tankou w.
Al pale vye koze tèt mare ak moun ki kalibr w. Pandan moun ap reflechi, w pa sipoze vin fè vye prediksyon.
Tande pale w. Djèlè. Bwat pawol a w fini, koulye a w ap fè menas pou tounen. E poukisa w pa di ki sa k te fè w ale.
Se pa pèsonèl, se jis ke w ap pale pawol gaye e ki jis konsène anbisyon pèsonèl w. Kote moun evolye, pa gen zafè chita ap fè medizans, ap envante istwa criminèl sou lot moun. W gen dwa seye fè zen mache men w pa sipoze ap atake moun jiskaske w ap akize Aristid de sanginè.
Tande, te gen yon blan ki te joure'm Duvalier. E pi li di'm ke li se yon ansyen polisye, li menase'm ke li konn tout fason pou li ta kraze zo a'm. Mwen te jis reponn li: "No wonder you're no longer a policeman." Alor Thunder, m'ap kroke kilot a w, si w pense ke w ka fè chantaj. Sispann ranse, radote.
Ap vinn di ke gen sitwayen ki prepare pou al fè ki sa mwen pa konen. Jodi sila, pou vye nèg ap pense a konfrontasyon nil, ak vyolans, ak divizyon lè anpil moun pa ka mache pa pale pou kouri.
Mon chè, w jis se bri loraj, menas. Lè w finn pase, ki sa moun wè? Solèy. Solèy pa fè bri tankou van. Mwen deja tande vents contraires ki al kanpe lwen, paske nou te pale yo pou sispann voye pawol mechan.
Fè yon efor. Gad Mike Tyson jodi a. Misye pa tounen sa yo rele yon feblès non, men li aprann ke A boxer, that's what he is and not who he is. And you, who are you? Se senpl. Yo brase misye paske li se yon vrè toro. Misye se yon survivor. |
|  | | Thunder Super Star


 Nombre de messages: 4196 Localisation: Planet Earth (Milky Way Galaxy) Loisirs: Target Practice, Sports Cars, Konpa... Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le gardien
 | Sujet: Re: BRAVO RONY TIMOTE Dim 9 Mai 2010 - 16:04 | |
| | Joel a écrit: | Wi retounen ak 100 vèsè menm jan nou te fè l apre premye koudeta a NA YAN! Nou pa p gen kontwòl près lan toutan .Lè y a ekzamine wòl ak konplisite ti nèg lan koudeta yo ,ki kòz de milye moun pèdi la vi yo... Menm jan Lajantin ak Uruguay fè l ,fò k gen pwose koudeta yo kanmenm ,pou ti nèg pa janm tante fè sa ankò. OU TE MÈT GRIJI,SOTE PONPE,VOLTIJE ;ARISTIDE PA T SANGINÈ! |
Joel sispann radote, kesyon an senp: eske 100 Vèsè yo se pawòl yon saj oubyen yon sanginè? |
|  | | Thunder Super Star


