Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti

FOROM AYITI : Tèt Ansanm Pou'n Chanje Ayiti.
 
AccueilAccueil  GalerieGalerie  PortailPortail  CalendrierCalendrier  FAQFAQ  RechercherRechercher  S'enregistrerS'enregistrer  MembresMembres  GroupesGroupes  Connexion  

Partager | 
 

 Kisa ke Duvalier t ap fè nan plas Aristide?

Voir le sujet précédent Voir le sujet suivant Aller en bas 
AuteurMessage
Thunder
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages: 4193
Localisation: Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs: Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription: 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

MessageSujet: Kisa ke Duvalier t ap fè nan plas Aristide?   Mar 17 Aoû 2010 - 0:54

Pèmèt ke mwen mete kesyon w lan la a.

Sans Malice ekri:

Citation:
Thunder

depi lotrejou mwen genyen yon kestyon ke mwen anvi pose w ;mwen mande w pou reponn mwen ak tout onèteté w.Si an 1957 yon gwoup militè ou polisye ta rantre nan klinik doktè Duvalier tankou yo te rantre nan legliz Saint jean bosco kote yo te youye fanm ansent ki sa w panse lè Duvalier te vinn presidan ki tap pase jandam oubyen poilisye sa yo?Si se te duvlaier ke cedras te bay kou deta an 1991 epi bill clinton te voye marine mennenl an ayiti ki sa ou panse ki tap rive jandam yo ak boujwasi ya an 1994.?
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
Thunder
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages: 4193
Localisation: Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs: Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription: 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

MessageSujet: Re: Kisa ke Duvalier t ap fè nan plas Aristide?   Mar 17 Aoû 2010 - 1:12

An tout onètete, mwen panse ke si Duvalier ta fè plis ke Aristide nan tan modèn sa a, konnen ke misye pa t ap konnen reflechi ditou, e li pa t ap wè pi lwen ke nen l. Sa vle di ke sa Duvalier te ka fè an 1957, li pa t ap kapab fè li an 1995. Li t ap oblije anplwaye menm taktik ak Aristide asavwa, ame milis anba chal pou asasine, entimide, kraze zo etidyan ak lòt moun ki pa dakò ak rejim anti-demokratik ak sanginè li an. Li t ap oblije mete yon polis koupyon k ap fè maskarad, men ki kanpe san fè anyen lè chimè ap mache sou manifestan pezib.

Donk se pa anvi an ke Aristide pat genyen, lè nou konsidere diskou pè lebren misye yo. Se enposibilite ki te parèt anfas li. Menm diktatè kòryas tankou Castro ak Chavez konprann sa, se sa ki fè ke taktik yo chanje. Kounyea, Le monde est un gros village, sitou lè se entènasyonal k ap finanse bidjè anyèl wou a 70% chak ane.

Anvan yo fè diktati, se pou yo sispann vòlò, desitire koripsyon, mete ekonomi an anfòm pou peyi an sispann mande charite, pou "le blan" pa foure bouch nan koze yo. Epi apre, foli chèf yo mèt monte yo (lol).
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages: 11116
Localisation: USA
Loisirs: Lecture et Internet
Date d'inscription: 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

MessageSujet: Re: Kisa ke Duvalier t ap fè nan plas Aristide?   Mar 17 Aoû 2010 - 9:44

Se pa ke mwen te atann ke w te pral reponn mwen ak onetete vre paske mwen rekonet an ayiti politik se yon jeng.mwen sot ap li ki jan piti yon nonm ki disparet ,yon kad byen fome an ayiti blije kite peyi ya vit pou yo pa touyel tankou yo touye papal.ou pa t kon Duvalier ase vre e mwen petet pat konnen Aristide ase tou ,men zafè konpare 2 moun sa yo kwem si w vle equation saa pa balanse menm.E map diw franchman mwen sim ta nan plas Aristide e byen se gè sivil ki tap genyen an ayiti anvan pou mwen ta pran dezyem kou deta.An nou remersye bon dye ke se aristide ki te chef deta an 2004 paske si se te Duvalier wap pale de etidyan fakilte syans imenn ki te pran 2 kout baton nan men pep souveren e byen mon frè menm fanmi ti mesye sa yo tap Fort dimanch devan peloton tande ti papa.guy philipe .daye li pa tap pran chans fè sa li te fè ya vre a mwens ke li te fou se li sel ki tap rete nan fanmi l lè li ta blije retounen an dominikani e menm an dominikani Duvalier tap fè manje l.

mwen pap janm tolere oken dikatati ke li de dwat ou byen de goch men tou an ayiti si yon moun konprann ou pral gouvene peyi ya selon norm lot peyi e byen ou met tout rete lakay w.Ou di sa duvalier te ka fè an 1957 li pa tap ka fè l an 2004 petet wi petet non fok ou sonje ke Soviet Union pa eksiste ankò.men sa pa vle di ke Duvalier tap kite boujwasi patrone kou deta non.tankoul te kon di li tap fè dada yo tounen paswa.e map mande tet mwen si se pa yon Duvalier pwogresis ke ayiti beswen jounen jodya.
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
Thunder
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages: 4193
Localisation: Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs: Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription: 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

MessageSujet: Re: Kisa ke Duvalier t ap fè nan plas Aristide?   Mer 18 Aoû 2010 - 16:48

Mwen avè w p ap janm ka wè Aristide menm jan. Mwen pa kwè ke w te janm mete pye w Ayiti pandan ke se misye ki t ap koupe rache. Mwen menm, apa de ti vakans ke m konn ale pase andeyò peyi an, mwen viv li nan tout entyèman de fason rapwoche.

