| | | Haiti Post-Séisme :Des camps de la Honte... SANS COMMENTAIRES | |
| |
| Auteur | Message |
|---|
Rico Super Star


 Nombre de messages: 6511 Localisation: inconnue Loisirs: néant Date d'inscription: 02/09/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: dindon de la farce
 | |  | |
| Auteur | Message |
|---|
ainsi ne soit-il Super Star


 Nombre de messages: 1850 Localisation: terre-neuve Loisirs: chiquer du tabac, molester les molosses Date d'inscription: 03/05/2010
Feuille de personnage Jeu de rôle: l'hallucinogène
 | Sujet: Re: Haiti Post-Séisme :Des camps de la Honte... SANS COMMENTAIRES Sam 22 Mai - 14:46 | |
| An palan de sa, se pou nou fè atansyon a sa ki ap pase e a sa ki pwal pase, jiska prezan lajan yo pa dekese non, gen komite ki te dwe forme antr Ayisyen ak etranje, nou panko ka jwenn moun ki pou al reprezante'n. Lan chita ranse politik nul tan selman, lè nou va gad lan montr nou n'a wè li trèz è, kondi manman'm te konn di.
Sou kestyon "misye" a, se paske mwen t'ap ekri yon teks e pi yo te refize mwen ekri "kochon". Chak fwa mwen anrejistre'l li ranplase par "misye". Maten an, lè m'ap li mesaj Joel la, mwen konstate ke sa rive tou paske lè w gade sans fraz la se sur e sèten ke se "kochon k'ap flanen lan lari" Joel te vle ekri. Gen anpil fwa mwen konstate ke yo seye modifye tèks mwen yo. Men se temps perdu, paske tout moun wè ke se pa politik mwen vin fè. Se jis santiman patryotik ki ap bat lan kaj torasik mwen.
Tande yon komantè: nèg yo pè diktatè men sanble ke se pou sa y'ap travay, si se pa Preval se va yon lót. (lol) Ayiti fè tout moun ap grate tèt yo. Se pa fasil menm. Se manti wi, se pa plis kwè yo kwè lan zafè diktati non, se pè yo pè pou yo pa redui au silence. E se sa ki sipoze rive pou tout moun ki vle tout bon ka travay ansam. |
|  | | revelation Super Star


 Nombre de messages: 3073 Localisation: Washington, DC Opinion politique: Senior Financial Analyst Loisirs: walking, jogging, basket, tennis Date d'inscription: 21/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: L'analyste
 | Sujet: Re: Haiti Post-Séisme :Des camps de la Honte... SANS COMMENTAIRES Sam 22 Mai - 15:06 | |
| | Citation: | Sasaye di: Lè w gade de moun tankou Sean Penn ak Wiclèf Jan, ou mande sa k pase misye sayo. Eske se dyol yo ki two long ki fè se pale pou anyen tout la sent jounen ke yo kapab fè? Mwen envite Revelasyon pou l al chèche kilès pami nèg yo ki ta fè komantè sou efasman dèt lan, oubyen pwogram 2 milya ke Ayiti jwen pou refom edikasyon oubyen lot devlopman pozitif ki ap fèt. Nad marinand, nèg yo pa enterese lan sa ki bon pou peyi a. |
Sasaye, fok nou voye yon kout chapo bay Sean Penn, Wiclef Jean, Ben Affleck, e tout lot atis yo kap bay lajan yo e tan yo pou yo desand nan fatra, malaria e tout lot maladi nan peyi Dayiti e nan peyi Afriken.
Mesye sa yo sinser nan sa ke yo ap fe la e nou respekte sa. Gen artist ki prefere voye lajan yo, men yo pap desand nan peyi a vinn bay pep la akolad sou pretex pou yo pa pran maladi, ou byen si yo gen dyaree pandan vizit yo pou yo jwen yon latrin pou soulaje yo.
Nap jwen anpil Ayisyen nan Diaspora ki pi mal nan konpotman yo ke etranje e mwen kap pran prop fanmi'm ak 2 e 3 zanmi'm kom examp. Pou yo, Ayiti se yon "l'enfer" yo pap tounnen ladand anko, men yap voye lajan tet kale, swa paske yo gen "bon coeur" swa yo vle al nan "ciel" le yo mouri.
Le ke 'm ap fe kollek de fond pou charite e pou voye lajan an Ayiti, gen anpil zanmi mwen ki konnen di'm pafwa " Revelation nap kap voye yon ti kichoy pou sipote koz la, men pa mande'm pou'm vini kole zepol ak w e ak moun sa yo, pa memm mete nom kom donate, nou vle rete anonim".
Gen anpil moun se vexsasyon e konpotman gouvenman yo ki bayo degoutans ede Ayiti! Si pou lajan yo al jwen volo ak koripte, yo pito pa bay e kite pep la rete nan mize e soufri. Se opinyon pa yo e fok nou respekte sa.
Pou zafe efasman det Ayiti a. Ayiti pat gen pwoblem peye det li ni intere sou det la. Sepandan kontinye peye det sa tap pete fiyel peyi a akoz de kondisyon ke ponyade internasyonal yo inpoze sou sitiyasyon ekonomik peyi a.
Nou byen kontan ke det saa soti sou do peyi a e nou voye yon gwo kout chapo bay Sasaye, Joel, Afriyaiti, Ezili Danto, tout ayisyen, professe etidyan e aktivist kite kout zafe det sa kite kankou yon chen ak yon boulet fe nan piye peyi a.
Nou souwete ke sa a sevi nou kom leson pou nou pa pran ponya nan men mesye sa yo anko nan move kondisyon. |
|  | | Joel Super Star

