|
| Auteur | Message |
|---|
ainsi ne soit-il Super Star


 Nombre de messages: 1850 Localisation: terre-neuve Loisirs: chiquer du tabac, molester les molosses Date d'inscription: 03/05/2010
Feuille de personnage Jeu de rôle: l'hallucinogène
 | Sujet: Re: La Frans Joel ak zanmi l yo pa vle veyikil pou lapolis yo dwe monte bourik yo Dim 30 Mai 2010 - 17:37 | |
| Kanta sa pa gen manti non, se plas lEta nèg ap tand. Kondi yon ansyèn konesans (lol) te konn di sinécure la dwe fini.
Tou dabor, konpatriyot J..., an verite depi Manigat te finn pran koudEta mwen pa janm enterese a li ankor. Dayè m'ap raple'm jan mwen te trouve misye se vendu pou plizyè rezon. Mwen te tonbe sou yon paket ekzanplè jounal "le Nouvelliste" si m'pa tronpe'm, sa fè lontan de tout fason, lè Manigat te prezidan. Mwen te jis blye misye lè m'tap li ke misye te rekizisyone yon paj editoryal chak jou kote l'ap voye yon bann refleksyon ki dekonekte de popilasyon a. Manigat pat janm pre pèp Ayisyen. Mwen tande pale de madanm li, pou mwen se du pareil au même. Menm si madanm la pa sanble li gen menm poz ak yon band gran jipon.
KoudEta Manigat a tre previzibl paske misye te lan manti e pi misye pat vinn chanje aryen. Sa se obsèvasyon pa'm. Manigat ansyen opozan ki te kondane a lekzil te retounen vin pran pouvwa anba lame ak milis duvalyeris. N'ap pale de Aristide, gen nèg ki pa ka santi Manigat jiska prezan an Ayiti.
R..., tout neg ki kanpe sou beat pou Preval ale anvan lè'l yo ap trouve tan a long anpil. Se pa pou nou mache lan koze gaz ak luil ki gen Ayiti e ke Preval ak klik li bezwen volè ap prepare pou y'al volè. N'ap pale de sa k'ap pase jodi a. Tout inisyativ depann de lajan ke nou pa posede imedyatman. Sa pa nesesè pou ap kritike biyè avyon premyè klas, otèl 4 etwal, se prezidan neg la ye, kelke swa sikonstans toujou gen bidjè pou resepsyon lan palais kondi yo di.
Si m'byen konprann se koulè politik Preval nèg pa vle wè menm. Preval pa ka fè eleksyon bidon. Pa ka gen eleksyon bidon an Ayiti si yo kite moun yo al vote. Chwa yo ap toujou klè sof lan ka ke yo pa respekte'l. E pi se tout a fè normal pou prezidan Preval gen moun li ta prefere ki pran pouvwa apre'l. Se pa jis yon kestyon de kouyann. Apa Lula ap apiye yon dam bra dwat li pou eleksyon k'ap prepare lan peyi Brezil.
Nou pa bezwen ap fatige kor nou. Nou konen trè byen ke gen anpil manbr la Chambre ki peri, pa gen batis ki ret kanpe. Anvan gen eta jeenero fo ke gen entèlokitè sur place ki ap sikjere sa. Preval pa ka tout sèl konvoke eta jenero. Sa tou se yon sommet e sa mande lojistik pou byen organize'l. E pa blye ke Ayiti se pa jis PAP.
Mwen itou, mwen ta fyè anpil si mwen ta tande dans les prochaines années ke gen conférences annuelles ki reyini tout reprezantan lan peyi a. Lè sa nou va di ke sa komanse mache tout bon... |
|  | | Rico Super Star


 Nombre de messages: 6511 Localisation: inconnue Loisirs: néant Date d'inscription: 02/09/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: dindon de la farce
 | Sujet: Re: La Frans Joel ak zanmi l yo pa vle veyikil pou lapolis yo dwe monte bourik yo Lun 31 Mai 2010 - 9:49 | |
| Mwen pran plezi reponn Martine ki sanble pa konprann ak tout respè pou li. E byen Martine nou te gen yon eleksyon nan peyi dAyiti nou kap rele yon elèksyon referandè kote tout fos peyi mete Aristide prezidan. Menm lè meriken vle manipile eleksyon sayo pou mete Bazin. Eleksyon Aristide se lajan ekip kite bakop li tankou Serge Gilles ki ranmase kont lajan nan oganizasyon charite an Frans, K Plim ki ipoteke kay li, Benoit ak Gerard Pierre Charles ki lonje kwi w yo nan oganizasyon Sosyal O meksik, nan Kanada, an Frans ak latriye.
