|
| Auteur | Message |
|---|
ainsi ne soit-il Super Star


 Nombre de messages: 1849 Localisation: terre-neuve Loisirs: chiquer du tabac, molester les molosses Date d'inscription: 03/05/2010
Feuille de personnage Jeu de rôle: l'hallucinogène
 | Sujet: Yon ti jès pou Pakistan Dim 15 Aoû 2010 - 22:43 | |
| N'ap gade sa k'ap pase lan peyi sila? Hum!
Mwen sèten ke gen omwen yon Pakistanè(z) ki te touche a sa ki te rive'n an Ayiti. M'ap di menm sèl moun sila bon kouraj.
Sa k'ap pase konsa? La nature serait-elle devenue sélective et plus précise qu'un chirurgien?
Mais où est Dieu? Ce robineux de Dieu n'a aucun contrôle sur ce qui se passe sur cette planète. Imaginez, un bon papa tout-puissant qui assiste impuissant à la disparition de 300.000 pitit li ki pat janm pase yon jounen san pale de li. |
|
 | |
Sasaye Super Star


Nombre de messages: 5132 Localisation: Canada Loisirs: Arts et Musique Date d'inscription: 02/03/2007
Feuille de personnage Jeu de rôle: Maestro
 | Sujet: Re: Yon ti jès pou Pakistan Lun 16 Aoû 2010 - 7:47 | |
| Gen de bagay ineksplikab wi.
Yon moun ki konkli ke gendefwa lom konn ede lanati pa nesesèman linatik non!
Yo di gen enstriman ki gen kapasite saa.
|
|
 | |
Rodlam Sans Malice Super Star


 Nombre de messages: 11116 Localisation: USA Loisirs: Lecture et Internet Date d'inscription: 21/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Stock market
 | Sujet: Re: Yon ti jès pou Pakistan Lun 16 Aoû 2010 - 19:19 | |
| Mon chè ane 2010 saa se yon ane terib wi.Fok nou blije voye yon ti kob ba la kwa rouj menm si li pa anpil.Ki kalite koze saa?eske nou pral jwen bilyon yo te pwomet nou yo ak katastrof saa ki rive nan pakistan? |
|
 | |
ainsi ne soit-il Super Star


 Nombre de messages: 1849 Localisation: terre-neuve Loisirs: chiquer du tabac, molester les molosses Date d'inscription: 03/05/2010
Feuille de personnage Jeu de rôle: l'hallucinogène
 | Sujet: Re: Yon ti jès pou Pakistan Lun 16 Aoû 2010 - 19:43 | |
| Pa gen anyen inosan sou tè sila ankor depi Premyè Gè Mondyal la. E pi atitud enperyalis kote y'ap chèche enpoze chanjman lan yon seri de sosyete au nom du progrès. Se tankou manman'm te konn di yo pa fóse bourik bwè dlo men yo forse'l janbe dlo. Alor tout gran mwayen bon pou voye on seri dirijan al reflechi, al mande tèt yo ki ès ki pi gwo dyabl la. Se ban'm sa mande'w la, ou byen m'ap forse bra w, m'ap fè w mache...
Pi pre nou mezanmi, m'ap sonje yon evenman ki te pase lan yon rejyon, sanble se kote moun yo solidè anpil e yo nasyonalis tout bon. Bagay yo t'ap chofe tout bon... e pi gwo katastrof te blayi. Si n'ap suiv, n'a sonje ke te gen yon ti mezon blanch ki te ret kanpe. (lol)
Gen yon nèg bor isit, tankou y'ap di pou 'Clef, konpatryot li yo te renmen blage kom kwa li pa pale ni franse ni angle byen, misye fè anpil moun pè wi. Federalis! pa gen konsa... (lol)
Pi seryezman apa m'ap tande Ban'kimoun ap plenyen pou reta sekou ak èd entènasyonal ap pran toujou pou yo rive lan peyi sila. Pi rèd ankor UNICEF manke mwayen pou li pran ti moun sinistre yo en main.
An efè, se pa bon siy pou Ayiti. Anhan! nou wè la itou ke malè yon lót pa ka bon nouvèl pou nou. |
|
 | |
Rodlam Sans Malice Super Star


 Nombre de messages: 11116 Localisation: USA Loisirs: Lecture et Internet Date d'inscription: 21/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Stock market
 | Sujet: Re: Yon ti jès pou Pakistan Lun 16 Aoû 2010 - 21:24 | |
| E katrina menm ki les ki te fè sa rive.se yo ki tap teste gwo zam pa yo sou tet yo tou?lotrejou la te genyen yon inondatyon nan midwest la se yo ki tap teste zam yo sou moun sa yo.Ala traka papa lè moun pa vle wè w.tou tan yon peyi pi pov pi peple e mwens organize desas natirel yo fè plis dega.di fe ki ap boule kay ak forè an Russie se meriken ki metel tou, sak konn ap boule kay nan kalifornia se russ ki ap boule ak meriken yo?tranbleman de tè ki pase o Chili ya se meriken ki frape chilyen yo tou poukisa menm?
kiles ke mwen te pose kestyon saa se benlatay ;mò papa mwen nonmen nonw mwen pa reveye non(lol) si yon tranbleman de tè pase an ayiti ki moun ki ap premye al pote sekou ,mwen pat menm konnen si te genyen tranbleman de tè ki te pral pase an ayiti;al fouye nan archiv forum lan na jwen kote mwen te pose kestyon ;mwen se gwo ajan mwen konnen sa te pral pase.(lol)Ki moun ki te premye debake?mwen pa kontan tranbleman de tè sa pase non men tou neg antimeriken yo nou wè papa.devan verite manti kaba.Kote russ yo mwen pa wè yo o pakistan.se pa pawol moun ki ap manje poul mouri non se pou nou montre m sa russ yo a p fè o pakistan jounen jodya?se pou nou dim konbyen lajan russ yo vote pou bay ayiti?Ti neg a pran leson "pye bef pou pye bef moun lakay mwen di se pou nou prany ka pratik."o mwen na jwen kredi lè sa pa bon. |
|
 | |
Rodlam Sans Malice Super Star


