Thunder Super Star


 Nombre de messages: 4196 Localisation: Planet Earth (Milky Way Galaxy) Loisirs: Target Practice, Sports Cars, Konpa... Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le gardien
 | Sujet: "ABA PREVAL! VIV LATORTUE". Mer 19 Mai 2010 - 3:49 | |
| Mwen wè ke ti nèg ap bougonnen pou desizyon ke chèf yo, Aristide, pran pou rele: "Aba Preval". Yo chache anwo, yo chache anba pou yon repons ki devan nen yo. Genyen ki vini ak emosyon, yo di ke yo "wont" pou lavasyen k ap ini yo ak ansyen ènmi. Genyen menm ki vini ak move jijman, yo di ke Lavalas fè "erè" nan mande pou Preval bay talon l anvan eleksyon fèt nan peyi an. Tou 2 group sa yo genyen menm pwoblèm: Fanatism yo bouche zye ak sèvo yo.
Se pa sòt ke lavalas sòt, lè yo mande pou Preval rache manyòk li. Yo konnen deja ke sèl chans ke yo genyen menm pou yo asiste tiraj nan eleksyon k ap vini yo, se si e sèlman si ke se yon gouvènman pwovizwa ki nan tèt peyi an. Donk si nou gade n ap wè ke Lavalas pran menm rwòl ke yo te konn ap reproche opozan 2000-2004 yo. Lavalas se les GNBIS d 'aujourd'hui. Ah ah! ki koze!
Fanatik yo poko wè anyen, Aristide genyen poul rele: ABA PREVAL! VIV LATORTUE! |
|
Rico Super Star


 Nombre de messages: 6511 Localisation: inconnue Loisirs: néant Date d'inscription: 02/09/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: dindon de la farce
 | Sujet: Re: "ABA PREVAL! VIV LATORTUE". Mer 19 Mai 2010 - 20:58 | |
| Wouyyyyyyy jou sa, jou sa, jou sa, Aristide ak Toti mete ansanm pou bay Preval sali merite Marc-Henry pral mande anraje, Joel menm gen kakarel, Sasaye kanson l tonbe li megri yon grenn kou. Kanta fanm kinan Preval yo pral tonbe fè espera, leve jipon yo anlè, rele anmwe lagad. Mezanmiro se lame chimè ki genyen yo pran nan mera. |
|
Thunder Super Star


 Nombre de messages: 4196 Localisation: Planet Earth (Milky Way Galaxy) Loisirs: Target Practice, Sports Cars, Konpa... Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le gardien
 | Sujet: Re: "ABA PREVAL! VIV LATORTUE". Sam 22 Mai 2010 - 1:49 | |
| Tonnè kraka m! Aristide ap manje tout dwèt li a an Afrik la a. Li regrèt ke li pat fè l pou Preval lè li te genyen opòtinite pou l te fè l. E se pa kounyea ke m ap di fanatik yo sa. Lè eleksyon Preval lan, se fèt ki te genyen isi an sou fowòm nan. Mwen te di yo pinga yo prese konsa, paske Preval te byen kontwole bouch li pou l pa t janm fè okenn pwomès ba yo. Yo te manke ban m pè lebren. |
|