Le gros roseau Super Star

 Nombre de messages: 8001 Localisation: Usa Loisirs: sport ,internet,stock market Date d'inscription: 21/08/2010
 | Sujet: Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU Mer 15 Sep 2010 - 22:48 | |
| jaf
genyen rezon maten yan mwen tap li yon atik sou site le nouvelliste ki rele :"Quid de l'organisation du prince Charles." kote yo di ke langletè ap foure pyel an ayiti seryezman.otè atik la di genyen yon kominike ke gouvenman pran ki pibliye nan 2 lang ke 2 peyi sa yo pale :angle ak franseuu.konbyen ayisyen ki konprann kominike saa?eske se pa derespektan pou yon gouvenman an ap pibliye kontra ke li genyen ak lot peyi etranje epi 95% nan moun ke kontra sa yo konserne pa konprann sa ke gouvenman an pibliye ya.Neg ki toujou ap di pa genyen klass an ayiti eske se vre?;eske moun ki pa ni pale ni konprann franseuu yo se pa sitoyen de 2eme klass yo ye nan peyi Dessalines lan.?Vive la revolution. |
|
jafrikayiti Star plus

 Nombre de messages: 1452 Localisation: Ottawa Date d'inscription: 21/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Bon neg guinen
 | Sujet: Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU Jeu 16 Sep 2010 - 13:59 | |
| | Citation: | Min kote lapres? Ayisyen pa tande radyo ankor? M-te kwe tout radyo ak tv se an kreyol? |
1) Laprès pa fè travay li. Anpil fwa emisyon yo ap fèt san dokiman referans pa nan men moun k ap bay enfomasyon osnon k ap opine yo 2) Si dokiman an se an Franse li ye, paske emisyon an ap fèt an Kreyol pa vle di pwoblèm nan rezoud. Okontrè, sa riske mete abse sou klou. Yon dokiman legal, yon dokiman ofisyèl, pa dwe kite plas pou move tradiksyon brid-sou-kou vin kreye latwoublay nan yon popilasyon. SE RESPONSABLITE LETA pou li SÈVI popilasyon li - san diskriminasyon. AYISYEN GEN YON DWA FONDAMANTAL POU LI JWENN SÈVIS AN KREYOL NAN MEN LETA PEYI LI. Nou pa dakò pou yo fè diskriminasyon kont minorite. Vwalatilpa, ann Ayiti, diskriminasyon ap fèt, chak jou, nan tout domèn - kont MAJORITE a. Se vrèman yon sitiyasyon lawont pou moun ki swadizan "elit" sosyete a.
Men kèk referans kle anndan Konstitisyon peyi a:
| Citation: |
Nimewo 40:
Leta dwe sèvi ak radyo, ak jounal, ak televizyon pou li gaye bon enfòmasyon, an kreyòl ak an franse, sou tou sa ki an rapò ak vi peyi a. Anwetan sa ki ta yon danje pou peyi a, Leta dwe bvay enfòmasyon sou lwa, sou dekrè ak sou regleman li mete deyò. Menm jan tou, pou antant, kontra, ak papye li syen ak lòt peyi.
Nimewo 24-3:
Men sa ki nesesè, pou yo gen dwa sèvi ak manda sa a:
1) Rezon ki fè yo arete yon moun, oubyen rezon ki fè yo fèmen yon moun nan prizon, se pou manda a esplike sa klè, ni an kreyòl, ni an franse.
Nimewo 5:
Sèl lang ki simante tout Ayisyen ansanm, se lang kreyòl. Kreyòl ak franse, se lang ofisyèl Repiblik d Ayiti.
|
http://ht.wikipedia.org/wiki/Konstitisyon_1987_(Ayiti)#Chapit_2_2
Alabaz koze lang sa a gen yon move fòs kote. Preyokipasyon pou Leta Ayisyen kominike ak etranje pi fò pase preyokipasyon pou li ta kominike ak nasyon an. Se ne anpil pwoblèm simantay nou ap viv nan sosyete nou an.
Mwen sèten Bill Clinton resevwa pi bon enfomasyon sou reyalite sosyo-ekonomik peyi d Ayiti, pase Ayisyen ki konsène epi ki enterese nan sa k ap pase nan pwòp peyi yo. FÒK SA CHANJE!
Jaf |
|
kami animatrice


 Nombre de messages: 2981 Localisation: ICI Opinion politique: La séparation des pouvoirs Loisirs: Lecture, Dormir Date d'inscription: 20/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle:
 | Sujet: Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU Jeu 16 Sep 2010 - 15:53 | |
| Jaf,
Pemet mwen di 2 mo, si jounal "Le Moniteur" ki jounal gouvenman ki responsab kominike tout nouvo lwa, dekre, kontra, papye li siyin pa janm paret an kreyol , mwen pa espere li anyin gouvenman an kreyol. |
|