Mezanmi, si gen yon moun ki merite tout onè an Ayiti, se byen Sonia Pyè.
Yon fanm totalkapital ki janbe tout lantouraj pou li rive kòm yon lidè ki rekonèt entenasyonalman.
Fanm saa a limenm sèl, pran lit pou fè respekte dwa ak entegrite ayisyen an Dominikani.
Gouvenman dominiken, menase l, pèsekite l; yo te menm eseye depòte l an Ayiti memsi se an Dominikani li te fèt.
Kennedy Centre te bay madanm saa yon meday, gouvènman dominiken ekri yon lèt de pwotestasyon komsi yo pat dwe bay fanm saa tout onè sayo.
Gouvènman ayisyen te dwe fè yon moniman nasyonal pou Sonia Pyè.