Apre eleksyon saki bannou Aristide ki rantre sou pouvwa. Nou pral twouve menm Aristide ak Preval ki tonbe sèvi ak kès leta, lajan leta, mwayen leta pou genyen tout elèksyon yo pral fèt. Taktik koripsyon fonsyonè, pwomès djob lajan a gogo sou fonksyonè aparey elektoral. Finalman yo tonbe sou yon Direktè elektoral kite rele PHARARON.
Anmwe mouche sa pi mal, pi kreten ke makout yo nan bay fo rezilta elèksyon. Kanta bilten vot kandida yo pa renmen se nan poubèl bann yo twouve gras yon ekip jounalis kanadyen. Yo pa te menm bezwen volo elèksyon ak feblès yon opozisyon ki san mwayen ak lajan konpare ak pouvwa lavalas ou byen Preval ki gen vwati, lojistik, lajan leta nan men yo ,pou genyen elèksyon.
Martine zafè moun ale vote e pwi se fini. NON, NON, NON se eleksyon bidon sa rele ak magouy ki antache yo. ALOS MWEN SETOBLJE BAWOU EVIDANS SAYO POU KONPRANN TAKTIK KOKEN. Se pa ditou fasil rive konprann.
Men Martine, rico konnen byen aktè ak taktik yo mwen twouve repignan. Si w pa yon fanatik men byen yon sitwayenn ki vle byen pou peyi li, louvri byen gran 2 nawè w, fouye, ankete pa pran ze po kaka poul. Mwen pap defann lopozisyon. Kom mwen pa vle kraze yo tou. Non se sèvi ak saki bon pou vanse.
Ki kontèsk Martine mwen pale biyè avyon se nan zafè vinn nan konferans ki pa bay rezilta yo, se operasyon piblik pou enkonsyan depanse lajan. Se gaspigay ak saki ta dwe ede moun malere. Wi se cheuf men depanse nan bon kondisyon pwoftitanb ak rantab pou peyi a. NOU PA DWE KONTINYE AP DEPANSE POU SENERYEN, PIL DELEGASYON KI PA RACHE YON MO NAN KONFERANS. NOU FO TWOP AK ROULIBÈ, ANALFABÈT PAFWA KI NAN DELEGASYON. SE SAKAP PALE LA.
Martine mwen redi w anko men vle fè w konfyans kom Prevalyenn kap defann politik li de bonn fwa, non tankou fanatik tèt bese. Annou abode zafè eta jenero mwen te pale. Kom repons wou di pa gen la Chanm ni batis, sa mande lojistik. Martine mwen di non se pa enposib pa pale zafè lojistik. Non se yon peyi an katastrof. Plen mwayen de fotinn ezakteman yo ofri gouvenman. Tankou CIRQUE DU SOLEIL KI ORFRI NOU TANT AK TEKNISYEN POU MONTE CHAPITO POU FÈ KONFERANBS, TEYAT, AKTIVITE POU KENBE MORAL JENÈS YO.
E pwi si sa ta priyorite gouvenman genyen genyrn posiblite pou konvoke eta jenero sa. An palan la Chanm eske vyo pa reyini, eske gouveman pa reyini selon mwayen yo genyen. Se sa wi Martine yon gouvenman dwe gen priyorite. Se byen eta jenero sa ki te kap REKOMANDE L YO PROLONJMAN, SE TE SA OBJÈKTIF KI TAP CHECHE.
Peyi ba bezwen eleksyon tout swit, se la mwen di si nou te gen yon prezidan responsab ki renmen vreman peyi l, non rete sou vye konbinn e patizanneri li te dwe fokis sou eta jenero sa. Li te dwe mande tout sektè kofondi ki kote yo vle ale, ki rekonstriksyon yo vle pou peyi yo. Nn pran chans deside pou yo ak koken blan ki wè selman enterè yo. |
|  | | ainsi ne soit-il Super Star


 Nombre de messages: 1850 Localisation: terre-neuve Loisirs: chiquer du tabac, molester les molosses Date d'inscription: 03/05/2010
Feuille de personnage Jeu de rôle: l'hallucinogène
 | Sujet: Re: La Frans Joel ak zanmi l yo pa vle veyikil pou lapolis yo dwe monte bourik yo Lun 31 Mai 2010 - 22:40 | |
| Dizon ke nou pa konsevwa politik an Ayiti sou menm angl. Gen nèg se nostaljik du passé ke yo ye pandan ke gen lot se lite pou yon revolisyon lan fason nou te abitye menen bizniz pou wè si peyi a va vanse. Sa pap menen nou pi lwen si se kontinye ap fè sa yo rele de la p'tite histoire.
