| | Haiti Post-Séisme :Des camps de la Honte... SANS COMMENTAIRES | |
|
|
| Auteur | Message |
|---|
Rico Super Star


 Nombre de messages: 6511 Localisation: inconnue Loisirs: néant Date d'inscription: 02/09/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: dindon de la farce
 | |
 | |
ainsi ne soit-il Super Star


 Nombre de messages: 1850 Localisation: terre-neuve Loisirs: chiquer du tabac, molester les molosses Date d'inscription: 03/05/2010
Feuille de personnage Jeu de rôle: l'hallucinogène
 | Sujet: Re: Haiti Post-Séisme :Des camps de la Honte... SANS COMMENTAIRES Jeu 20 Mai - 21:51 | |
| Tande non. Mesye nou an reta sou yon seri de kestyon. Nou bay enpresyon jan de moun an Ayiti ki te toujou ap viret tèt yo menm si pil fatra te chita devan port yo. Sa ki enterese yo, se beauté palstique ak photos réussies ki ap montre misère infra-humaine. Premye a, paske sa fè appel a yon kote superficiel la kay anpil moun. Dezyèm la, paske gen anpil Ayisyen se cochon ki pa janm wè lan mitan kisa y'ap viv.
Se pa joure mwen telman vle joure paske move nèg ja fè sa ak prop tèt yo. Alor nou vle di ke se depi 12 janvye 2010 moun ap viv lan kondisyon sa yo an Ayiti. E byen pèmèt mande'n si nou pa janm voye zye gade yon zón yo rele La Saline lè n'sou Route Nationale #1. Anmwey! Nèg yo pa janm wè la Saline.
Ala ras moun anraje. Kouman pou vle pou yon peyi konsa vanse si depi li fèt ti-Ayisyen dekonekte de prop reyalite'l. Man-yè sispan pran poz Tintin, le reporter (lol). Si nou te gen nen lan figi'n, nou ta fin gade foto Sean Penn la e pi nou ta pran leson, nou ta al konen ki kote misye soti, nou ta konprann ki edikasyon yo te bay'l.
Question de maintenir le contact. Pardon le tempo, le konpa... |
|
 | |
Rico Super Star


 Nombre de messages: 6511 Localisation: inconnue Loisirs: néant Date d'inscription: 02/09/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: dindon de la farce
 | |
 | |
Rico Super Star


 Nombre de messages: 6511 Localisation: inconnue Loisirs: néant Date d'inscription: 02/09/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: dindon de la farce
 | Sujet: Re: Haiti Post-Séisme :Des camps de la Honte... SANS COMMENTAIRES Ven 21 Mai - 21:19 | |
| se senp zafè tankou sekirite menm lè zanmi koken pa kap bay travay, swen sante, men tonas bayo sekirite pou yo mande, degaje yo pou viv. Les habitants du bidonville "Cité Soleil" se sentent abandonnés
"Cité Soleil", un bidonville aux alentours de Port-au-Prince. Délaissé par les humanitaires, les habitants doivent assurer leur propre sécurité. Récit de Mariam Pirzadeh.
http://www.france24.com/fr/node/4208796 |
|
 | |
Rico Super Star


 Nombre de messages: 6511 Localisation: inconnue Loisirs: néant Date d'inscription: 02/09/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: dindon de la farce
 | Sujet: Re: Haiti Post-Séisme :Des camps de la Honte... SANS COMMENTAIRES Ven 21 Mai - 21:28 | |
|
Dernière édition par Rico le Ven 21 Mai - 21:40, édité 1 fois |
|
 | |
Rico Super Star


 Nombre de messages: 6511 Localisation: inconnue Loisirs: néant Date d'inscription: 02/09/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: dindon de la farce
 | Sujet: Re: Haiti Post-Séisme :Des camps de la Honte... SANS COMMENTAIRES Ven 21 Mai - 21:35 | |
|  Tonas avan manman penba o mwen yo te alabri anba tol sayo. Koulyè a sa zanmi ak alye koken pa vle wè se saliye. YO ANBA PLASTIK AK VYE DEBRI KAY SAYO, ALOS SE METE L SOU NÈT POU FÈ KONNEN IJANS KÈKSYON, KOTE KOKEN PA JANM TRAVAY POU SOULAJE MOUN SAYO |
|
 | |
ainsi ne soit-il Super Star