Lè Rudy Therassant te touye Hector; lè Jacques te nan elikoptè pou yo te touye l; lè avyon te konn ateri sou wout 9 nan Drouillard ak eskòt SWAT TEAM byen manbre; lè konplo pou touye Robenson, Rosemond alyas Ti bab; Christine Jeune te fèt, kwè m si w vle, wou pat konnen.

Yon lòt kote, fòk mwen di w ke zafè gè sivil ke w ap pale an, Aristide te eseye l. Aristide pat kouri san pantalèt konsa konsa, li te goumen. Men lè ke popilasyon an p ap mache dèyè w, pa genyen lòt chwa ke jete w, sinon w ap kite po w dèyè. Listwa montre nou ke se pa milis ni eskadwon lanmò ki kenbe pouvwa. Luc Desir, Ajimal, Dread Wilme, Berthony, Ti Blan, Ti Kouto, Rene Civil, Claude Raymond... pa kapab bay pouvwa avi.

Kwè m si w vle, 1957 pa 2004. An oken ka, Duvalier pa t ap kapab genyen dwa de vi e de mò sou tout Ayisyen. Tan sa yo pase, e p ap janm retounen ankò. Pèp Ayisyen an peye libète l ak pwòp san l. Kit se nan men kolon blan, kit se nan men diktatè. Nou sèmante 77 fwa 7 fwa, pli jamè kesyon de Fò Dimanch ak asasinay politik degize ap kontinye nan peyi an pandan tout Ayisyen ap rete 2 bra balan.
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages: 11116
Localisation: USA
Loisirs: Lecture et Internet
Date d'inscription: 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

MessageSujet: Re: Kisa ke Duvalier t ap fè nan plas Aristide?   Mer 18 Aoû 2010 - 18:03

Chen di gade pa twop .Ayisyen te di menm bagay la apre Nord Alexis poutan nou te pran anba papa doc.mwen pa ta swete ke nou pran anba yon dikatè sanginè retrograd ankò non.men tou zafè pou senkyem kolonn lan ap peye mèsenè epi fè konplo ak gouvenman etranje pou jete presidan ki ap defann dwa pep la a yon vi miyò fok li fini tou.

A mon chè pa dim Aristide te goumen.Si Arsitide te goumen sak rive ya pa tap rive ou konn sa byen.Jodya anpil nan mesye GNB yo zo yo pa ta bon pou fè bouton.Aristide pat genyen kouraj poul fè revolutyon ekonomik ki merite fet an ayiti.Point.Li se yon bo palè ti fesè.
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
Thunder
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages: 4193
Localisation: Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs: Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription: 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

MessageSujet: Re: Kisa ke Duvalier t ap fè nan plas Aristide?   Mer 18 Aoû 2010 - 18:38

Ki moun ki ta p defann dwa pèp lan la a? Wou menm ankò , wou ekri ke li se yon gran palè men ti fezè. Alò se nan Tim tim bwa chèch ke dwa pèp lan t ap defann la a? Come on Sans Malice!

Anplis ki zafè pou jete prezidan sa a? Konstitisyon an prevwa kijan pou yo destitiye gouvènman lejitim, men li pat prevwa kòman pou yo bwote moun ki pran pouvwa a daso ak koudeta?

Aristide p at goumen? di m kijan ke sa a rele:

http://www.haiti-news.com/spip.php?article601

http://www.haiti-info.com/spip.php?article1205

Sa yo se te anvan menm ke chèf fouk Lavalas yo te rantre nan vil Gonayiv.

Revolisyon ekonomik te fèt wi, men pou sèlman Aristide ak akolit li yo. Yo tout sòti de chyen k ap tranpe kasav pou yo, pou vini milti milyonè e ap achte kay milyon dola sou kote kay menm boujwa ti lolit ke yo pran pòz ap kritike yo.
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages: 11116
Localisation: USA
Loisirs: Lecture et Internet
Date d'inscription: 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

MessageSujet: Re: Kisa ke Duvalier t ap fè nan plas Aristide?   Mer 18 Aoû 2010 - 19:21

Thunder

mwen pa konnen siw janm patisipe nan yon kanpay kont rebel an ayiti.byen ke mwen pat nan enfantry mwen konn ki jan moun ki genyen kouraj batay tande mon frè.Nap kraze yon kite saa pase ma di twop bagay ki jan Aristide te ka fè Guy Philipe wè koulè sanl depi an dominikani.Arisitide se te yon ti lezanj nou kouri ak li.Men Thunder ke vyej pete jem genyen moun ki ta presidan an ayiti yo ta di nou fè sa nou fè an 2004 nou ta di si moun ki sigjere nou fè saa fou.E se pa jwe map jwe non.Aristide te genyen yon paket fenean bò kotel.Moun ke se pale selman yo konn pale.
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
 

Kisa ke Duvalier t ap fè nan plas Aristide?

Voir le sujet précédent Voir le sujet suivant Revenir en haut 
Page 1 sur 1

 Sujets similaires

-
» Ambassade Américaine le retour de Duvalier et Aristide n'apporterait rien utile
» Michel Martelly songe à amnistier Duvalier et Aristide
» Kisa ke Duvalier t ap fè nan plas Aristide?
» Gwo Desepsyon pou PEP la Si Martelly ta Pardonè Diktatè JC Duvalier
» Crimes financiers commis par nos chefs d'Etat

Permission de ce forum:Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti :: Haiti :: Espace Haïti-