R..., tande non, mwen pa konprann pou ki sa w met etikèt Prevalyen sou nèg jist paske yo kontr koze rache manyók sa a ke w'ap reklame. Situyasyon a deja tro konplike, mwen pa ka rete lan patizan'ri mon chè. An verite, sa pi rèd ke yon foli. Tout nèg sa yo ki ap organize protestasyon rans sa yo jis ap profite du fait ke bra gouvènman chaje. Prochen chapit la se vyolans nou san lè tande ki mete pye. E lè MINUSTAH va entèvni ak fós nou pwal tande ke se Preval ki bay lód.
Jan de opozisyon sa yo jis bezwen ekeure gouvènman a. E nou konn sa ki sipoze rive. Lan krye au loup! lè moman a rive tout nèg sa yo pwal ekate lè se yon lót gouvènman ki pran pouvwa a. Tout nèg sa yo se yon point final y'ap mete sou karyè politik yo. Tout senjri sa yo se pou atire atansyon Zot ou Zanmi, ap montre ke yo gen apui.
Jiska prezan mwen gen dwa di ke mwen tronpe'm rarman sou deroulman koze politik yo. Tan myeu si gen yon seri de detay mwen pat ap suiv, paske sa ta anpeche mwen konprann lesansyèl lan sa ki anpeche peyi a chanje nèt. Sa rèd, Ayisyen asimile kilti diktatoryal la nèt an lespas de 30 ane. Se sa ki fè ke depi nou gen droit de parole, politik tounen yon spor nasyonal. Men ki lè n'ap kalifye?
|
|  | | Joel Super Star

 Nombre de messages: 8211 Localisation: USA Loisirs: Histoire Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le patriote
 | Sujet: Re: La Frans Joel ak zanmi l yo pa vle veyikil pou lapolis yo dwe monte bourik yo Mar 1 Juin 2010 - 8:01 | |
| M... mwen predi w ke si eleksyon fèt an Novanm jan sa ap pale an;kelkelanswa jan eleksyon yo an fèt,w ap wè menm nèg yo ap tounen ap mande pou yo kapote gouvènman an. Yo pa p fè sa sèlman si moun pa yo ta eli e pwobabilite an kont yo. Bagay politik sa a ,se yon gangrenn pou peyi sa a.Pou yon seri de nèg,politik se kapote gouvènman. Mwen ap gade sou sit DOMINIKEN yo,kote pati ki sou pouvwa rafle preske tout syèj lan Sena a 31sou 32. Apre eleksyon an ,pati ki te pèdi an di ke te gen sa k pa sa pou 12 syèj.Yo fè yon semèn ap pale de sa.Kounye an ale sou sit jounal yo ,yo pa mansyone sa ankò;se sou eleksyon 2012 y ap pale. Si sit sa a la toujou e apre e si eleksyon ta vin fèt an Novanm e nèg ta vini ap pale pou ranvèse gouvènman ,se pou MARC pwomèt pou l ""delete"" bagay sa yo. Nou fatige ak koudetayis! |
|  | | ainsi ne soit-il Super Star


 Nombre de messages: 1850 Localisation: terre-neuve Loisirs: chiquer du tabac, molester les molosses Date d'inscription: 03/05/2010
Feuille de personnage Jeu de rôle: l'hallucinogène
 | Sujet: Re: La Frans Joel ak zanmi l yo pa vle veyikil pou lapolis yo dwe monte bourik yo Mar 1 Juin 2010 - 8:56 | |
| Mwen kwè ke atitid sanzave a rive tro lwen, konpotman chita ap kritike san objektif la pa gen plas li lan dyalog pou peyi a. Shit! se sa yo rele "ka pèdi". Ki sa w vle si yon seri de nèg pa janm konn sa yo rele stabilite; lespri yo toumante trop. An verite, se anpil deranjman diktati Papa Doc ak rejim pouriti Baby Doc sa a fè lan sèvo ti Ayisyen. Diktatè se reprezantan bon Dye, tout sa ki rive sou rejim yo se normal. Sleroz entèlektyèl detenn sou yo nèt. |
|  | | Rico Super Star


 Nombre de messages: 6511 Localisation: inconnue Loisirs: néant Date d'inscription: 02/09/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: dindon de la farce
 | Sujet: Re: La Frans Joel ak zanmi l yo pa vle veyikil pou lapolis yo dwe monte bourik yo Mar 1 Juin 2010 - 13:21 | |
| | martine la tourmente a écrit: | Mwen kwè ke atitid sanzave a rive tro lwen, konpotman chita ap kritike san objektif la pa gen plas li lan dyalog pou peyi a. Shit! se sa yo rele "ka pèdi". Ki sa w vle si yon seri de nèg pa janm konn sa yo rele stabilite; lespri yo toumante trop. An verite, se anpil deranjman diktati Papa Doc ak rejim pouriti Baby Doc sa a fè lan sèvo ti Ayisyen. Diktatè se reprezantan bon Dye, tout sa ki rive sou rejim yo se normal. Sleroz entèlektyèl detenn sou yo nèt.