 Nombre de messages: 1850 Localisation: terre-neuve Loisirs: chiquer du tabac, molester les molosses Date d'inscription: 03/05/2010
Feuille de personnage Jeu de rôle: l'hallucinogène
 | Sujet: Re: Haiti Post-Séisme :Des camps de la Honte... SANS COMMENTAIRES Sam 22 Mai - 0:00 | |
| Tout imaj sa yo te toujou ekziste. Se jis ke laideur la ap ogmante eksponansyèlman. Lè mwen t'al an Ayiti apre JCD, mwen te deja konstate dega sa yo. PAP an patikilye, se sou fatra moun ap mache depi lontan pa pale pou zon' sa yo.
Apa li papa, moun bidonville yo komanse wè ki lè li ye. Ki sa humanitaires yo ka fè ankor. Se lan sans sa mwen t'ap di ke fwa sa a, moun tout peyi gen okazyon vin' wè ak zye yo. E se lan sans sa a itou m'ap di ke gen yon seri de bri k'ap fèt se sou bluff nèg yo ye; yo byen kontan ke yo pat lan plas Preval, e sa ki bezwen pouvwa yo se oportunis, ki bezwen volè, ou byen ki bezwen vinn rekolte kredi si bagay yo chanje lan peyi a.
Koman pou m'pa ofuske lè m'ap tande nèg ap pale de rekonsilyasyon au niveau du pouvoir d'hier et d'aujourd'hui. Tankou m'ta di ke se rele y'ap rele volè vin chèche yon lot moso lan gato piyaj la. Vin retire manje lan bouch tout dezevre sa yo ki ap trenen lan PAP.
Mwen pèsonèlman, sof lan katastrof natirèl pou al pote sekou, mwen pa ta janm al chita fè zèv lan Cité Soleil, lan okenn bidonville PAP. Pou yon rezon byen senpl: sa pat dwe ekziste. E pi, mwen pa wè ki progrè ki ka soti lan zonn sa yo. Bidonville se nich krim sa ye.
Menm si mwen toujou denonse dirijan nou yo sa pa vle di ke m'ap kondane otorite peyi a si gen moun ki kite travay yo lan provens, ki lese vi pezibl yo an dewô pou yo al chita kale wès, vivote, lan tout vye zakt lan PAP.
Apa li, dènyèman te gen yon misyonè ki te di sa, se blan ki kreye problèm grangou lan peyi a apre yo vire do yo. Se pou nou toujou sonje sou ki gouvènman yo te komanse kraze agrikilti peyi a. Pat gen problèm famin konsa an Ayiti. Skandal.
12 janvye 2010 se trokèt la, chay la dèyè. |
|
 | |
Joel Super Star

 Nombre de messages: 8211 Localisation: USA Loisirs: Histoire Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le patriote
 | Sujet: Re: Haiti Post-Séisme :Des camps de la Honte... SANS COMMENTAIRES Sam 22 Mai - 9:47 | |
| MARTINE, An palan de LA SALINE lan ,mwen sonje ke menm lan ane 50s yo ,depi w te vire lan zòn Aviyasyon BOWEN FIELD lan ,sant LA SALINE te gen tan ap ba w kalòt;lè w desann pi ba ,se misye sèlman ou te wè ki t ap flannen.Kididonk se pa jodi an zòn sa a ,ye jan li ye an! Kounye an si n vle pale de SEAN PENN.Papa misye se te LEO PENN,yon direktè TV ak ekriven senaryo. LEO PENN te lan lis nwa ane 50s ,tankou yon ""lefty"",yon""komi"". Misye se eritye papa l ,e mwen di sa lan yon bon sans.Tout lajan misye genyen ap depanse ann AYITI;menm lajan fiyanse misye,manmzèl deja depanse 1 milyon dola lan kan refijye. Konpare SEAN PENN ki pa pitit peyi an ak malfrendeng ki ap pare kò yo pou yo poze kandidati yo a la prezidans! |
|
 | |
Rico Super Star


