Listwa plen egzanp kote lè yon pèp menase nan libète l, nan souverennete li pran tout dispozisyon pou genyen dwa sayo. Anpil enkonsyan bliye Ayiti se premye pèp nan mond modenn ki sèvi blan franse yon leson.
Pa bliye Vietnam te flanke fos anvayisè Franse deyo. Meriken yo menm refize pran leson komèt erè pou enpoze 4 volonte yo. Yo sibi menm leson ak viktwa fos Vietkong yo.
Aganifstan fos sovietik yo pran tout yon rakle nan men konbatan peyi sa. Aktyèlman yo anlize ak tout lot koalisyon nan yon lagè san fen nan rejyon sa.
Aktyèlman yo voye bann solda pèpè an Ayiti. Nou genyen yon reprezantan ki rele Milet, yon move bourik ki konprann li chef enkonteste peyi dAYITI. Preval twouve l se yon swive, yon ti moun Milet ki anonse lè eleksyon yo pral fèt. POUTAN SE PEROGATIV PREVAL.
Alos kote m vle vini se pa ni premye, ni dènye fwa fos okipasyon echwe nan misyon l. Pa konprann yo pral kanpe an kwa lè pèp souvren pa vle tande. VRÈ TORO GRONDE SE PÈP SOUVREN, ALE MANDE AFRIKEN YO.
Zafè konte sou bann ti solda pèpè yo , lè pèp an kolè, se move kalkil. KI LÈ NOU DWE KONPRANN YO PA GENYEN YON MOUVMAN LIBERASYON KÈLKE SWA GWOSÈ LAME.