|
Martine wou rantre sou yon sijè mwen lanse pou fè deba kontradiktwa. Mwen byen apresye patisipasyon w . Wou pale atitiz sanzave a rive two lwen kap kritike san objektif, wou pale de diktakti ki fè dega nan sèvo moun.
Mwen vle anko janti avè w, mwen pa vle derive. Men pa two pwofite, eseye relve nivo echanj yo. Mwen pa vle fè menm jan ak mesye fanatik rejim politik yo. Mwen te setoblije asid menm jan ak yo trè souvan.
Pou komanse map redi w se yon ti nouvo ki pa konprann politik ti nèg. Zafè vyolans ak diktakti sou papa Dok la se selman disparisyon vyolans sistematik ak dwa parol nou genyen kom aki. Alos si w konprann genyen lot bagay ki chanje nan peyi sa wou nan manti.
Bann politisyen nou genyen ki sou pouvwa ak tout saki nan lopzisyon yo. Se te menm moun sayo kite rele kamoken ki tap lite kont diktakti sanginè. Apre 86 yo gen dwa parol, kanpe pou yo pa kraze yo, saki reprann pouvwa yo, pa kap retounen ak menm vyolans yo. Men Martine kwè m toujou genyen prezans yon vyolans meem si li pa sistematize, li plis sible.
Raple w vye konbinezon tankou zafè polis nasyonal kite o sèvis Aristide, answit vyolans bann ti lame patizan chimè Domi Nan bwa, ti mesye Gonayiv yo ak Meteyer ki fè kont vyolans tankou makout yo. Apre yo vire bo kont Aristide sou presyon kominote entènasyonal, lavalas touye Meteyer pou gen lapè.
Alos se fè atansyon yon koken tankou Preval li soti andedan tout vye konbinn ak machinn politik sayo. Li te yon premye minis li pral vinn Prezidan nan tout vyolans sayo ak bann ti lame shanpwèl sayo ki vinn fè yon lot FOM VYOLANS DIFERAN MAKOUT YO.
E pwi Martine saki te di pami tou moun sayo kite fristre kont yon diktakti Divalye se pou te chanje bagay yo. Sa vle di fason gouvenen, se toujou menm prensip rejim pase yo, nan patizanneri politik, nan VOLO ELEKSYON , MANIPILE APAREY LETA POU GEN AVANTAJ ELEKSYON, REFIZE OU ENKAPASITE METE FEN KORIPSYON, NAN ETABLI JISTIS, METE FEN NAN FAVORITISM, METE FEN KONTROL AK MANIPILASYON LA POLIS.
Dayè se rezon Minista toujou kanpe nan peyi dAyiti, yo pa fè nou konfyans pa genyen yon polis endepandan ak yon fos lame endepandan. Nou pa menm gouvenab. Alos pou di se nostaljik tan makout kap dekonnen. Non Martine wou sou rejim ki san kapasite asire meenm sekirite popilasyon l. SE PA POSIB POU DI SA W VLE NAN PALE DOBJEKTIVITE.
Franchman Martine wou pa bezwen yon doktora an politik pou konprann nou poko ladann. Mwen menm evite w rantre nan yon deba sou aspè ekonomik rejim sayo. Alos wou mande pou chita sou deryè nou kite koken, bay chans pou dirije nan sitiyasyon parèy. Non nou pa wè ditou bagay yo menm fason.
