| | | Konba politik Rico vize tout rejim tradisyonèl, popilis, koken non yon endividi | |
| |
| Auteur | Message |
|---|
Rico Super Star


 Nombre de messages: 6511 Localisation: inconnue Loisirs: néant Date d'inscription: 02/09/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: dindon de la farce
 | Sujet: Konba politik Rico vize tout rejim tradisyonèl, popilis, koken non yon endividi Dim 23 Mai 2010 - 12:30 | |
| Rappel du premier message :
Annou eseye mete nou dako ak moun otantik non magouyè ak magouyèz kap defann yon rejin ou byen yon lidè politik. Apre Duvalier ou anko Aristide ou byen Preval. Toutan mwen Rico poko entatad, poko mouri map bat chalbari dèryè koken. Se sa wi moun sou forom lan pa janm konprann. Mwen pa nan zafè ak koken, blofè ki pa vinn regle anyen. Se jwe popilis, pran fanm magouyèz avoka manjè lajan Teleko, pran fanm machann blakawout pou tonbe fè lajan mal, bay gwo zouzounn kinan yo avantaj nan plizyè sektè tankou la Dwann.
Zafè seism bali chans se yon boulshit pou koken ki gen selman 8 mwa pou kraze sa. Non Preval gen pou objektif fè eleksyon bidon, tripote konstitisyon, rantre ak bann depite ak senatè kwoupyon ak yon KEP MAGOUYÈ E DOMESTIKE.
Mwen konnen pil pwoblèm peyi sa se enposib pou regle tout. Mwen pa enkonsyan, ni yon radotè ki mande lenposib. O pwen peyi nou nan tout difikilte sayo, genyen preyalab ki dwe an mach. Se dabo voye signal klè pou bay espwa. Genyen twop magouy, koripsyon, vol byen leta o mwens bay signal klè pou ankete fouke, arete detounè, dilapidatè fon sayo. O mwen yo ta envesti ti tchotcho sayo nan kredi agrikol, nan kredi ti machann ak mwayenn antrepriz ki bay plis travay nan peyi sa pou malere viv. Vwala koriptè, MAGOUYÈ AK MAGOUYÈZ SE PWOP ZANMI, FANM, ASOSYE REJIM LAN.
Se konsa piti, piti yon ekonomi mache. Lakay vwazen Dominiken plen volo ak magouyè men yo mete mezi an plas pou rezoud pwoblèm konsa. Souvan se gwo nom yo flanke nan prizon. Lakay depwi dikdantan se pou frekan yo pran yon gwo bwa pou volo. A mwens ke li nan drog se Meriken ki fouke malendren konsa.
Nan 2 premye ane Preval yo, mwen te rete koul, mwen bali chans konprann li pal delivre machandiz la. Mouche egal li menm kom ansyen premye minis ak ansyen prezidan. Koken pa janm fè yon bon eleksyon, yon politisyen visye, magouyè kap destabilize tout pati politik nan sèvi ak kès ak avantaj pouvwa pou ekip koken li yo.
Se tout rezon sayo mwen di fok mwen konbat li san pran souf, pa BAY KOKEN KONSA OKEN REPI. YON LOT MONTE SE ANKO RETOUNEN NAN KAZ DEPA SI SE ANKO YON LOT VOLO. SE MONTRE YON JENES BANN ZOBOP SAYO PA MERITE POUVWA. |
|  | |
| Auteur | Message |
|---|
Sasaye Super Star


Nombre de messages: 5132 Localisation: Canada Loisirs: Arts et Musique Date d'inscription: 02/03/2007
Feuille de personnage Jeu de rôle: Maestro
 | Sujet: Re: Konba politik Rico vize tout rejim tradisyonèl, popilis, koken non yon endividi Mer 26 Mai 2010 - 11:59 | |
| Riko di: Ke entènasyonal vle ou pa vle kom toujou se volonte pèp ki toujou gen rezon.
Ok, alò, ann gade volonte pèp la. Si pèp la an grann majorite, leve mande demisyon Preval, la p oblije ale vre.
Men si se ekip politisyen mekontan avèk kèk moun, li pap oblije ale.
Epi, apre? |
|  | | Joel Super Star

 Nombre de messages: 8211 Localisation: USA Loisirs: Histoire Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le patriote
 | Sujet: Re: Konba politik Rico vize tout rejim tradisyonèl, popilis, koken non yon endividi Mer 26 Mai 2010 - 12:35 | |
| Tout se rans; Se te volonte pèp ki te fòse ARISTIDE ale an 2004,epitou te gen entèvansyon militè? Epi lan entèvansyon sa a ,se te san yon sèl gwoup ki te koule wi;pa sa? Yon lòt bagay ,""entènasyonal"" lan pa gen enterè pou PREVAL ale anvan lè,se plis pwoblèm y ap gen lan men yo;e nou pa gen fòs ase pou nou fòse l ale. Gen de nèg ki pè kou chat ,paske yo anfas majinalizasyon.Sanble jan bagay yo ap dewoule la a se tankou DOMINIKANI ke nou kapab vin ye ;ak 2 Pati politik:Inite ak Lavalas;menm jan ak DOMINIKANI genyen PLD ak PRD,e PRD te fòme ak yon disidans PLD. SI eleksyon lib fèt,anpil politisyen gen dwa blije chache lòt aktivite pou yo fè! |
|  | | Rico Super Star


 Nombre de messages: 6511 Localisation: inconnue Loisirs: néant Date d'inscription: 02/09/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: dindon de la farce
 | Sujet: Re: Konba politik Rico vize tout rejim tradisyonèl, popilis, koken non yon endividi Mer 26 Mai 2010 - 12:51 | |
| Se toujou konsa sou frè syamwa, nou te di plis ke sa. Nou refize konprann kapasite bon pèp. Poutan istwa nou tankou istwa lot rejyon sou latè chaje ak egzanp.
Ke li rele Etazini, la Risi, Loni, Loea. Yo pa kapab kontni yon Mouvman solidarite Popilè. SE BÈK A TÈ YO PRAL FÈT. YO PAP METE YO ANTRAVÈ VOLONTE POPILÈ. SE SWA YO KRAZE POUL YO OU BYEN POU LONI YO LESE KOKEN TONBE. |
|  | | Joel Super Star

 Nombre de messages: 8211 Localisation: USA Loisirs: Histoire Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le patriote
 | Sujet: Re: Konba politik Rico vize tout rejim tradisyonèl, popilis, koken non yon endividi Mer 26 Mai 2010 - 15:09 | |
| GRIJI,KONTINYE GRIJI. Nou pa p sis ,se tankou mwen te tande yon moun lan la ri an ki t ap pale de EVANS PAUL.Misye di tout nèg fin pèdi plim.Gen de nèg ki te yon K-PLIM;ki fin pèdi plim,a pèn si yo gen 1/32 plim kounye an e y ap chache repouse PLIM!
Ti mari pa p desann e nou anfas majinalizasyon paske nou pa ka devlope apwi popilè.Nou pran lan mera paske NOU PA KA IZE FÒS! Tankou nèg KONBA a te remake ;2010 PA 2004! |
|  | | | | Konba politik Rico vize tout rejim tradisyonèl, popilis, koken non yon endividi | |
|
Sujets similaires |  |
|
| | Permission de ce forum: | Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum
| |
| |
| |