Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti

FOROM AYITI : Tèt Ansanm Pou'n Chanje Ayiti.
 
AccueilAccueil  GalerieGalerie  PortailPortail  CalendrierCalendrier  FAQFAQ  RechercherRechercher  S'enregistrerS'enregistrer  MembresMembres  GroupesGroupes  Connexion  

Partager | 
 

 Jacques Edouard Alexis kandida a la prezidans pou Espwa-Inite

Voir le sujet précédent Voir le sujet suivant Aller en bas 
Aller à la page : 1, 2, 3  Suivant
AuteurMessage
Rico
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages: 6511
Localisation: inconnue
Loisirs: néant
Date d'inscription: 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

MessageSujet: Jacques Edouard Alexis kandida a la prezidans pou Espwa-Inite   Mar 11 Mai 2010 - 17:33

Ansyen premye minis Jacques Edouard Alexis ki te konnen yon soti an katastrof apre chanm Sena fe flanke l kanè kom yon pa bon, yon nilite kom premye minis. Kisa mwen tande tris pèsonaj sa deklare kandisa pou Espwa-Inite. Pwiske bann zobop 2 pati sayo divize. Alos kom chef zobop Alexis reklamen tèt li chef 2 bann madiga mal maske sayo.


Adyero koken ansyen minis, domestik Preval genyen yon dosye kriminèl byen long devan gouvenman Kanada. Depwi kèlke tan li gen van nan vwal li . Li mande pou kanada fè retrè kote yo rann li konplis nan zak maspinaj, touyado kretyen vivan nan Kafou Fèy. Kote gouvenman l pa di yon mo, te rete nan koken pou louvri yon ankèt serye. Pa janm gen rezilta sou zak malonèt sayo.

Poutan byen brodè ap jwe frekan nan mande pou Kanada prezante eskiz, bali dwa lib ak libè pou rantre pa bo isit. Adeyro a la kote ti nèg san ront pou kanpe nan jwe frekan apre tout magouy, blof, mansonj yon rejim ki depafini ak peyi dAyiti.

Se komsidire se selman , trichè, blofè, magouyè, manipilatè, visye ki gen dwa site nan ti peyi sa. Antouka Alexis Abraham di setase fwa sa bagay yo pap fasil, rat do kAle, domestik Preval pa gen plas yo. Pèp la bouke ak koken.
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
revelation
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages: 3073
Localisation: Washington, DC
Opinion politique: Senior Financial Analyst
Loisirs: walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription: 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

MessageSujet: Re: Jacques Edouard Alexis kandida a la prezidans pou Espwa-Inite   Mar 11 Mai 2010 - 19:32

Citation:
Rico di: Kisa mwen tande tris pèsonaj sa[JE Alexis] deklare kandisa pou Espwa-IniteJacques Edouard Alexis kandida a la prezidans pou Espwa-Inite
Ki kote ke w tande nouvel saa nom fre??
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
Thunder
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages: 4196
Localisation: Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs: Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription: 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

MessageSujet: Re: Jacques Edouard Alexis kandida a la prezidans pou Espwa-Inite   Mer 12 Mai 2010 - 0:25

Si se menm mesye sa yo ke nou ap toujou genyen nan tèt peyi a, konnen ke Ayiti pa genyen chans vre. Se sèl moun ensanse ki pou ap tann yon rezilta diferan pou menm bagay ke li ap fè chak jou an. Se domaj ke politisyen sa yo tèlman sal politik, pa genyen moun ki respekte tèt yo ki pral antre nan bagay konsa fasilman. Kilè ke pèp lan va genyen yon pi bon chwa?
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
Rico
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages: 6511
Localisation: inconnue
Loisirs: néant
Date d'inscription: 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

MessageSujet: Re: Jacques Edouard Alexis kandida a la prezidans pou Espwa-Inite   Mer 12 Mai 2010 - 11:51

revelation a écrit:
Citation:
Rico di: Kisa mwen tande tris pèsonaj sa[JE Alexis] deklare kandisa pou Espwa-IniteJacques Edouard Alexis kandida a la prezidans pou Espwa-Inite
Ki kote ke w tande nouvel saa nom fre??



Mercredi, 12 mai 2010 09:49
Jacques Edouard Alexis condamne le comportement anti démocratique de l'opposition


<TABLE border=0 cellSpacing=1 cellPadding=1 width=1 align=left height=1>


<TR>
<td width="100%"></TD></TR></TABLE>Depuis le renversement de son gouvernement en avril 2008, l'ex-Premier Ministre Jacques Edouard Alexis avait adopté une nouvelle stratégie. Tout en poursuivant son activité politique en tant que coordonnateur de Lespwa, M. Alexis s'était gardé de faire des commentaires dans les medias sur la vie politique.