Martine mwen Rico se fondatè Fanmi se lavi, ki di baz Pati Lavalas, pa vinn aprann mwen politik moun mwen pratike depwi dikdantan. Moun ki nan manti ki divize ak saki bon yon kote zot nan opozisyon. Pou mete abse sou klou Preval fè plon gaye nan mitan yo. Si w vle kwè m. Rico pa satisfè tankou anpil zot taktik koken ki retounen nan menm vomisi makout yo. Se konsa jounen jodyè a mwen prefere pale, denonse sou wèb jan w di. |
|  | | ainsi ne soit-il Super Star


 Nombre de messages: 1850 Localisation: terre-neuve Loisirs: chiquer du tabac, molester les molosses Date d'inscription: 03/05/2010
Feuille de personnage Jeu de rôle: l'hallucinogène
 | Sujet: Re: La Frans Joel ak zanmi l yo pa vle veyikil pou lapolis yo dwe monte bourik yo Mar 1 Juin 2010 - 15:41 | |
| Si m'byen konprand, gouvènman chanje men lEta pap janm chanje. E byen se pou lEta chanje ke n'ap batay. Mwen gen dwa denonse yon kilti politik lakay nou san ke se pa sou yon endividu mwen ap lonje dwèt. Mwen pa vinn aprann pèson aryen sou politik an Ayiti. Mwen jis seye di pouki sa nou pa seye reflechi, reaji yon lot fason. Trop enèji gaspiye, trop sèvo fin pèdi. W wè, mwen pa tande radyo Aysyen depi yon bon ti moman paske n'ap tande yon des tonnes de nouvelles apèn se 3 lan yo pozitif. Mwen kwaze yon endividu ki poze'm kestyon sou Ayiti men ki sa mwen konprand ke li plis t'ap tande se lajan ki frenk bay e ke yo pa konn kote lajan sa a pase kom si se tann yo t'ap tann ke gouvènman tonbe distribye lajan bay chak moun. Nou pa konn sa nou vle mezanmi pou m'pa di ke nou jis kondane a siviv sou bout tè sila. |
|  | | Rico Super Star


 Nombre de messages: 6511 Localisation: inconnue Loisirs: néant Date d'inscription: 02/09/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: dindon de la farce
 | Sujet: Re: La Frans Joel ak zanmi l yo pa vle veyikil pou lapolis yo dwe monte bourik yo Mar 1 Juin 2010 - 16:02 | |
| | martine la tourmente a écrit: | | Si m'byen konprand, gouvènman chanje men lEta pap janm chanje. E byen se pou lEta chanje ke n'ap batay. Mwen gen dwa denonse yon kilti politik lakay nou san ke se pa sou yon endividu mwen ap lonje dwèt. Mwen pa vinn aprann pèson aryen sou politik an Ayiti. Mwen jis seye di pouki sa nou pa seye reflechi, reaji yon lot fason. Trop enèji gaspiye, trop sèvo fin pèdi. W wè, mwen pa tande radyo Aysyen depi yon bon ti moman paske n'ap tande yon des tonnes de nouvelles apèn se 3 lan yo pozitif. Mwen kwaze yon endividu ki poze'm kestyon sou Ayiti men ki sa mwen konprand ke li plis t'ap tande se lajan ki frenk bay e ke yo pa konn kote lajan sa a pase kom si se tann yo t'ap tann ke gouvènman tonbe distribye lajan bay chak moun. Nou pa konn sa nou vle mezanmi pou m'pa di ke nou jis kondane a siviv sou bout tè sila. |
Martine gouvenman se anko Preval. Sa pa egzite vreman, se sou papye yo di genyen yon gouvenman ak yon leta. Pa pran nan taktik koken mezanmi. Preval mennen bak peyi ak Aristide tankou yon rejim prezidansyèl kote gouvenman pa vreman egziste ou kontrole pouvwa l.
Zafè estrikti wap pale leta ak gouvenman, se yon boulshit. Sa rete sou papye, Martine nou toujou nan yon rejim Prezidansyèl ak Aristide ou byen Preval. Yo leta ak gouvenman. FÈ SAYO VLE, JAN YO VLE.
Rezon se pou ranvèse tout leta sayo pou chanje peyi sa. Si gen pou chanje anko nou dwe batay jouk mayi mi.
Mwen di nap pase tout dwat nan vle bay koken kredi. Martine nan lit yon pèp 20 zan se istwa vle yon jenn pèp. Genyen ki pase 10 fwa tan pou chanje tandans sayo. Alos bouke pale enèji ki dwe mete pou Ayisyen sispann bourike, manipile, domestike. Se parol konsa koken renmen tande pou yo powofite. |
|  | | | | La Frans Joel ak zanmi l yo pa vle veyikil pou lapolis yo dwe monte bourik yo | |
|
Sujets similaires |  |
|
| | Permission de ce forum: | Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum
| |
| |
| |