Mesye wo.
Konn sa n ap di ak zafè la FRANS nou an.
Mwen li yon atik sou LE MONDE semenn pase an ki di ke 71%franse yo yomenm di ke la FRANS an deklen.
Donk mesye ,nou pi wayalis ke le wa.
Lòt chif;ou genyen sa yo rele ""CHANGHAI LIST"" lan.Se yon lis chinwa yo met deyò pou detèmine 100 pi bon inivèsite sou planèt lan.
Lan lis sa a ,Franse yo gen 3 inivèsite,AMERIKEN yo,li byen wi,genyen 59.
Franse yo pa menm gen yon inivèsite lan 40 ki pi bon yo;alman yo genyen ,angle yo genyen.
E zafè ap plede di ke la FRANS se pwisans nikleyè an ;AFRIK DI SID se te pwisans nikleyè tou,se yomenm ki detwi bonb yo.
Si BREZIL vle konstwi bonb nikleyè ;yo pa p pran 6 mwa pou yo konstwi yon divida bonb...
TONNÈ FOUT;ABOANNOTCHO!
Reye la FRANS,AYISYEN ki al etidye an FRANS yo ,jwe yon wòl ki kowozif twòp lan istwa peyi an;sitou tankou JACQUES DELORS te di l;ayisyen sa yo tounen ak tout defo franse yo ,pa avèk kalite yo.