| Auteur | Message |
|---|
Rodlam Sans Malice Super Star


 Nombre de messages: 11116 Localisation: USA Loisirs: Lecture et Internet Date d'inscription: 21/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Stock market
 | Sujet: Re: REFÒM EDIKASYON SISTÈM LAN ANN AYITI Mer 18 Aoû 2010 - 15:45 | |
| sassaye
Zafè Dada Serena se yon bagay ekstraordinè papa. |
|
 | |
Amoph Star

 Nombre de messages: 392 Date d'inscription: 24/08/2006
 | Sujet: Re: REFÒM EDIKASYON SISTÈM LAN ANN AYITI Mer 18 Aoû 2010 - 16:33 | |
| | Citation: | Notr byen-eme Joël a ekri :
AMOPH; Ou pi entelijan ke sa.Se nou ki te envante foutbòl? Nou pa t envante ni foutbòl,ni bezbòl;alòs kouman w fè di ke foutbòl lan kilti nou,bezbòl pa lan kilti nou. Eksplikasyon an ,sè ke ti klas moun ki antèt yo;se tankou se franse yo ye.Yo vwayaje ,y al etidye an FRANS,yo jwenn franse yo ap jwe foutbòl ,donk se pou yo jwe foutbòl tou. Si yo t al an FRANS,yo te jwenn franse yo ap jwe bezbòl,ou t ap jwenn tout ti ayisyen ap jwe bezbòl menm jan ak ti dominiken ,ti kiben ak ti venezwelyen yo. |
Peti rapèl : Se anglè yo ki envante football.
Football de trè lwen le spOr le plu populèr o mond (nan tout rekwen planèt la, gro football ap jwe). "Filles" tou kOm "garçons" ap choute boul. Dè sOm darjan astronomik ap brase nan football la, surtou an "Europe" (dè milyar e dè milyar).
Dezole :
An Ayiti, pèupl la tèlman atache a football li (Partisipasyon DAYITI a la KOUP du MOND de 1974 a Munich an "Allemagne en témoigne" ).
Kèlkeswa otr disipli'n spOrtiv ke nou ta vle fèr populasyon an dekouvri nan peyi a (par exanpl : baseball) ta pral oblije pase, dan le meyèur dè ka, o segon plan.
Amoph
|
|
 | |
Sasaye Super Star


Nombre de messages: 5110 Localisation: Canada Loisirs: Arts et Musique Date d'inscription: 02/03/2007
Feuille de personnage Jeu de rôle: Maestro
 | Sujet: Re: REFÒM EDIKASYON SISTÈM LAN ANN AYITI Mer 18 Aoû 2010 - 16:35 | |
| Ahhh Malis, Ou wè sa tou?
Fanm saa ka touye yon nèg wi !!!!! |
|
 | |
T-NEG Modérateur


 Nombre de messages: 3441 Localisation: Montreal Loisirs: Sport Date d'inscription: 29/12/2008
 | Sujet: Re: REFÒM EDIKASYON SISTÈM LAN ANN AYITI Mer 18 Aoû 2010 - 17:02 | |
| M'pa si telman renmen gade Beisbos, se plis leu sou terren wap jwe jwet sa bel. Fok ou kalkile ak ki vites lap bal lap a vini e moman presis pou frappe bal lan. _________________ «En me renversant, on n'a abattu à Saint-Domingue que le tronc de l'arbre de la liberté, mais il repoussera car ses racines sont profondes et nombreuses» Toussaint Louverture.
|
|
 | |
Rodlam Sans Malice Super Star


 Nombre de messages: 11116 Localisation: USA Loisirs: Lecture et Internet Date d'inscription: 21/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Stock market
 | Sujet: Re: REFÒM EDIKASYON SISTÈM LAN ANN AYITI Mer 18 Aoû 2010 - 18:10 | |
| sassaye
sa w di ya se pa yon figi de speech non kondi meriken yo di ya.Si fanm saa pa fwad kondi nou di epi li vle ba yon nonm randman vre li ka rete kè w wi .men kondi pwoverb la di ya puisqu'il faut mourir,mourrons pour un plaisir vraiment excitant.Mwen sonje anna creole wi. |
|
 | |
Sasaye Super Star


