Si mwen byen konprand se an Ayiti eleksyon ap fet. Non?
Plen neg ki grandi lan dyaspora kap retounen depi lontan al bay peyi a servis. Dakor Wyclef grandi lan USA, dakor se vre ke li vle retounen lakay men pa blye ke se si li elijibl se avan tou paske papye li en regl lwa elektoral ou kontituston a.
Gen anpil neg ki tavle fe byen an Ayiyti men sa telman difisil akoz de koripsyon. Tankou mwen tap tande, si Wyclef ta genyen kous la, nou pa konen si li ka kontre neg yo.
Alor, mwen byen kontan w siyale jan medya etranje ap voye misye monte ou desand, de toutfason, Wyclef te deja konen ki vag publisite li pwal jwenn. Men kous la panko komanse. E si kaoutchou misye ta vin plat lan kestyon a, se la w pwal tande.
Mwen swete misye bonn chans kan mem paske mwen pa kandida e san ipokrizi, mwen pa yon aplodi pou misye. Ler w byen gade gen anpil fason pou gouverne. E se sa k fe mwen te di ke si Wyclef ta prezidan chay premye minis la pwal kentuple.
Etan done ke yo pa ka defet travay ki anplas apre katastrof la, tout move politisyen yo pwal ret trankil. Nou pat vle prolongasyon sikonstansyel pou Preval, gen ki pat menm vle misye fini manda, alor tout moun pran bal yo lan fron yo. Yo te bezwen eleksyon, e byen zot ap bay yo eleksyon...