 Nombre de messages: 4196 Localisation: Planet Earth (Milky Way Galaxy) Loisirs: Target Practice, Sports Cars, Konpa... Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le gardien
 | Sujet: Re: BRAVO RONY TIMOTE Dim 9 Mai 2010 - 16:18 | |
| | martine la tourmente a écrit: | Koze mare tèt sere sa a al pale'l ak zanmi a w. Gen nèg ki ta renmen la jodi a lè yo tande ke jenn gason lapolis lan moeurs ak formatè blan pou yo ka pase e pi jwenn promosyon. Yo bezwen tounen. Mwen konen ke anpil se ti kob y'ap ranmase pou vin aletranje. E lè yo vin chita bor isit, se menm tenten y'ap vinn repete tankou w.
Al pale vye koze tèt mare ak moun ki kalibr w. Pandan moun ap reflechi, w pa sipoze vin fè vye prediksyon.
Tande pale w. Djèlè. Bwat pawol a w fini, koulye a w ap fè menas pou tounen. E poukisa w pa di ki sa k te fè w ale.
Se pa pèsonèl, se jis ke w ap pale pawol gaye e ki jis konsène anbisyon pèsonèl w. Kote moun evolye, pa gen zafè chita ap fè medizans, ap envante istwa criminèl sou lot moun. W gen dwa seye fè zen mache men w pa sipoze ap atake moun jiskaske w ap akize Aristid de sanginè.
Tande, te gen yon blan ki te joure'm Duvalier. E pi li di'm ke li se yon ansyen polisye, li menase'm ke li konn tout fason pou li ta kraze zo a'm. Mwen te jis reponn li: "No wonder you're no longer a policeman." Alor Thunder, m'ap kroke kilot a w, si w pense ke w ka fè chantaj. Sispann ranse, radote.
Ap vinn di ke gen sitwayen ki prepare pou al fè ki sa mwen pa konen. Jodi sila, pou vye nèg ap pense a konfrontasyon nil, ak vyolans, ak divizyon lè anpil moun pa ka mache pa pale pou kouri.
Mon chè, w jis se bri loraj, menas. Lè w finn pase, ki sa moun wè? Solèy. Solèy pa fè bri tankou van. Mwen deja tande vents contraires ki al kanpe lwen, paske nou te pale yo pou sispann voye pawol mechan.
Fè yon efor. Gad Mike Tyson jodi a. Misye pa tounen sa yo rele yon feblès non, men li aprann ke A boxer, that's what he is and not who he is. And you, who are you? Se senpl. Yo brase misye paske li se yon vrè toro. Misye se yon survivor. |
Sa w di Frankie-Boukie alyas Lanslo alyas Ti Ben alyas Martine, Pa genyen mask pou w mete nan figi w, pa genyen koulè pou w pentire panse w, pa genyen sex pou w pran... pou w pa toujou kite menm tras lan dèyè w. Se menm jan ak benyen, poudre, mete pafen pou yon , l ap toujou rele "hhhwonk!" nan fen jounen an kanmenm.
Aristide se yon sanginè ki bwè san moun kòm diven. Sa ki pa kontan, bwè pwazon. Paske tout fè yo la, san moun yo koule vre, lavalas chaje ak eskelèt nan klozèt yo. |
|  | | ainsi ne soit-il Super Star


 Nombre de messages: 1850 Localisation: terre-neuve Loisirs: chiquer du tabac, molester les molosses Date d'inscription: 03/05/2010
Feuille de personnage Jeu de rôle: l'hallucinogène
 | Sujet: Re: BRAVO RONY TIMOTE Dim 9 Mai 2010 - 16:54 | |
| Mwen pa bezwen w di'm kote w soti. Danse konpa w, foubi fizi w, benyen lan kkontradiksyon a w. W ap chèche asosye. Retire sa lan san w. Kote w pase w pense ke w ka fè lapolis. M'ap tou di w sa, menm lan vrè vi, polisye pa vle di anyen pou mwen. A chacun son métier. W pa ase eklere pou diskite de sa k'ap fèt de byen lan peyi a. Si se pa de akizasyon, de medizans, de konchonri, w pa lan bol w. Tout la sent jounen, se Aristid sesi sela, zege a gen yon fiksasyon sou pèsonaj ki pase lan forum yo. Yo domine'w, nèspa. Men pa gen sa menm ak matyè ki konstitye sèvo w la. No wonder you're no longer a policeman. Sèvo sa grosè yon ti grenn pistach.
W anraje. Si m'te gen pèmisyon e si mte dispoze pou joure, mwen ta montre w ke bwat jouman w pa kont. Kote se betiz grosyète w ka di, m'ap voye'w al reflechi. E chak fwa, se rayi w ap pi rayi'm paske w pa ka debloke lan sa w roule. Woy!
Gade ti-mal, tafya pa fè w du bien. Si se pèsekitè w ye, li lè pou al chèche yon lot klyan. W te mèt wotè syèl la, depi w se lach, m'ap takle'w.
Bonne fête des mères (LOL) |
|  | | Thunder Super Star


