Revelasyon annou eseye mete nou dako. Apre Duvalier ou anko Aristide ou byen Preval. Toutan mwen rico poko entatad, poko mouri map bat chalbari dèryè koken. Se sa wi moun sou forom lan pa janm konprann. Mwen pa nan zafè ak koken, blofè ki pa vinn regle anyen. Se jwe popilis, pran fanm magouyèz avoka manjè lajan Teleko, pran fanm machann blakawout pou tonbe fè lajan mal.
Zafè seism bali chans se yon boulshit pou koken ki gen selman 8 mwa pou kraze sa. Non Preval gen pou objektif fè eleksyon bidon, tripote konstitisyon, rantre ak bann depite ak senatè kwoupyon ak yon KEP MAGOUYÈ E DOMESTIKE.
Revelasyon mwen konnen pil pwoblèm peyi sa se enposib pou regle tout. Men se voye signal klè pou bay espwa. Genyen twop magouy, koripsyon, vol byen leta o mwens bay signal klè pou ankete fouke, arete detounè, dilapidatè fon sayo. Omwen yo ta envesti ti tchotcho sayo nan kredi agrikol, nan kredi ti machann ak mwayenn antrepriz ki bay plis travay nan peyi sa pou malere viv.
Se konsa piti, piti yon ekonomi mache. Lakay vwazen Dominiken plen volo ak magouyè men yo mete mezi an plas pou rezoud pwoblèm konsa. Souvan se gwo nom yo flanke nan prizon. Lakay depwi dikdantan se pou frekan yo pran yon gwo bwa pou volo. A mwens ke li nan drog se Meriken ki fouke malendren konsa.
Nan 2 premye ane Preval yo, mwen te rete koul, mwen bali chans konprann li pal delivre machandiz la. Mouche egal li menm kom ansyen premye minis ak ansyen prezidan. Koken pa janm fè yon bon eleksyon, yon politisyen visye, magouyè kap destabilize tout pati politik nan sèvi ak kès ak avantaj pouvwa pou ekip koken li yo.
Se tout rezon sayo mwen di fok mwen konbat li san pran souf, pa BAY KOKEN KONSA OKEN REPI. YON LOT MONTE SE ANKO RETOUNEN NAN KAZ DEPA SI SE ANKO YON LOT VOLO. SE MONTRE YON JENES BANN ZOBOP SAYO PA MERITE POUVWA.