 Nombre de messages: 8211 Localisation: USA Loisirs: Histoire Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le patriote
 | Sujet: ``o Sam 22 Mai - 16:51 | |
| | martine la tourmente a écrit: | J..., mwen siyale term "misye" an rouj paske logiciel la deside pou ranplace "k-ochon" otomatikman par "misye". Mwen jis chanje ortograf la.
Alor mwen pa wè ki sa ki chokan la. Se vre k-ochon pran la ri an Ayiti. W ta di ke se yon animal sacré tankou vach lan tout la ri lan peyi Inde. Lè w byen gade, k-ochon se bèt ki pi proch de l'homme. (lol) |
M Mwen pa konn poukisa yo ranplase ""Pòk"" ,pa msiye e defòme sa mwen te vle di an.Mwen te vle pale de zannimo ke nou ize pou nou fè griyo ann Ayiti. Se konsa LASALINE te ye;depi w te rive kite bisantnè an pou rive bò wout ki t ap vin wout DELMAS pi ta.se te zannimo sa yo ,ou te jwenn ki t ap flannen;se pou di w lan ki eta zòn sa a te ye ;e se te sou MAGLWA!
|
|  | | revelation Super Star


 Nombre de messages: 3073 Localisation: Washington, DC Opinion politique: Senior Financial Analyst Loisirs: walking, jogging, basket, tennis Date d'inscription: 21/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: L'analyste
 | Sujet: Re: Haiti Post-Séisme :Des camps de la Honte... SANS COMMENTAIRES Sam 22 Mai - 21:57 | |
| | Citation: | Joel di: Mwen pa konn poukisa yo ranplase ""Pòk"" ,pa msiye e defòme sa mwen te vle di an.Mwen te vle pale de zannimo ke nou ize pou nou fè griyo ann Ayiti. Se konsa LASALINE te ye;depi w te rive kite bisantnè an pou rive bò wout ki t ap vin wout DELMAS pi ta.se te zannimo sa yo ,ou te jwenn ki t ap flannen;se pou di w lan ki eta zòn sa a te ye ;e se te sou MAGLWA! | Kochoon ki andan peyi Dayiti semante pou pa kite kochoon ki deyo yo vinn fe yo tounnen "griot" e pran peyi a nan men yo. |
|  | | ainsi ne soit-il Super Star