 Nombre de messages: 4196 Localisation: Planet Earth (Milky Way Galaxy) Loisirs: Target Practice, Sports Cars, Konpa... Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le gardien
 | Sujet: Re: BRAVO RONY TIMOTE Dim 9 Mai 2010 - 17:30 | |
| Lanslo, Mwen di w sa deja, ti jouman kwèdèk p ap janm rive sou mwen. Mwen konnen ki kote ke m sòti e mwen fyè de sa. Wou abitye di ke lapoplis toujou ap kanpe w pou poze w kesyon tout kote ke w pase, "No wonder" ke w pa renmen Lapolis. Epoutan mwen pa janm jwenn polisye ke kanpe m pou poze m kesyon. L' habit ne fait pas le moine, mais l'habit fait reconnaitre le moine(lol). Si figi w sanble yon sanginè, se nòmal pou polis kanpe w tout jounen. Se pa "Profiling" non, se jis ke yo si se figi atoufè yo ki fè plis zak, alò ke nou kanpe figi atoufè sa yo(lol). Kesyon de "eklere" an pa vinn avè l non paske chevalye pòlka w Joel ka pran abò w. Mwen si e sèten ke w p at genyen paran ki pou te fè elevasyon w, oubyen san dout ke yo p at renmen w, paske fòk wou ta konnen ke zafè "eklere" sa a se enbesil sèlman ki itilize l. Sispann ranse! Sispann aspèje dlo santi sou moun, si w pa vle ke yo vomi sou wou. Pale de lòt bagay olye de preche levanjil selon Aristide. Mwen ba nou defi. ... Fè 3 jou san nou pa pale de Aristide oubyen tire pwen pou m montre nou ke n ap bèbè. Se sèl wou menm nan tout patisipan sou fowòm nan ke yo te mete deyò pou tapajism, ensolans, vagabondaj, malpouwontism, san vègònism, sanzaveyism... Tout mesaj wou yo efase sou fowòm nan, menm w jwenn fason pou pase par la petite porte pou w kontinye menm kanpay kraze fowòm wou an. Mwen ta swete w bonne fèt des meres tou, men mwen pa konnen si w konnen sa sa vle di. bbbbbbsil! |
|  | | Rico Super Star


 Nombre de messages: 6511 Localisation: inconnue Loisirs: néant Date d'inscription: 02/09/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: dindon de la farce
 | Sujet: Re: BRAVO RONY TIMOTE Dim 6 Juin 2010 - 14:42 | |
| Thunder kote m te ye pou madoda ak lot lavalaso-prevalyen fè konnen se rico kap kritike yo koken ,kowonpi, volo ak latriye. Wi tout sa mwen di yo gen evidans se la verite. Se blan kap pase sou kote pou fouke yo pou drog, pou koripsyon meriken. Pandan bann visye dwèt siperyè long pa mete la jistis an aksyon, paske komanditè, sitirèz se yo menm leta ak gouvenman.
Gade koman mouche janm kokoye, mesye TITINE LATOUMANT voye kont flè, te fè remake se menm tris pèsonaj pase yo ki retounen sou non yon travesti. TONAS BONN FWA M TRAVAY KONT MWEN. KONTREMAN SAYO ABITYE DI KONT MWEN, RICO SE YON BONAS KI TE PRAN NAN PYÈJ KOKEN.
Marc-Henry tonas koken retounen pou sabote w anko kite nou pale ak li. Wou premye konnen malore mizerab sa pap fè lonfe sou forom lan. Rekonèt se yon mechan malad, Thunder ap echanje ak li, li komanse vye radot li yo. Malgre sa mwen pa te okouran pos sa, mwen tonbe pale dous ak mechan madoda pou yon fanm , kite m mete pou 66 kole a. Pa bloke pos yo. |
|  | | |
Sujets similaires |  |
|
| | Permission de ce forum: | Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum
| |
| |
| |