 Nombre de messages: 6511 Localisation: inconnue Loisirs: néant Date d'inscription: 02/09/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: dindon de la farce
 | Sujet: Re: Haiti Post-Séisme :Des camps de la Honte... SANS COMMENTAIRES Sam 22 Mai - 10:03 | |
| Sa pran mechan avèg fanatik yon rejim kap dekonnen. Mwen redi anko se yon sititasyon kap jeneralize ak moun ki pa gen bon kontak pou twouve tant.
Se pa te ditou yon pratik jeneralize avan manman penba. Podyab moun site Soley ak site la Salinn se yo ki plis viktim ki lese pou kont yo. Moun Chandemas yo plis fè bri, defann tèt yo.
Tonas panse a yo tou nan rekonstriksyon. Sa mwen ta vle tande kisa zanm pouvwa nou yo pwomèt moun sayo. Non bann koken rete bèbè. |
|
 | |
Mak Super Star


 Nombre de messages: 6209 Localisation: Terrebonne Opinion politique: Démocrate Loisirs: La marche Date d'inscription: 28/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le voyeur
 | Sujet: Re: Haiti Post-Séisme :Des camps de la Honte... SANS COMMENTAIRES Sam 22 Mai - 10:12 | |
| | Citation: | Sa pran mechan avèg fanatik yon rejim kap dekonnen. Mwen redi anko se yon sititasyon kap jeneralize ak moun ki pa gen bon kontak pou twouve tant.
Se pa te ditou yon pratik jeneralize. Podyab moun site Soley ak site la Salinn se yo ki plis viktim ki lses pou kont yo. Se panse a yo tou nan rekonstriksyon. Sa mwen ta vle tande kisa yo pwomèt moun sayo. Non bann koken rete bèbè. |
Yon des rezon ki fe nou pa ka soti moun yo lan petri c'est parce que l'opposition aveugle est incapable de jouer son role lan sikonstans aktyel ayiti. Poukisa yap fe manifestasyon konsa. Poukisa yo pa mete tett yo ansam pou yo ede leta yaitien travèse katastrof sila. Ce n'est pas seulement la faute du gouvernement Preval /Bellerive mais la faute des haitiens (opposants ) qui sont incapables de faire consensus dans l'intérêt national . Fok nou denonse sa e nap fe sa sou fowom an nett tett kale. |
|
 | |
Rico Super Star


 Nombre de messages: 6511 Localisation: inconnue Loisirs: néant Date d'inscription: 02/09/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: dindon de la farce
 | Sujet: Re: Haiti Post-Séisme :Des camps de la Honte... SANS COMMENTAIRES Sam 22 Mai - 10:22 | |
| Marc fè respè w, pa vinn rabadja foure opozisyon nan zafè jesyon yon peyi. Dayè pouvwa tradisyonèl an plas pa mache menm ak sosyete sivil, alos pa pale opozisyon.
Tonas lè se triche, volo, koripsyon yo pap envite moun ki pa di seray. Fè respè w sispann chache bouk emisè, pran responsablite w kom defandè, fanatik ak plimitif moun kowonpi |
|
 | |
Mak Super Star


 Nombre de messages: 6209 Localisation: Terrebonne Opinion politique: Démocrate Loisirs: La marche Date d'inscription: 28/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le voyeur
 | Sujet: Re: Haiti Post-Séisme :Des camps de la Honte... SANS COMMENTAIRES Sam 22 Mai - 10:31 | |
| Ami Rico Ce n'est pas du fanatisme . C'est une réalité. Comment pensez-vous que seul le gouvernement pourra relever ces immenses défis ? Non , il faut une synergie nationale pour faire face aux défis de la reconstruction d'haiti. Pousa fett, fok opozisyon an sispann fe ti politik anba tab. Un peu de pudeur mes chers amis de l'opposition. |
|
 | |
Rico Super Star