Hier 11 mai, l'ex-Premier Ministre a mis un terme à son silence pour condamner la démarche des leaders de l'opposition qui veulent renverser le gouvernement de Préval.

Ces dernières semaines les dirigeants de l'opposition ont organisé des manifestations antigouvernementales dans plusieurs villes afin de favoriser l'avènement d'un gouvernement de transition.

M. Alexis rejette cette option qui a causé trop de torts au pays. Il estime que ces dirigeants de partis veulent un gouvernement de facto parce qu'ils ne peuvent conquérir le pouvoir par la voie des urnes. L'impopularité est donc le vrai motif du mouvement de ces leaders qui sont également opposés a la tenue des élections insiste M. t-il.

M. Alexis qui dit avoir constaté les dégâts causés par le gouvernement de transition de 2004- 2006 appelle à l'organisation des élections. Il invite les acteurs politiques à œuvrer pour éviter un vide constitutionnel qui peut engendrer une grave crise.

Dans le même temps, l'ex Premier Ministre caresse le désir d'accéder à la magistrature suprême de l'Etat. Il a tenu a rappeler qu'il est un membre de Lespwa et Inité, le mouvance présidentielle au pouvoir.

Cependant Jacques Edouard Alexis affirme qu'aujourd'hui il n'est pas officiellement candidat mais il continue sa réflexion sur cette option.

M. Alexis a apporté son appui à René Préval, 24 heures après la première grande manifestation antigouvernementale de l'opposition depuis 2006.
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
Sasaye
Super Star
Super Star


Nombre de messages: 5132
Localisation: Canada
Loisirs: Arts et Musique
Date d'inscription: 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

MessageSujet: Re: Jacques Edouard Alexis kandida a la prezidans pou Espwa-Inite   Mer 12 Mai 2010 - 11:55

Alò!
Kilès ke nou ta vle?

Vini avèk sigjestyon.
Daprenou, kilès ki ta kapab fè travay la pi byen?
E di poukisa.
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
Sasaye
Super Star
Super Star


Nombre de messages: 5132
Localisation: Canada
Loisirs: Arts et Musique
Date d'inscription: 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

MessageSujet: Re: Jacques Edouard Alexis kandida a la prezidans pou Espwa-Inite   Mer 12 Mai 2010 - 11:57

Cependant Jacques Edouard Alexis affirme qu'aujourd'hui il n'est pas officiellement candidat mais il continue sa réflexion sur cette option.

Extrait de la même source.
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
Rico
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages: 6511
Localisation: inconnue
Loisirs: néant
Date d'inscription: 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

MessageSujet: Re: Jacques Edouard Alexis kandida a la prezidans pou Espwa-Inite   Mer 12 Mai 2010 - 12:09

Sasaye a écrit:
Cependant Jacques Edouard Alexis affirme qu'aujourd'hui il n'est pas officiellement candidat mais il continue sa réflexion sur cette option.

Extrait de la même source.


Bon sanble w se blan franse pou refize konprann parol daki koken. Alos pran byen sans ti nèg kap triche, ki vle pase yon mesaj.
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
Joel
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages: 8211
Localisation: USA
Loisirs: Histoire
Date d'inscription: 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

MessageSujet: Re: Jacques Edouard Alexis kandida a la prezidans pou Espwa-Inite   Mer 12 Mai 2010 - 13:19

Kelkelanswa sa moun genyen kont JACQUES EDOUARD ALEXIS,misye se youn lan moun ki pi byen pare pou l dirije peyi an.Misye pa gen anpil pou l aprann,li gen eksperyans lan tout kò l.
Moun ki ap rele l koken yo,se griji y ap griji.Mesye gen dwa poze kandidati l e si pèp lan panse gen yon lòt moun ki ka fè djòb lan pi byen ke li;pèp lan a chwazi lòt moun lan,se sa sèlman!
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
alex jacques
Star
Star


Masculin
Nombre de messages: 836
Localisation: Haiti
Date d'inscription: 23/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Fou de son pays

MessageSujet: Re: Jacques Edouard Alexis kandida a la prezidans pou Espwa-Inite   Mer 12 Mai 2010 - 16:05

Tout citoyen Haitien ayant 35 ans, qui n'a pas rejete sa nationalite (une foutaise, je suis pour la double nationalite), reside en haiti depuis les cinq dernieres annees peut etre candidat a la presidence.

Guy Phillipe, Dany Toussaint, Aristide, Preval, Fevry, Kaplim etc etaient candidats a la presidence, et pourquoi pas Alexis?
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
Rico
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages: 6511
Localisation: inconnue
Loisirs: néant
Date d'inscription: 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

MessageSujet: Re: Jacques Edouard Alexis kandida a la prezidans pou Espwa-Inite   Mer 12 Mai 2010 - 16:12

alex jacques a écrit:
Tout citoyen Haitien ayant 35 ans, qui n'a pas rejete sa nationalite (une foutaise, je suis pour la double nationalite), reside en haiti depuis les cinq dernieres annees peut etre candidat a la presidence.