 Nombre de messages: 11116 Localisation: USA Loisirs: Lecture et Internet Date d'inscription: 21/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Stock market
 | Sujet: Re: Yon ti jès pou Pakistan Lun 16 Aoû 2010 - 22:45 | |
| Mwen byen di ke lè desas natirel yo rive se moun ki pi feb yo ki toujou peye konsekans lan.sak fè se moun nwa plis ki te rasamble nan stad la se paske se yo ki pat genyen machinn.e se neglijans mayor la ak gouvenè ya ki pat mete anpil bus pou te transpote yo lot kote.Jodya an ayiti se pa brandt ak madsen ak akra yo ki ap domi anba tant yo.eske se gouvenman ki fè sa?Moun sa yo menm si kay yo te kraze men yo genyen lot kote yo ka viv.Pafwa se pa sa yon moun di ki ofansan se sa w infere ya. |
|
 | |
Thunder Super Star


 Nombre de messages: 4193 Localisation: Planet Earth (Milky Way Galaxy) Loisirs: Target Practice, Sports Cars, Konpa... Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le gardien
 | Sujet: Re: Yon ti jès pou Pakistan Lun 16 Aoû 2010 - 23:13 | |
| Sans Malice,
Pa okipe "conspiracy theorists" yo. Yo wè konplo menm anba kabann yo. Kontinye mande yo eske tranbleman de tè Alaska ak nan California se yo ankò ki te "pwovoke l"?
Si mesye sa yo ka di ke moun poko ale sou lalin tout videyo ki fèt la yo se montaj, kisa ke yo p ap di? |
|
 | |
Rodlam Sans Malice Super Star


 Nombre de messages: 11116 Localisation: USA Loisirs: Lecture et Internet Date d'inscription: 21/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Stock market
 | Sujet: Re: Yon ti jès pou Pakistan Lun 16 Aoû 2010 - 23:15 | |
| Konbyen mwen kontan li sa w ekri ya.Bravo thunder. |
|
 | |
Thunder Super Star


 Nombre de messages: 4193 Localisation: Planet Earth (Milky Way Galaxy) Loisirs: Target Practice, Sports Cars, Konpa... Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le gardien
 | Sujet: Re: Yon ti jès pou Pakistan Lun 16 Aoû 2010 - 23:23 | |
| Bout semèn pase an, mwen te okipe anpil, mwen te oblije bay fowòm nan yon break pou m ka okipe zafè pèsonèl mwen. Men mwen la, m p ap lage. Nan respè youn pou lòt, n ap kontinye toke kònn. |
|
 | |
T-NEG Modérateur


 Nombre de messages: 3549 Localisation: Montreal Loisirs: Sport Date d'inscription: 29/12/2008
 | Sujet: Re: Yon ti jès pou Pakistan Lun 16 Aoû 2010 - 23:47 | |
| Mwen kwè ke si on zam konsa te egziste, USA tap gentan ranvanse Ahmajinejad oubyen Kim Jong Il _________________ «En me renversant, on n'a abattu à Saint-Domingue que le tronc de l'arbre de la liberté, mais il repoussera car ses racines sont profondes et nombreuses» Toussaint Louverture.
|
|
 | |
Rodlam Sans Malice Super Star


 Nombre de messages: 11116 Localisation: USA Loisirs: Lecture et Internet Date d'inscription: 21/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Stock market
 | Sujet: Re: Yon ti jès pou Pakistan Mar 17 Aoû 2010 - 0:04 | |
| Men moun ki dwe dentelijans, gen lè bon dye pa ba tout moun don saa vre.(lol) |
|
 | |
Rodlam Sans Malice Super Star


 Nombre de messages: 11116 Localisation: USA Loisirs: Lecture et Internet Date d'inscription: 21/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Stock market
 | Sujet: Re: Yon ti jès pou Pakistan Mar 17 Aoû 2010 - 0:08 | |
| Thunder
depi lotrejou mwen genyen yon kestyon ke mwen anvi pose w ;mwen mande w pou reponn mwen ak tout onèteté w.Si an 1957 yon gwoup militè ou polisye ta rantre nan klinik doktè Duvalier tankou yo te rantre nan legliz Saint jean bosco kote yo te youye fanm ansent ki sa w panse lè Duvalier te vinn presidan ki tap pase jandam oubyen poilisye sa yo?Si se te duvlaier ke cedras te bay kou deta an 1991 epi bill clinton te voye marine mennenl an ayiti ki sa ou panse ki tap rive jandam yo ak boujwasi ya an 1994.? |
|
 | |
Thunder Super Star


 Nombre de messages: 4193 Localisation: Planet Earth (Milky Way Galaxy) Loisirs: Target Practice, Sports Cars, Konpa... Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le gardien
 | Sujet: Re: Yon ti jès pou Pakistan Mar 17 Aoû 2010 - 1:13 | |
| Mwen eseye reponn kesyon w lan nan ribrik Haiti-politique lan. |
|
 | |
|