 Nombre de messages: 6511 Localisation: inconnue Loisirs: néant Date d'inscription: 02/09/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: dindon de la farce
 | Sujet: Re: Haiti Post-Séisme :Des camps de la Honte... SANS COMMENTAIRES Sam 22 Mai - 11:00 | |
| E byen ke Preval rale ko li, li dwe bay rezilta. Li dwe kom gouvenmam amelyore kondisyon MOUN PI PA BON. Non lopozisyon yo mete an karantenn, pa bezwen konnen ni tande pwopozisyon yo.
Manyè konbat pi gwo fleyo ki se koripsyon, vol, gaspiyaj, zafè mounpa. Se la mwen se laront pou moun tankou w ak fanm swadizan ki gen kapasite konprann, reflechi ap defann lendenfandab.
Pwoblèm fondamantal peyi sa se feblès yon gouvenman ki Pa vle ou sanble enpwisan pou konbat vol ak koripsyon. POU ENVESTI NAN MOUN KI NAN BEZWEN
P/S Sa fè pitye tande moun ki lese travay yo ki ale chita nan bidonvil yo. Se la mwen di bann fo konesko kap di sayo vle, sispann dekonnen. Non se malere ki sove anba grangou nan kanpay peyi dAyiti. Se moun san tè ki abitye travay ak gran don ou agrikiltè mwayen ki an fayit. Se yon kèksyon enpak ekonomik ki koze deplasman , nan popilasyon sayo. Se politik ekonomik yon gouvenman pou regle fenomenn sa.
Olye yo mouri grangou se menm fenomenn bidonvilzasyon tout peyi sou latè, peyizan dirije yo kote gen ti richès ak mwayen pou siviv. Alos se Okap, Potoprens yo ale pou travay kom bonn, pwostitiye, machann enfomèl, gason lakou ak latriye.
|
|
 | |
ainsi ne soit-il Super Star


 Nombre de messages: 1850 Localisation: terre-neuve Loisirs: chiquer du tabac, molester les molosses Date d'inscription: 03/05/2010
Feuille de personnage Jeu de rôle: l'hallucinogène
 | Sujet: Re: Haiti Post-Séisme :Des camps de la Honte... SANS COMMENTAIRES Sam 22 Mai - 11:22 | |
| | Joel a écrit: | MARTINE, An palan de LA SALINE lan ,mwen sonje ke menm lan ane 50s yo ,depi w te vire lan zòn Aviyasyon BOWEN FIELD lan ,sant LA SALINE te gen tan ap ba w kalòt;lè w desann pi ba ,se misye sèlman ou te wè ki t ap flannen.Kididonk se pa jodi an zòn sa a ,ye jan li ye an! Kounye an si n vle pale de SEAN PENN.Papa misye se te LEO PENN,yon direktè TV ak ekriven senaryo. LEO PENN te lan lis nwa ane 50s ,tankou yon ""lefty"",yon""komi"". Misye se eritye papa l ,e mwen di sa lan yon bon sans.Tout lajan misye genyen ap depanse ann AYITI;menm lajan fiyanse misye,manmzèl deja depanse 1 milyon dola lan kan refijye. Konpare SEAN PENN ki pa pitit peyi an ak malfrendeng ki ap pare kò yo pou yo poze kandidati yo a la prezidans! |
Jiska prezan y'ap klasifye moun depi w kanpe pou defand les idées nobles. Koze "lefty" "komi" sa a, se prop Meriken, depi yo remake ke yon endividi gen grandeur d'âme e ke li p'ap mache ak ornières. Pa blye ke Obama se yon terorist, yon sosyalis, antekris, yon etranje, elatrèy. (lol)
Lakay, moun konn pataje wi. Men gen yon kategori endividi ki chita ap tand lè yon nèg fè yon pas pou vire tèt li de objektif li ki ta dwe chanje peyi yo. Lè sa se pa selman endividualism non, se egoyism nèt ki mete pye. Ki sa w vlé, se masuife ti-nèg monte.
An verite, se pou jwenn yon fason pou sere boulon lEta paske e konpiratè e sa ki ap grandi yo pa konn lot fason pou yo fè lajan. Tout sèvis yon sitwayen bezwen se pou li peye. Pa ka pa gen koripsyon, si se jis lajan ki pale. Tankou m'ta di w ke pou yon sitwayen toujou ap distribye pourboires pou chak servis ke se lan lEta ke se lan prive.
Nou pa gen le choix, depi lontan nou te dwe konprann ke nou pou kor nou. Se devwa tout Ayisyen pou li epaule konpatryot li yo. Se pou mantalite chanje. Yo t'ap kritike Aristid, e byen li lè pou nou tande yon gason ou yon fanm ki leve kanpe e ki ap pale ak tout Ayisyen de responsabilite yo, de devwa sitwayen yo, notaman sa ki plis kapab, sa ki gen plis yo. Se pa chita ap ranvèse gouvènman, trenen malere ak jenn moun lan la ri san ke yo pa konn sa y'ap revandike.
Sa ki rive 12 janvye 2010 la, fè mal anpil. Men nou pe pa chita ap morfond nou sou imaj ke medya ap vand. Gen yon bagay ki senpl, ke se au niveau individuel, familial, collectif, si w pa proteje kay a w nenpót eleman negatif ap vinn kraze'l, ke se nèg ènmi w, ke se la nature...
Se lan sans sa m'ap di ankor ke se pou nou bay Preval ak lot yo moso kredi dèske yo rete kanpe pou defan ti kal souverainete ki rete'n. Tout sa ki ap anmède kor yo, pran la ri, reklame demisyon, se rans. |
|
 | |
ainsi ne soit-il Super Star