Guy Phillipe, Dany Toussaint, Aristide, Preval, Fevry, Kaplim etc etaient candidats a la presidence, et pourquoi pas Alexis?


Nan pwen moun ki di pèsonn pa dwe kandida. Selman yon nilite, blofè, ki pa remèt anyen. An plis fèmen je sou zak kiminèl, maspinaj mwen di se ensilt, odas pran moun pou enbesil.

Mwen refize aksèpte l kom prezidan m. Genyen kritè dabo pou fè yon bon prezidan. Zafè tout bizango, magouyè, genyen mounpa yo, chimè ak delenkan pa yo ki kwè yo kap genyen pouvwa se byen reflechi.

Tankou makout la te gen Boss Pent pa yo, vagabon kap terorize bon pèp, mete panik pou genyen rezon, sèvi ak manipilasyon vye kwapwonay. Alos si zot vle mache , kwè nan salopri konsa se dwa yo .
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
alex jacques
Star
Star


Masculin
Nombre de messages: 836
Localisation: Haiti
Date d'inscription: 23/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Fou de son pays

MessageSujet: Re: Jacques Edouard Alexis kandida a la prezidans pou Espwa-Inite   Mer 12 Mai 2010 - 16:24

Mwen konprann ou Rico, konsa ou vote pou you lot kandida, se dwa-w pou kont ou pou you kandida.

Nan ka sa-a, pa gen you Ayisyen ki kalifye pou prezidan, paske se resikle nou toujou ap reklikle menm

magouye ki sou senn politik la depi konkonm t'ap goumen ak berejen.

Yo tout se blofe, vole, demagwog. Alos, ki le n'ap deside pou nou renouvle klas politik Ayisyenn lan?
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
Rico
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages: 6511
Localisation: inconnue
Loisirs: néant
Date d'inscription: 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

MessageSujet: Re: Jacques Edouard Alexis kandida a la prezidans pou Espwa-Inite   Mer 12 Mai 2010 - 18:23

alex jacques a écrit:
Mwen konprann ou Rico, konsa ou vote pou you lot kandida, se dwa-w pou kont ou pou you kandida.

Nan ka sa-a, pa gen you Ayisyen ki kalifye pou prezidan, paske se resikle nou toujou ap reklikle menm

magouye ki sou senn politik la depi konkonm t'ap goumen ak berejen.

Yo tout se blofe, vole, demagwog. Alos, ki le n'ap deside pou nou renouvle klas politik Ayisyenn lan?


Mwen toujou vle fè atansyon ak moun nou toujou di kap fè politik depi nan konkonm. Nou dwe byen reflechi nan voye parol sayo voye monte. Nou dwe mande pou komanse pou ki se moun sayo ki toujou la. Men saki anpeche nou pa genyen lot moun.


Pou mwen nou ta dwe genyen anpil respè pou moun yo. Si nou byen konprann ak sakap pase nan peyi dAyiti. Nou pa vreman reflechi sou kèksyon sa. Nou lese emosyon ak kolè kap fè nou di tout vye koze. MWEN TOUJOU DI NOU ZAFÈ LAVALAS SA SE YON BOULSHIT, YON DERANJMAN POU PEYI DAYITI. Chans nou te genyen ak solidarite ki te flanke koken Aristide sou pouvwa pou te relanse peyi sa, nou pèdi li.

Poutan Aristide te lwen yon politisyen tradisyonèl kite sou moun. Li te senplemenan yon lidè karismatik ki tap voye monte. Se pou nou di politisyen tradisyonèl fè yon trèv, yo te prefere pouse l sou pouvwa pou mete klas politik la dako san tonbe nan chire pit. Te genyen moun tankou K plim, Tuneb Delpe, Gerad Pierre Charles, Benoit ak latriye.


Kisak rive Aristide ki te sanble yon relijye plen jistis ak moralite roule tout moun nan farinn. Poutan se sayo te rele nouvo vizaj kap pale yo te kwè kap vini chanje bagay yo. Pou mwen kelke swa yon Manigat, K plim, Benoit mwen kwè nou pa ta janm ,nan betiz Aristide ak Preval mennen nou. Sa pa vle di map defann yo, men mwen konvenki bann loray kale, moun koken tankou Aristide ak Preval pa gen pwofondè ni entelijans moun sayo pou fè yon pi bon prezidan.

Peyi dAyiti moun kap fè politik yo toujou nan letènel lopoziyon, souvan se moun ki gen ti mwayen tankou profesè, avoka, direktè lekol, pastè ou yon pè. Ou byen yon dyaspora ki yon ti tchotcho pou kenbe e ki genyen lot roulman pou viv.

