|
| Auteur | Message |
|---|
Joel Super Star

 Nombre de messages: 7760 Localisation: USA Loisirs: Histoire Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le patriote
 | Sujet: Re: REFÒM EDIKASYON SISTÈM LAN ANN AYITI Jeu 19 Aoû 2010 - 15:28 | |
| Mwen bezwen wè chanjman sa yo tou.Mwen tande gen gwo chanjman ki lan lòj. Nèg yo rele VALLAS la pa manje anyen frèt;mwen paka tann pou m wè dosye sa a. |
|  | | revelation Super Star


 Nombre de messages: 3021 Localisation: Washington, DC Opinion politique: Senior Financial Analyst Loisirs: walking, jogging, basket, tennis Date d'inscription: 21/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: L'analyste
 | Sujet: Re: REFÒM EDIKASYON SISTÈM LAN ANN AYITI Jeu 19 Aoû 2010 - 22:28 | |
| | Citation: | | Lumarque said. The first thing we need to do as a nation is guarantee, with government funding, that all children between the ages of 5 and 12 have access to an education,'' he said. The concept is not new, and in fact dates back to Haiti's 1816 Constitution when then-President Alexandre Pétion had it inscribed into the governing document. Years later, Pétion's successor, Jean-Pierre Boyer, would take it a step further, requiring state-financed primary education. | Kom nou we, system edikasyon skoler nan peyi Dayiti te garanti avek sipo gouvenman yo.
Erre ke Leta fe se ke bay pitit pep Access a Edikasyon pa vle di ke li kap resevwa yon edikasyon. Leta te konstwi lekol se vre men kondition e environman etidyan sa yo pat pemet yo resevwa yon edikasyon adekwat.
Solution problem nan se ke fok Leta prand an charj timoun de 5 a 12 zan.
Bayo iniform komplet, avek materyel skoler komplet.
Kafeterya, sal d’etid, tuteur, bibliotek komplet
Sal de repozwa,dortwa e d’hygien komplet.
Sal de jeux (inside) e terren de jeux (outdoor) komplet.
Elimine tout problem sosyal e ekonomik nan tet etidyan yo.
Answit mete yon system de kontrol e evaluasyon ki pou pemet Leta fe yon analiz pri e benefis e "peer review" pou we si lajan ke yo investí nan edikasyon a vô la penn.
Si 20 a 25% nan timoun sa yo rive yon bagay demen, se ap yon sikse pou peyi a. Gouvenman gen 2 chwa devan’l Yon system a courterm mete pitit pep la nan le kol prive subvansiyone pa Leta pou yo pa pedi annee skoler yo, an atandan ke Leta konstwi prop lekol yo.
Yon system final a lonterm ki ankadre sa ke’m di pli ho a. Konstwi 4 a 5 "campus" ki gen bibliotek, laboratwa,oditorium, gymnasyum, terren olympik pou tout kalite sport, dortwa pou etidyan, professe, e ekip staff administrasyon yo e yon sevi sekirite a dekwat pou proteje campus yo kont predate e foter de trouble. Si nou konprand ke edikasyon koute tro che, mize ak soufrans nou koute nou pli che ato |
|  | | Rodlam Sans Malice Super Star


 Nombre de messages: 11116 Localisation: USA Loisirs: Lecture et Internet Date d'inscription: 21/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Stock market
 | Sujet: Re: REFÒM EDIKASYON SISTÈM LAN ANN AYITI Jeu 19 Aoû 2010 - 23:22 | |
| genyen yon aspè nan pwoblem edikation ke nou pa konsidere.se ogmantatyon population an. an ayiti li sanble se pou fè wè ke gouvènman fè resansman.ki jan pou yon moun dim ke yo fè resansman an ayiti epi 90%lekol nan peyi ya se lekol prive nan yon peyi kote plis ke 75%moun ap viv ak mwens ke 2 dola pa jou.
genyen gwo zentelektyel ki ap di se pandan dernye 24 an bagay yo vinn konsa pou yo dedwane patron yo se manti,peyi ya komanse desann nan trou sa depi an 1957.mwen sonje lèm te ti moun nan vil o cap selman paul magloire te bati 2 lekol tout nef nan yon manda de 6 zan.kombyen lekol ke moun ki te vinn aprel la te bati pou popilatyon saa ki tap ogmante.?nou toujou foure tet nou nan sab pou nou pa gade pwoblem yo epi lè yo rive nan yon pwen insupotab se lè sa nap mande sekou etranje men nou di ke se pa pou yo foure dyaol yo nan zafè nou.Ki jan pou yo pa foure dyol yo nan zafè w lè se yo ki ap fè w viv? |
|  | | Sasaye Super Star