 Nombre de messages: 1850 Localisation: terre-neuve Loisirs: chiquer du tabac, molester les molosses Date d'inscription: 03/05/2010
Feuille de personnage Jeu de rôle: l'hallucinogène
 | Sujet: Re: Haiti Post-Séisme :Des camps de la Honte... SANS COMMENTAIRES Sam 22 Mai - 11:32 | |
| J..., mwen siyale term "misye" an rouj paske logiciel la deside pou ranplace "k-ochon" otomatikman par "misye". Mwen jis chanje ortograf la.
Alor mwen pa wè ki sa ki chokan la. Se vre k-ochon pran la ri an Ayiti. W ta di ke se yon animal sacré tankou vach lan tout la ri lan peyi Inde. Lè w byen gade, k-ochon se bèt ki pi proch de l'homme. (lol) |
|
 | |
Sasaye Super Star


Nombre de messages: 5132 Localisation: Canada Loisirs: Arts et Musique Date d'inscription: 02/03/2007
Feuille de personnage Jeu de rôle: Maestro
 | Sujet: Re: Haiti Post-Séisme :Des camps de la Honte... SANS COMMENTAIRES Sam 22 Mai - 12:15 | |
| Matinn, Bèl lojik, mwen dako nèt. Sa m pa oblije rele nèg yo misye. mwen twouve yo pa janm aprann oken leson lan katastrof 12 janvye a.
Sosyete a koronpi tou, lan sans ke yo pa gen konsyans ke Ayiti kraze, ke li lan yon eta dijans e ke poutèt sa, tout magouy, chèche pozisyon ak pouvwa epi lajan te dwe sispann.
La wont lan lan nen yo ak lan figi yo lè yo ap gade etranje lan tout rejyon sou la tè ap eseye bay yon kout men aloske yo menm ya p fè mouvman nil lan chèche mete yon opozisyon 2 pousan an chaj tout popilasyon an.
Bliye sa, paske demonstrasyon sayo se yon bon defoulman, men sa pakapab ranvèse yon gouvenman ki prale lan kèlke mwa. E si pa mirak, sa ta fèt, se pou yo di kilès ki pral ranplase gouvènman saa ki gen anpil kredi an popilasyon an e lan kominote entènasyonal lan.
Kominote entènasyonal lan ap mete pwomès lajan toulejou e gen anpil siy ke ya p debouse. Si kominote entènasyonal la te koute misye sayo, mwen pa kwè yo ta p pwomèt 5 kob. Lè w gade de moun tankou Sean Penn ak Wiclèf Jan, ou mande sa k pase misye sayo. Eske se dyol yo ki two long ki fè se pale pou anyen tout la sent jounen ke yo kapab fè? Mwen envite Revelasyon pou l al chèche kilès pami nèg yo ki ta fè komantè sou efasman dèt lan, oubyen pwogram 2 milya ke Ayiti jwen pou refom edikasyon oubyen lot devlopman pozitif ki ap fèt. Nad marinand, nèg yo pa enterese lan sa ki bon pou peyi a.
Non lawont lan se pa lan kan lamizè yo sèlman ke li ye. Li rive jis sou FowomAyiti. |
|
 | |
| | Haiti Post-Séisme :Des camps de la Honte... SANS COMMENTAIRES | |
|