 Nombre de messages: 1850 Localisation: terre-neuve Loisirs: chiquer du tabac, molester les molosses Date d'inscription: 03/05/2010
Feuille de personnage Jeu de rôle: l'hallucinogène
 | Sujet: Re: Haiti Post-Séisme :Des camps de la Honte... SANS COMMENTAIRES Sam 22 Mai - 23:56 | |
| Ala ras renmen fè konpetisyon pou anyen. Kote Erzulie, se li ki loa ki ap danse lan tèt nèg yo.
Mwen siyale sa mwen konstate, paske se te toujou konsa ke teks yo konn modifye, sitou lè w ap ekri yo dirèkteman. Gen modifikasyon ki konn fèt selon lang klavye yon moun itilize, men mwen te trouve fwa sa on ti-jean sispèk. Gen kelke jou, yo te on ti-jean diskrè, ki sa k'ap toumante yo konsa. (lol)
Tèt chaje. Li manke kelk pousyè pou li 11h.
Se domaj ke yo asosye cochon a malpropte. A tort et à raison. Men cochon se yon bèt ki gen yon istwa long wi avec l'être humain. Yo menm poze kestyon eske se l'homme ki aprivwaze cochon ou byen si se cochon ki aprivwaze l'homme. Menm si sa pa bèl lan mitan yon vil, depi tout tan cochon te toujou sikile patou. Cochon se mignon, potelé lan liv pou Petit-Jean. (lol) Cochon se yon siy richès ak ekonomi tou wi. Sa telman vre ke yo te rache envestisman peyizan Ayisyen lan main yo. Vyand cochon se yon vyand mègr, w ka detache'l de lard la fasilman. Alos ke lan vyan bèf chair la melanje ak suif la.
Bon, se lan yon cochon rose (tirelire, sa nou rele bwat sekrè) ke bor isist ti-moun komanse aprann ekonomize. Bon, lè yon moun byen gade, gen yon gwo cochon rose ki ap finanse repriz ekonomik ak rekonstriksyon lan tout peyi. (LOL)
Cochon rose la fin pran peyi a depi sou JCD lui-même un suidé (à prendre au sens propre et au figuré). Moun yo te konn ap plenyen ke cochon roz Ameriken te lage lan fal yo a pa fè bon gryo. Poutan, lè Ayisyen tonbe bor isit, yo pa fè okin diferans. An mèm tan, gwo cochon métaphorique la, se li ki finn fè Ayisyen tounen gryo e aletranje e an Ayiti.
Moi, je suis musulman. Aussi sérieux que je reste par rapport à cette foi-là, je souris comme un mécréant en regardant les caricatures que l'on publie sur le prophète Mahomet. (LOL)
Ke 2 fors yo, lame ak lapolis, regle zafè yo. Se drol, lan langaj argot yo rele moun sa yo pigs. Martine pa lan zen. Nou jis siyale sa nou remake paske an verite nou trouve sa amuzan. Anwey! |
|  | | Sasaye Super Star


Nombre de messages: 5132 Localisation: Canada Loisirs: Arts et Musique Date d'inscription: 02/03/2007
Feuille de personnage Jeu de rôle: Maestro
 | Sujet: Re: Haiti Post-Séisme :Des camps de la Honte... SANS COMMENTAIRES Dim 23 Mai - 12:28 | |
| Sasaye, fok nou voye yon kout chapo bay Sean Penn, Wiclef Jean, Ben Affleck, e tout lot atis yo kap bay lajan yo e tan yo pou yo desand nan fatra, malaria e tout lot maladi nan peyi Dayiti e nan peyi Afriken.
Revelasyon, se ekzakteman sa m ta p fè. Se yon kout chapo mwen voye pou bay nèg sayo. Mwen prezante yo kòm ekzanp, pou lòt ki konn ap deblatere Ayiti ak pèp li. Mesye sayo ap fè yon gwo travay epi lòt yo ap chèche sa k pa bon.
Kreyol pale, men li pa toujou konprann. |
|  | | | | Haiti Post-Séisme :Des camps de la Honte... SANS COMMENTAIRES | |
|
Sujets similaires |  |
|
| | Permission de ce forum: | Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum
| |
| |
| |