Nombre de messages: 5110 Localisation: Canada Loisirs: Arts et Musique Date d'inscription: 02/03/2007
Feuille de personnage Jeu de rôle: Maestro
 | Sujet: Re: REFÒM EDIKASYON SISTÈM LAN ANN AYITI Ven 20 Aoû 2010 - 2:50 | |
| Jowel, Okontre, mwen kwe ke Jane Etienne konsidere Kreyol tankou "pot an fe" a, dapre jan li demontre ke kreyol siviv tout ane sayo. Nou wè ke kreyol anefè ap pwogrese tout kote olye li regrese. Malgré La Diglossie.
|
|  | | Joel Super Star

 Nombre de messages: 7760 Localisation: USA Loisirs: Histoire Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le patriote
 | Sujet: Re: REFÒM EDIKASYON SISTÈM LAN ANN AYITI Ven 20 Aoû 2010 - 7:03 | |
| [b][i]REV
Mwen wè ou plede ap souliye ke se ta BWAYE ou PETYON ta entwodwi instruction publik lan peyi an. Konstitisyon 1805 lan ,konsidere tankou youn lan dokiman ki pi pwogresis ki te janm pwodwi.Se yon dokiman y ap etidye lan ""graduate schools"" OZETAZINI di:
ART 19 DANS CHAQUE DIVISION MILITAIRE,UNE ÉCOLE PUBLIQUE SERA ÉTABLIE POUR L'INSTRUCTION DE LA JEUNESSE.
Men sa Konstitisyon PETYON an,Konstitisyon 1807 lan di:
TITRE VIII
ART 34 IL SERA ÉTABLI DANS CHAQUE DIVISION UNE ÉCOLE CENTRALE ET DESÉCOLES PARTICULIÈRES DANS CHAQUE ARRONDISSEMENT
Men sa Konstitisyon 1816 lan di:
ART 36 IL SERA AUSSI CRÉÉE ET ORGANISÉE,UNE INSTITUTION PUBLIQUE,COMMUNE À TOUS LES CITOYENS,GRATUITE À L'ÉGARD DES PARTIES D'ENSEIGNEMENT INDISPENSABLES POUR TOUS LES HOMMES.
Donk REV ,moun ki ap di ke se BWAYE ou byen PETYON ki entwodwi edikasyon piblik lan ,pa konn de ki sa y ap pale.Ou byen yo fè eksprè ,paske sou zafè edikasyon an Konstitisyon PETYON ak BWAYE an se jis varyasyon Konstitisyon DESSALINES lan. Se DESSALINES ki te entwodwi ""enstriksyon piblik"";se pa t PETYON ,ni BWAYE. |
|  | | Rodlam Sans Malice Super Star


 Nombre de messages: 11116 Localisation: USA Loisirs: Lecture et Internet Date d'inscription: 21/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Stock market
 | Sujet: Re: REFÒM EDIKASYON SISTÈM LAN ANN AYITI Ven 20 Aoû 2010 - 8:07 | |
| Ankò yon lot fwa se verite ki pou afranchi nou.fok nou sispann montre ke se yon gwoup moun ki bon epi lot gwoup la pa bon.jaf ekri yon bagay lotrejou kote li di ke se krim 17Octob 1806 lan ki merite pou repare se pa manti non.Paske ayiti pa beswen oken lot doktrinn ke le dessalinisme ou l'haitianisme.paske dessalines li menm li te konrann byen ke fok richess peyi ya separe ant tout pitit li e se konsa na va fè bel lide ki nan drapo a yon reyalite:L'Union fait la force.Men anpil chaj pa lou.
maten yan map li yon resime de projè ke CIRH la konte reyalise an ayiti.si se ta vre e byen Presidan ki pral monte la ap tou jwen benediktyon li ap tann li.Byen ke nan sektè edikatyon CIRH la pa di ki jan dekol yo pral konstwi.Mwen ta renmen se pa sel batiman yo pral konstwi kom mwen te di deja.Fok genyen yon komisyon deksper ayisyen nan depatman edikatyon natinal mele ak spesyalist etranje ki pou mete yon kurikulum ki pwodwi fesè pa gran disè.mwen tande tou ke yo pral relye grid elektrik ayiti a dominikani saa se yon bon lide tou.Si Con edison ka achte kouran nan men Hydrokebek mwen pa wè poukisa nou pa ka achte kouran nan men dominiken tou si yo ap vann li ayon pri konpetitif asa ke nou pwodwi ya.
mwen kontan li pwojè ke CIRH la vle reyalise yo mwen ta swete se pa pawol anpil pou gremesi. |
|  | | Doub-Sossis Super Star