Tout sayo nou ta swete , nou ta renmen yo pap vinn nan zafè konsa. Se souvan kad ki nan Inivèsite, moun ki nan biznis ou byen kad ki nan travay leta. Moun konsa pap vinn riske yo nan politik. Swa pou yo pa pèdi djob yo, lè koken ki pran pouvwa pa fout yo sou kote ou byen pou yo kraze magazen yo.

Se la pou nou konprann ke li rele Maniga, Kplim, Serge Gilles, Tuneb Delpe se yon bann rezigne, yon bann moun ki pran chans pou kanpe devan rejim anachik, vyolan ki abitye pran kout koko makak, prizon, anmerdeman ak kraze kay yo, lekol yo. Alos nou dwe respè pou moun konsa olye se joure toutan. Yo fè erè men konbyen bon kou yo fè pou dwa parol, dwa demokratik yo tou. Se konsa moun sayo ki la depwi Divalye tonbe sou Aristide fè fas kont makout, chimè ak lot koken.

Alos yo setoblije nan kenbe, pandan lot moun ki ta sanse nan politik pou konbat koken Tout nan rete kanpe lwen, pa vle pran chans. Kanta sayo rele lajenès se yon bann malpouwont ki lese koken anbake nan salopri. Gade saki rive ak ESPWA kap mache kowonpi jenn gason ak fanm pou fè yon lot pati ki rele INITE. ALOS ZAFÈ RELE CHALBARI AK MOUN KI TOUJOU SOU SENN POLITIK NAN OPOZISYON SA MANDE PLIS RESPÈ AK KONSIDERASYON SI NOU BYEN REFLECHI.
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
Sasaye
Super Star
Super Star


Nombre de messages: 5132
Localisation: Canada
Loisirs: Arts et Musique
Date d'inscription: 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

MessageSujet: Re: Jacques Edouard Alexis kandida a la prezidans pou Espwa-Inite   Mer 12 Mai 2010 - 18:46

Alò,
Pou kilès lan nèg sayo ou pral vote pou vinn prezidan dAyiti?
Se pou w deziyen youn ladan yo amwenske wap voye yon kolèj monte.
Sonje pèp la deja bay nèg sayo 2 pousan....
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
Rico
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages: 6511
Localisation: inconnue
Loisirs: néant
Date d'inscription: 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

MessageSujet: Re: Jacques Edouard Alexis kandida a la prezidans pou Espwa-Inite   Mer 12 Mai 2010 - 18:55

Sasaye a écrit:
Alò,
Pou kilès lan nèg sayo ou pral vote pou vinn prezidan dAyiti?
Se pou w deziyen youn ladan yo amwenske wap voye yon kolèj monte.
Sonje pèp la deja bay nèg sayo 2 pousan....


Se vre yo bayo 2 pousan se menm moun 2 pousan konsa ki mete volo sou moun. Apre ki tonbe fè eleksyon shanpwèl, fo mamit. Kom peyi dAyiti se tè glise pa gen anyen enposib pou 2 pousan tounnen yon vag.


Antouka map redi li anko menm lavalasyen byen plase kite nan rejim kann kale sa dako ak mwen se te pi gwo erè flanke Aristide ak Preval sou moun. Gade byen pwofil 2 koken ki pa gen anyen arevwa ak Prezidans yon peyi.
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
alex jacques
Star
Star


Masculin
Nombre de messages: 836
Localisation: Haiti
Date d'inscription: 23/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Fou de son pays

MessageSujet: Re: Jacques Edouard Alexis kandida a la prezidans pou Espwa-Inite   Jeu 13 Mai 2010 - 0:31

Sasaye, si-m ta gen pou-m vote, mwen t'ap absteni-m. Pa gen you ki merite vot mwen.
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
Sasaye
Super Star
Super Star


Nombre de messages: 5132
Localisation: Canada
Loisirs: Arts et Musique
Date d'inscription: 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

MessageSujet: Re: Jacques Edouard Alexis kandida a la prezidans pou Espwa-Inite   Jeu 13 Mai 2010 - 0:53

Men Alex, si w pa vote, yon lot nèg ap vote pou wou.
E li ka vote pou yon kandida ou pa ta vle ditou.
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
 

Jacques Edouard Alexis kandida a la prezidans pou Espwa-Inite

Voir le sujet précédent Voir le sujet suivant Revenir en haut 
Page 1 sur 3Aller à la page : 1, 2, 3  Suivant

 Sujets similaires

-
» Edouard Algayon
» Observe les Flots.. Pv; Ellia & Alexis
» (F) Alexis Bledel ~ Jaycee C. Wetherly
» Soirée mondaine pour la Saint-Sylvestre [Edouard Annet]
» KISA SAMIR MOURRA BEZWEN NAN MEN JACQUES EDOUARD ALEXIS

Permission de ce forum:Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti :: Haiti :: Espace Haïti-