Nombre de messages: 5110 Localisation: Canada Loisirs: Arts et Musique Date d'inscription: 02/03/2007
Feuille de personnage Jeu de rôle: Maestro
 | Sujet: Re: REFÒM EDIKASYON SISTÈM LAN ANN AYITI Mer 18 Aoû 2010 - 18:49 | |
| Mwen sonje anna creole wi.
Mwenmenm tou. Li toujou lan kè m. |
|
 | |
Joel Super Star

 Nombre de messages: 7760 Localisation: USA Loisirs: Histoire Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le patriote
 | Sujet: Re: REFÒM EDIKASYON SISTÈM LAN ANN AYITI Mer 18 Aoû 2010 - 22:07 | |
| | Amoph a écrit: |
Peti rapèl : Se anglè yo ki envante football.
Football de trè lwen le spOr le plu populèr o mond (nan tout rekwen planèt la, gro football ap jwe). "Filles" tou kOm "garçons" ap choute boul. Dè sOm darjan astronomik ap brase nan football la, surtou an "Europe" (dè milyar e dè milyar).
Dezole :
An Ayiti, pèupl la tèlman atache a football li (Partisipasyon DAYITI a la KOUP du MOND de 1974 a Munich an "Allemagne en témoigne" ).
Kèlkeswa otr disipli'n spOrtiv ke nou ta vle fèr populasyon an dekouvri nan peyi a (par exanpl : baseball) ta pral oblije pase, dan le meyèur dè ka, o segon plan.
Amoph
|
AMOPH Pa gen kontradiksyon ;lan sa w di an ;ak sa m di an.Pa gen moun ki ka enpoze bezbòl sou ayisyen;menm jan tout tantativ pou yo foure lang franse an lan gòj yo;se toujou nad marinad (lol).
Premis mwen an sè ke ETAZINI te anvayi e KIBA e DOMINIKANI.Yo te lan KIBA depi an 1898;DOMINIKANI menm yo te okipe l menm lè yo te okipe nou an ,byen ke yo te kite l anvan nou.
Alòs ,poukisa nou pa vle jwe bezbòl ;se foutbòl nou te vle jwe.Ameriken yo te konn jwe bezbòl ann AYITI tou wi. Se AYISYEN ki te ale an FRANS yo ki te entwodwi foutbòl ann AYITI byen ke se Angle yo ki te envante l. Se sa k fè mwen di w ,si franse yo te jwe bezbòl,ou t ap wè si nou pa t ap jwe l tou. AMOPH; Lan kòmansman ane 60s yo,bagay serye mwen te kwè ke se te franse yo ki te envante rock and roll. Se yon lòt diskisyon [i] |
|
 | |
alex jacques Star


 Nombre de messages: 817 Localisation: Haiti Date d'inscription: 23/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Fou de son pays
 | Sujet: Re: REFÒM EDIKASYON SISTÈM LAN ANN AYITI Jeu 19 Aoû 2010 - 0:33 | |
| | Citation: | | Eske Franse pral bwachat? | Joel
Joel, se premye benediksyon ke nou bezwen nan tout refom edikatif " Voye franse bwa chat". Moun ki vle pale-l ka toujou pale-l, men zafe mete lang franse nan konstitisyon peyi a, se yo rizib.
mwen pa etone paske konstitisyon sa-a te ekri pa moun tankou madan Manigat, konstitisyon sa-a pwouve koman entelektyel Ayisyen panse "esklizyon, mefians enstisyonalize, absans fleksibilite".
Se konstitisyon ki pi difisil pou moun amande nan mond lan wi! |
|
 | |
Joel Super Star