 Nombre de messages: 1938 Localisation: Montreal Loisirs: cockfighting Date d'inscription: 24/12/2007
 | Sujet: Re: REFÒM EDIKASYON SISTÈM LAN ANN AYITI Ven 20 Aoû 2010 - 10:14 | |
| | Joel a écrit: | [b][i]REV
Mwen wè ou plede ap souliye ke se ta BWAYE ou PETYON ta entwodwi instruction publik lan peyi an. Konstitisyon 1805 lan ,konsidere tankou youn lan dokiman ki pi pwogresis ki te janm pwodwi.Se yon dokiman y ap etidye lan ""graduate schools"" OZETAZINI di:
ART 19 DANS CHAQUE DIVISION MILITAIRE,UNE ÉCOLE PUBLIQUE SERA ÉTABLIE POUR L'INSTRUCTION DE LA JEUNESSE.
Men sa Konstitisyon PETYON an,Konstitisyon 1807 lan di:
TITRE VIII
ART 34 IL SERA ÉTABLI DANS CHAQUE DIVISION UNE ÉCOLE CENTRALE ET DESÉCOLES PARTICULIÈRES DANS CHAQUE ARRONDISSEMENT
Men sa Konstitisyon 1816 lan di:
ART 36 IL SERA AUSSI CRÉÉE ET ORGANISÉE,UNE INSTITUTION PUBLIQUE,COMMUNE À TOUS LES CITOYENS,GRATUITE À L'ÉGARD DES PARTIES D'ENSEIGNEMENT INDISPENSABLES POUR TOUS LES HOMMES.
Donk REV ,moun ki ap di ke se BWAYE ou byen PETYON ki entwodwi edikasyon piblik lan ,pa konn de ki sa y ap pale.Ou byen yo fè eksprè ,paske sou zafè edikasyon an Konstitisyon PETYON ak BWAYE an se jis varyasyon Konstitisyon DESSALINES lan. Se DESSALINES ki te entwodwi ""enstriksyon piblik"";se pa t PETYON ,ni BWAYE. |
jowel banmwen nom yon lekol Dessalines te fe kontwi. dessalines pat intwi li menm kijan poul ta fe pou bay instruction impotans se pa poutet yon atik nan kontitution 1805 kife dessalines te kwe ladan se pa li ki te ekri ni dikte ekri konstitution an se depi le sa wi nou koumanse ap derive nan popilis
|
|  | | Joel Super Star

 Nombre de messages: 7760 Localisation: USA Loisirs: Histoire Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le patriote
 | Sujet: Re: REFÒM EDIKASYON SISTÈM LAN ANN AYITI Ven 20 Aoû 2010 - 10:47 | |
| | Doub-Sossis a écrit: |
jowel banmwen nom yon lekol Dessalines te fe kontwi. dessalines pat intwi li menm kijan poul ta fe pou bay instruction impotans se pa poutet yon atik nan kontitution 1805 kife dessalines te kwe ladan se pa li ki te ekri ni dikte ekri konstitution an se depi le sa wi nou koumanse ap derive nan popilis
|
TONNÈ;
Di mwen non;PETYON ak BWAYE te ka konn li;yo te edike pou sa?Sensèman,mwen pa konnen,di m konbyen tan mesye sa yo te pase lekòl;3zan,5an,8 an? Si w pa konnen,la FRANS se te yon peyi analfabèt wi;se jis lan fen 19yèm syèk ak FERRY ke majorite pèp franse an te vin konn li ak ekri. Ou di tou pou m di w konbyen lekòl DESSALINES te louvri? Apre LISE PETYON an ,konbyen lekòl PETYON te louvri ? Pa pale m de BWAYE,paske misye limenm se pa t ouvri li te ouvri lekòl ,se fèmen li tè fèmen yo. |
|  | | Thunder Super Star


