Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti

FOROM AYITI : Tèt Ansanm Pou'n Chanje Ayiti.
 
AccueilAccueil  GalerieGalerie  PortailPortail  CalendrierCalendrier  FAQFAQ  RechercherRechercher  S'enregistrerS'enregistrer  MembresMembres  GroupesGroupes  Connexion  

Partager | 
 

 Lè yon moun resevwa w lakay li, se pou respekte ospitalite l.

Voir le sujet précédent Voir le sujet suivant Aller en bas 
Aller à la page : Précédent  1, 2, 3
AuteurMessage
Sasaye
Super Star
Super Star


Nombre de messages: 5132
Localisation: Canada
Loisirs: Arts et Musique
Date d'inscription: 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

MessageSujet: Lè yon moun resevwa w lakay li, se pou respekte ospitalite l.   Ven 4 Juin 2010 - 17:02

Rappel du premier message :

Mwen gen kèk tan ma p panse kijan pou m ta louvri kestyon saa.

FowomAyiti se petèt sèl kote tout ayisyen gen dwa bay opinyon yo, kèlkeswa koulè politik yo.

Plizyè sektè ak ideyoliji pale jan yo vle e lanpwen moun ki anpeche yo.

Te gen yon lè, yon ansyen manm te mande ke GNBIS pa gen dwa vinn pale lan sit lan.
Responsab yo fè misye konpran ke dapre kòd etik fowòm nan, nenpòt ki lide gen dwa mache, yon sèl bagay ke yo mande se respekte pèsonalite tout nèg menmsi ou pa dakò avèk lide l.

Men sepandan sèjousi, geyen yon ekip ki pratike kont prensip saa.
Si yon moun gen yon lòt apatenans politik oubyen deside swiv gwoup ki lan lide l,
nèg yo kanpe sou yon pil wòch pou kalonen, pou joure.

Kounyea moun ki panse yon lòt jan se KOKEN.
Si w bayo yon pwendvi yo pa renmen, ou se VOLO, yon lot fwa ou se KORONPI.

Nèg yo pase tan yo ap monte sou do Makanri ki administratè, pwoprietè sit lan.
Li bayo yon kote pou yo kapab eksprime yo lan deba ki pou bay Ayiti yon avni.
Men mesye yo pa enterese lan lòt bagay ke politik kras.

Nou pakapab chita sou do bèf la epi na p derespekte l.


Dernière édition par Sasaye le Ven 4 Juin 2010 - 18:08, édité 1 fois
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur

AuteurMessage
Thunder
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages: 4198
Localisation: Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs: Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription: 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

MessageSujet: Re: Lè yon moun resevwa w lakay li, se pou respekte ospitalite l.   Dim 6 Juin 2010 - 14:02

Rico a écrit:
Si nou pa fanatik lavalas, sèl fason pou nou fè sa se pa pè denonse yo tou, sispann lave yon bò e pi sali yon lòt bò, paske fè yo la, lavalas pa inosan nan malsite peyi an, se pa sèl Michel Francois ke yo konn di ki nan dwòg, se pa FRAPH ki te konn touye moun sèlman, ni se pa sèl Duvalier ki te vle kenbe pouvwa a "legalman" sèlman... dixit

Thunder se vreman chokan pou pran moun pou enbesil. Pou Martine ak Sasaye ap rablabla lè nou konnen Preval se premye koken ki lese volo sayo chape poul yo. ,Malgre tout evidans nan bann chèk zonbi ansyen zanmi ki yo anglouti.


Yo topiye ankèt sou UCREF ki pase selman 2 zan rejim kote volo decherpiye. Kom wou byen di bann moun sayo te nan konnivans, genyen mon konpè, pwoteje nan tout konbinezon drog. Tchwippppppppp


Rico,

Mesye sa yo se konsa ke yo ye, tout sektè se dyab an pèsòn men lavalas pa ka kase yon ze. Yon bann vòlò, asasen, malpouwont, sanginè tankou sanzave sa yo, epi pou ti nèg genyen odas ap defann yo.

Tout evidans yo la, men ti nèg kontinye plede. Preval bwouye tout pis. Epi yo vle se lòt moun ki pou di Preval "mèsi" Ala yon engra-TITID konpè?
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
Mak
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages: 6209
Localisation: Terrebonne
Opinion politique: Démocrate
Loisirs: La marche
Date d'inscription: 28/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le voyeur

MessageSujet: Re: Lè yon moun resevwa w lakay li, se pou respekte ospitalite l.   Dim 6 Juin 2010 - 14:14

Citation:
Rico,

Mesye sa yo se konsa ke yo ye, tout sektè se dyab an pèsòn men lavalas pa ka kase yon ze. Yon bann vòlò, asasen, malpouwont, sanginè tankou sanzave sa yo, epi pou ti nèg genyen odas ap defann yo.

Tout evidans yo la, men ti nèg kontinye plede. Preval bwouye tout pis. Epi yo vle se lòt moun ki pou di Preval "mèsi" Ala yon engra-TITID konpè?



Se dwol Thunder, j'aurais tendance à dire la même chose sur l'opposition. Mon ami , Haiti a un méchant Problème.
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
Thunder
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages: 4198
Localisation: Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs: Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription: 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

MessageSujet: Re: Lè yon moun resevwa w lakay li, se pou respekte ospitalite l.   Dim 6 Juin 2010 - 14:31

Mwen pa la pou m defann "opozisyon". Mwen denonse sa mwen panse ki pa bon pou peyi an. Sinon mwen pa t ap janm denonse seleksyon 2000 yo paske se lavalas ak lavalas ki t ap goumen pou laplipa. An 2004 se rat kay ki te manje pay kay.

Si genyen yon bagay ke mwen ap mande se chans pou peyi an fè yon bon eleksyon pou evite ke nou tonbe nan yon enpas politik ankò akòz koken ke Preval an pèsòn abitye fè.

Se sèl enbesil ki fè menm bagay lan tout tan, men li espere yon lòt rezilta. Sa vle di ke Preval abitye fè koken, nou ka tonbe nan menm penpenp 2000 yo.

Pou disip Aristide k ap jakase yo, mwen p ap di yo anyen. Mwen parye avèk yo, se yo ki genyen pou kriye si se Preval ki òganize seleksyon yo ankò. Lè sa a m ap pare yon po kann ak tout foumi pou yo.
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
 

Lè yon moun resevwa w lakay li, se pou respekte ospitalite l.

Voir le sujet précédent Voir le sujet suivant Revenir en haut 
Page 3 sur 3Aller à la page : Précédent  1, 2, 3

 Sujets similaires

-
» Lè yon moun resevwa w lakay li, se pou respekte ospitalite l.
» COMBIEN MOUN LIMANJE?
» Ki moun pi katolik ke Madan Michelle P.Louis kap fete Sentann Anse-A- Veau
» Lot bò figi Ayiti ke majorite moun pa konnen.
» GADE KI JAN YON GRAN MOUN ANRAJE,MADAN GERARD ETIENNE

Permission de ce forum:Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti :: Haiti :: Espace Haïti-