 Nombre de messages: 7760 Localisation: USA Loisirs: Histoire Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le patriote
 | Sujet: Re: REFÒM EDIKASYON SISTÈM LAN ANN AYITI Jeu 19 Aoû 2010 - 8:39 | |
| ALEX;
Bagay lang franse sa a se yon pichon,yon pongongon sou do pèp ayisyen an.Plis m ap aprann ,plis mwen rann mwen kont ke retire franse kòm lang edikasyon an,paka tann.Si nou renmen AYITI.nou vle pwogrè ,se pou nou leve kanpe. Gen moun ki vle konpare nou ak peyi afriken an ;yo di ki adopte franse kòm lang edikasyon.Diferans lan sè ke peyi afriken sa yo ,genyen ki genyen 10,20,30 lang diferan. Noumenm se yon sèl lang nou genyen;nou tout pale l;nou tout konprann li.
Franse yo tou te gen yon pwoblèm lang.ABE GREGWA di ke an 1794 ,franse yo te pale 36 lang ou byen patwa ,jan li te rele yo an;yo te bezwen yon lang pou inifye franse yo ,donk yo chwazi lang franse an ke se te moun ki te rete a rebò PARIS yo ki te pale l.Malgre sa sa pa t fasil.
Se menm ABE GREGWA sa a ki apre endepandans anmède AYISYEN yo ,jis yo vin adopte lang franse an kòm lang nasyonal.Pwofesè ALYSSA GOLDSTEIN (CALIFORNIA STATE UNIVERSITY) ki se yon admiratè ABE GREGWA di ke misye pa t sezi ,lan ki traka li t ap vin mete AYITI ak zafè lang franse sa a.Sikonstans yo te diferan an FRANS. Lang FRANSE an te sèvi pou l ini pèp franse ;tandis ke noumenm li sèvi pou l divize nou;paske nou te gen pwòp lang pa nou ,ke nou tout te pale.
ALEX ak SM Lespri nou ouvè sou kesyon sa a ;mwen envite nou li ,premye chapit liv sa a ""HISTOIRE DE LA LANGUE FRANÇAISE DES ORIGINES A 1900"" Na wè ke agiman ke ABE GREGWA te ize an AVRIL 1794 yo pou franse te vin sèl lang nasyonal ,nou ta ka ize yo pou KREYÒL lan jounen jodi an.
http://gallica.bnf.fr/ark:/12148/bpt6k5843550k.image.r=ABBE+GREGOIRE.f31.langEN |
|
 | |
Rodlam Sans Malice Super Star


 Nombre de messages: 11116 Localisation: USA Loisirs: Lecture et Internet Date d'inscription: 21/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Stock market
 | Sujet: Re: REFÒM EDIKASYON SISTÈM LAN ANN AYITI Jeu 19 Aoû 2010 - 8:51 | |
| Joel
se byen malere teks la pa klè ,men se yon bagay ki enpotan pou tout ayisyen ta li .Sou facebook, map diskite ak 2 twa jenn ayisyen sou kestyon saa mwen raple yo ke franse pat pale o debi nan sendoming kom ou aprann mwen li dim ke li pa ka konprann sa mwen ap di ya paske se blan franse ki te nan koloni ki jan fè yo pat pale franse.mwen dil ke se kreyol ki te toujou lang nan Sendomeng li refize kwè.malgre ke mwen di li ke se pa tout kote an frans menm o 17eme syek ke yo te pale franse.
men bagay saa se yon bagay ke ayisyen ki reyisi ka kole 2 mo franse pa vle tande non m paske se sel sa ki fè yo konprann yo siperyè lot moun ;kom ou di la lang saa se divise li divise ayisyen plis ke tout bagay. |
|
 | |
Joel Super Star