 Nombre de messages: 4074 Localisation: Planet Earth (Milky Way Galaxy) Loisirs: Target Practice, Sports Cars, Konpa... Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le gardien
 | Sujet: Re: REFÒM EDIKASYON SISTÈM LAN ANN AYITI Ven 20 Aoû 2010 - 17:58 | |
| Bèl deba! An nou kontinye chache ki kote ke pwoblèm analfabèt lan sòti. |
|  | | Invité Invité
 | Sujet: Re: REFÒM EDIKASYON SISTÈM LAN ANN AYITI Ven 20 Aoû 2010 - 18:02 | |
| | Thunder a écrit: | | Bèl deba! An nou kontinye chache ki kote ke pwoblèm analfabèt lan sòti. |
Pou mwen pwoblen lan mal poze.
Ayiti pa ka refome Sistèm Edikatif li si li pa gen yonn.
An Ayiti, se chak lekol ki gen sistem edikatif pa li.
Daprè mwen toujou, fok Leta Ayisien ta gen majorite lekol primè ak segondè nan peyi a, pou nou ta panse mete yon nouvo pwogram konsa sou pie.
Pou le moman, nap reve. |
|  | | Joel Super Star

 Nombre de messages: 7760 Localisation: USA Loisirs: Histoire Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le patriote
 | Sujet: Re: REFÒM EDIKASYON SISTÈM LAN ANN AYITI Ven 20 Aoû 2010 - 20:09 | |
| | Thunder a écrit: | | Bèl deba! An nou kontinye chache ki kote ke pwoblèm analfabèt lan sòti. | [b]Depi nou te siyen KONKÒDA a,nou te bay legliz katolik responsab edikasyon lan peyi an ;nou te mouri lan fim lan. Klèje katolik lan pa kwè lan edikasyon pou tout moun.An FRANS ,lè yo tou pwisan pandan peryòd Mwayennaj lan ,yo menm te kwè se yo menm sèl ki pou te konn li ak ekri.Lan yon peyi tankou FRANS lan epòk lan ,99 % popilasyon an te analfabèt. E se konsa sa te ye ;tankou gen moun ki ap pale de Lame Ayisyen ki te fè gè lendepandans lan tankou yon ame analfabèt;Lame franse an te analfabèt tou. Lan premye Konstitisyon nou yo ,te gen enstriksyon piblik;pa t gen sa an FRANS. Lan sa yo rele dezyèm repiblik lan an FRANS ,1847-1851 te gen yon tantativ pou yo te etabli lekòl piblik;aristokrasi an te kanpe an kwa kont bagay sa a. Sa k vin sove la FRANS ;se apre LALMAY te pyese yo lan gè 1870 lan.LALMAY te okipe yon bopn pati la FRANS. Lè LALMAY vin dezokipe la FRANS e la FRANS remake konbyen yo te an reta dèyè LALMAY ak LANGLETÈ yon gwoup entelektyèl vin pran pouvwa a ,alatèt yo JULES FERRY,e yo etabli skolarite inivèsèl e yo ekate klèje an. Sa pa t fasil non ,paske te gen tantativ koudeta ak JENERAL BOULANGER an 1885. Devenn pa nou ,tout vye abitid klas dirijant nou an pran;se lan men la FRANS e menm lè yo korije yo ;noumenm nou pa janm fè l. Nou kont edikasyon ,se yon bagay ou ta di ki lan ADN NOU, |
|  | | | | REFÒM EDIKASYON SISTÈM LAN ANN AYITI | |
|
Sujets similaires |  |
|
| | Permission de ce forum: | Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum
| |
| |
| |