jackoti01 Star

 Nombre de messages: 251 Localisation: USA Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le jacmelien
 | Sujet: manifestasyon kont preval Mer 12 Mai 2010 - 13:56 | |
| Map li nouvel yo e map poze tet mwen kesyon. Opozisyon GNB tap fe manifestasyon e chak nouvel yo vinn jwenn nou kom kwa se you ti ponyen (quelques dizaines) ki tap manifeste". Lotrejou fanmilavalas antre nan batay la e nou tande se ( quelques milliers). Sa mande panse sou fos fanmilavalas la. E nap raple se you ti ponyen nan lavalas ki te apiye manifestasyon alyans ak GNB. Sa ki enteresan ladann, yo egzije GNB yo mande retou Aristid. Joel esplikem bagay sa. Ki pyej sa gen ladann pou fanmilavalas? Eske moun sa yo vle retou titid ou byen se roulib yo vle pran sou do fanmilavalas? Joel eske ou pa panse fanmilavalas ta dwe fe manifestasyon pa li san alyans ak GNB ki pa vle we Aristide? |
|
alex jacques Star


 Nombre de messages: 836 Localisation: Haiti Date d'inscription: 23/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Fou de son pays
 | Sujet: Re: manifestasyon kont preval Mer 12 Mai 2010 - 15:46 | |
| Gen anpil moun ki p'ap janm sispann reve. Genle depi Aristid pati-a, neg yo pa ka janm jwenn lot job. Aristid pa enterese retounen Ayiti. Men neg ki gen nostalji, de fason yo te konn koupe rache sou Aristid pa mande rete. Se vre ke Preval se you enkonpetan o siperlatif, men mwen dako ke manda li pwolonje pou 3 mwa. Daye, 3 mwa sa yo fe pati mandi li. Mwen pa panse ke nou bezwen okenn prezidan ak gouvenman pwovizwa, ki pou vinn plenn poch yo pou kelke mwa epi al fe wout yo ak lajan rekonstriksyon an. |
|
jackoti01 Star

 Nombre de messages: 251 Localisation: USA Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le jacmelien
 | Sujet: Re: manifestasyon kont preval Jeu 13 Mai 2010 - 18:09 | |
| Alex, kesyon mwen an se pa nan bi manifestasyon an non, se nan jaret you pati politik bay manifestasyon an. Se gade map gade nou soti nan kek dizenn poun tonbe nan kek milye. Kesyon an poze sou fos pati politik sa ki fe ranvesman sa malgre se you ti ponyen ladann ki apiye. An sipoze ke majorite manb nan pati sa leve kanpe pou eleksyon lib e ke kandida yo kap patisipe nan eleksyon. Imajine rezilta eleksyon sa mesi |
|
Joel Super Star

 Nombre de messages: 8211 Localisation: USA Loisirs: Histoire Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le patriote
 | Sujet: Re: manifestasyon kont preval Jeu 13 Mai 2010 - 21:11 | |
| | jackoti01 a écrit: | Map li nouvel yo e map poze tet mwen kesyon. Opozisyon GNB tap fe manifestasyon e chak nouvel yo vinn jwenn nou kom kwa se you ti ponyen (quelques dizaines) ki tap manifeste". Lotrejou fanmilavalas antre nan batay la e nou tande se ( quelques milliers). Sa mande panse sou fos fanmilavalas la. E nap raple se you ti ponyen nan lavalas ki te apiye manifestasyon alyans ak GNB. Sa ki enteresan ladann, yo egzije GNB yo mande retou Aristid. Joel esplikem bagay sa. Ki pyej sa gen ladann pou fanmilavalas? Eske moun sa yo vle retou titid ou byen se roulib yo vle pran sou do fanmilavalas? Joel eske ou pa panse fanmilavalas ta dwe fe manifestasyon pa li san alyans ak GNB ki pa vle we Aristide? |
Mwen paka pale pou misye yo ,men tankou w di se pou mesye yo pran prekosyon yo.Se pou yo reyalize ke GNBIS pa vle ARISTIDE tounen tou,menm jan ak PREVAL;se pa lan enterè yo. Mwen ta wè pito pou yo kite GNBis yo fè manifestasyon e pou t ap wè moun e yomenm yo t ap fè manifestasyon pa yo ,pou yo montre fòs yo. Se FANMILAVALAS PREVAL pè,li pa bay okenn lòt Pati yo pwoblèm ,men depi se FL jwèt lan gate. ALEX di ARISTIDE pa vle tounen;misye pa bezwen sou teren an pou l enfliyanse sa k ap pase. Kite PREVAL kite FL patisipe e ARISTIDE andose yon kandida ,n a wè sa k ap pase? Gade sa k ap pase lan TAYILAND? `Koudeta fèt,TAKSIN pran ekzil ,men depi misye andose yon moun pou premye minis;se li ki pase1 |
|