 Nombre de messages: 7760 Localisation: USA Loisirs: Histoire Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le patriote
 | Sujet: Re: REFÒM EDIKASYON SISTÈM LAN ANN AYITI Jeu 19 Aoû 2010 - 9:40 | |
| SM;
Se pa yon tèks non;se yon liv BIBLIYOTÈK NASYONAL franse an.Se sou GALLICA. Se jis lan ane 1880s yo ke franse vin lang tout franse an FRANS. Tankou moun sou FACEBOOK ki ap vin di w ke franse se te toujou lang yo pale an FRANS;se toujou menm rans lan y ap repete;y ap repete anba bouch tankou granmoun ann AYITI konn di. Evidans yo la ;dokiman yo la se jis chèche pou yo fè yon ti chèche.
Pa genyen absoliman;absoliman okenn dout ke se KREYÒL ki te lang koloni SENDOMENG;mwen ta renmen manm fowòm lan ou byen vizitè yo pwouve m le kontrè. Menm apre lendepandans tankou m di l PWOFESÈ ALYSSA GOLDSTEIN di ke ABE GREGWA se lèt apre lèt li te ekri e KRISTÒF e PETYON pou l konvenk yo pou yo fè FRANSE vin lang nasyonal. Sa k pi rèd lan ,anvan lendepandans moun lan koloni yo pa t gen konplèks ki genyen jounen jodi an kont KREYÒL lan .
|
|
 | |
Joel Super Star

 Nombre de messages: 7760 Localisation: USA Loisirs: Histoire Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le patriote
 | Sujet: Re: REFÒM EDIKASYON SISTÈM LAN ANN AYITI Jeu 19 Aoû 2010 - 9:59 | |
| SM;
Men yon tèks enteresan ke yon Matinikèz ki rele JEANNE ETIENNE EKRI:
http://www.potomitan.info/bannzil/litterature.html |
|
 | |
Sasaye Super Star


Nombre de messages: 5110 Localisation: Canada Loisirs: Arts et Musique Date d'inscription: 02/03/2007
Feuille de personnage Jeu de rôle: Maestro
 | Sujet: Re: REFÒM EDIKASYON SISTÈM LAN ANN AYITI Jeu 19 Aoû 2010 - 12:52 | |
| Jowèl, Mesi pou tèks saa. Li dekri ekzaktemen sitiyasyon lengystik Ayiti. Li ta bon pou nou tout wè imaj lan konsa.
Mwen repwoduy li akoz deskripsyon an. men tout trete Jane Etienne nan se yon edikasyon pou ayisyen ak tout kreyolofònn.
.......................................................................
La Diglossie
On peut très grossièrement définir ce dernier terme comme la situation d’une communauté linguistique qui possède deux idiomes, l’un dite langue haute qui est utilisée pour les besoins communicatifs nobles et liés à l’écrit (administration, justice, église, école etc…),
l’autre dite langue basse qui est utilisée pour la communication quotidienne et qui fonctionne principalement à l’oral.
Le français est, en l’occurrence, la langue haute et le créole, la langue basse.
Il ne s’agit pas là, toutefois, d’une situation figée: une espèce de conflictualité permanente règne entre les deux idiomes selon le principe que "de mal krab pa ka viv adan an menm twou".
Chacune essaie de déborder de sa niche communicative, d’empiéter sur le domaine de l’autre: le français tente de pénétrer notre oralité quotidienne tandis que le créole s’efforce de percer à l’écrit.
Il est clair que si rien n’est fait pour pacifier les relations entre les deux langues qu’à plus ou moins long terme, la plus forte finira par l’emporter.
Le pot de fer gagnera fatalement contre le pot de terre.
Et, dans le cas qui nous concerne, tout le monde sait très bien qui est le pot de terre.
|
|
 | |
Rodlam Sans Malice Super Star


