Men ou gen tan gen defo.
Alòs pou mwen pa t konnen ke SONTHONAX se te yon komisè?
Bagay yo aprann timoun menm lan lekòl primè ann Ayiti?
Ou bezwen vire konvèsasyon an.
Pwen mwen bezwen fè ke pwoklamasyon an se Kreyòl li te pibliye lan SENDOMENG.Rezon an ,sè ke pa t gen moun ki te pale franse lan koloni an.
si w te pale franse ,sè ke w te emigre sòti lan rejyon ""ile de France"" lan.Si w te fèt lan SENDOMENG,ou te mèt blan ,se Kreyòl ou te pale.
epi al reli pwoklamasyon an ,fout tonnè,si w pa konprann Kreyòl SONTHONAX lan ,li te tradwi an franse.
Li li byen ,misye te fè konsideran ,lan sa ki t ap pase lan koloni an;se pou misye te bay yon kontrepwa ak PANYÒL ak ANGLE yo.
Mwen te li MADIOU ak ARDOUIN depi m te tinedjè.
Gade dat ,Assemblée Constituante lan te pibliye deklarasyon pa yo an;se te an 1794;SONTHONAX limenm te pibliye pa li an ,an 1793.
Lè w vle fè konesè ,konnen de ki sa w ap pale1