Sans Malice,
Genyen nèg konsa ann Ayiti tou wi,byen ke gen plis ki nan dyaspora a.
Dr IV DEJAN se ann Ayiti l ap viv .Mwen t ap tande tou PIERRE VERNET sou Radyo Solèy.
Vernet ,ki se yon lengis e ki se dwayen Fakilte Lang Aplike nan Pòtoprens te patisipe ak Minis Bernard an 1979 sou pwogram entrodiksyon Kreyòl lan nan Edikasyon.
Vernet di,ke yo te pre pou yo ale byen lwen,pou nan yon ti kout tan ale ak lang Kreyòl lan jis nan Inivèsite.
Se ti klas moun,ki pa vle wè okenn chanjman nan peyi an ki te bloke chanjman yo.
Kòm Dr MICHEL DE GRAFF di l,ti klas sa a konsidere franse an tankou yon privilèj e lang Kreyòl lan tankou yon menas ki ka anpyete sou privilèj yo.
Se tankou m ta di w,si franse pa t ekziste ,malpouwont sa yo t ap mande pou LATEN vin lang nasyonal (lol).
Palan de Minis Elevasyon Nasyonal lan,misye se yon "doofus",yon nil,ki pa gen plas li nan pòs sa a ki mande yon moun ki ka panse "outside the box",kòm ameriken yo di l .
Poukisa si Préval te serye,li pa t nonmen PIERRE VERNET kòm minis Elevasyon Nasyonal?
Préval manke seryozite!