 Nombre de messages: 11116 Localisation: USA Loisirs: Lecture et Internet Date d'inscription: 21/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Stock market
 | Sujet: Re: REFÒM EDIKASYON SISTÈM LAN ANN AYITI Jeu 19 Aoû 2010 - 14:00 | |
| Joel
Yon fwa ankò mwen di w mèsi .mwen swete jenn gason ak jenn fanm ki konprann ke w pa ka eksprime okenn ide abstrè an kreyol li teks saa.men bagay nap pale de refome edikatyon an ayiti ;lekol ayisyen kreye yon paket alyene ki pa konn listwa lang yo men ki ka site tout otè fransè yo pou montre ki jan yo konnen.ou jwen ayisyen jis jodya ki ap diw ke kreyol se pa yon lang epi se kreyol ke yo itilise plis pase tout lang.epi sa pa moun sot non ki ap di bagay saa. |
|
 | |
Joel Super Star

 Nombre de messages: 7760 Localisation: USA Loisirs: Histoire Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le patriote
 | Sujet: Re: REFÒM EDIKASYON SISTÈM LAN ANN AYITI Jeu 19 Aoû 2010 - 14:56 | |
| SASAYE; Lan kontèks antiy franse yo ,mwen sipoze ke lè JEANNE ETIENNE ap fè analoji ""pot de fer et pot de terre"";manmzèl konsidere franse kòm pòt an fè e kreyòl kòm pòt an tè. Li pa ka otreman ,paske mesyedam sa yo pa gen kontwòl total sou lang yo pale;si w konsidere yo se sitwayen franse. Noumenm menm se yon ti gwoup anraje ki kanpe kont kreyòl lan.Yo asyeje e pwoblèm yo genyen sè ke ak enfliyans ameriken ki ap ogmante pwoblèm pou yo kenbe sipremasi franse an ogmante. Mwen pa di se yon bon bagay ou byen yon move bagay;men ameriken yo pa konsidere franse tankou lang ayisyen. |
|
 | |
Rodlam Sans Malice Super Star


 Nombre de messages: 11116 Localisation: USA Loisirs: Lecture et Internet Date d'inscription: 21/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Stock market
 | Sujet: Re: REFÒM EDIKASYON SISTÈM LAN ANN AYITI Jeu 19 Aoû 2010 - 14:58 | |
| Mwen pa ka tann poum wè ki refom ekspè yo pral pwopose pou yo fè nan edikatyon an ayiti;li lè pou yo ba ti moun an ayiti zouti ki ka sèvi yo pou yo ka viv byen.Edikatyon pa selman aprann syntaks lang franse ekri disertatyon an franse.Fok genyen laboratwa nan lekol yo.se pou nou pwofite de moman saa pou nou rele anmwe nou pa vle edikatyon pèpè ya ankò.Sim vle vinn yon konstriktè kay sanm pa injenyè fok genyen yon lekol poum ka ale etidye konstriktyon, sim vle vinn yon kiltivatè san ke mwen pa ale damyen se poum genyen oportunite. sa sim vle se pechè ke mwen vel ye se poum genyen oportunite sa.ba pitit pep la lekol pou yo aprann yon metye.Yon elektrisyen yon mekanisyen o Zeta Zuni pa genyen oken konpleks.Ki sa ki di ke yon moun ki ka kole 2 mo franseu genyen plis valè pase yon bon boss tayè, yon bon boss ebenist, yon bon boss kordonye, yon bon boss charpantye,yon bon boss mason?se pa doktè,avoka, injenyè agronom ,nurse ki fè devlopman yon peyi.Nou beswen bon elevè tou, nou beswen bon pechè tou,nou beswen bon mekanisyen ,bon elektrisyen, bon plombye tou.bon teknisyen laboratwa tou, Wi nou beswen anpil profese pa sleman profesè ki pou montre ti moun li ak ekri men profesè ki pou montre ti ayisyen yon metye tou. |
|
 | |
| | REFÒM EDIKASYON SISTÈM LAN ANN AYITI | |
|