|
| Auteur | Message |
|---|
Le gros roseau Super Star

 Nombre de messages: 7472 Localisation: Usa Loisirs: sport ,internet,stock market Date d'inscription: 21/08/2010
 | Sujet: Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU Ven 3 Sep 2010 - 17:23 | |
| kami
map komanse Joel te dim ke an kreyòl 2 vwayel pa rankontre ekspete nan kek mo tankou ou.eske jan w ekry "lien" an bon .Ankò map redi se pa vle mwen vle montre ki janm save non; men mwen kwè metod saa bon anpil ;chak fwa yon moun ekri yo mo ki pa sa moun tankou joel, jaf ka korije nou.
genyen moun se konplekse yo konplekse ki fè yo pa vle fè ti jèfò pou yo ka li e ekri kreyòl.avan yè yonn nan pitit gason mwen yo te vinn pase 3 jou ak mwen ,pandan ke map ekri yon teks mwen dil vinn li sa map ekri ya .Anvan menm li fè yon ti jefò li dim;How do you expect me to read and understand this?Poutan lè m fose li li lil byen ak de twa ti ed mwen ba li e li konprann byen sa mwen di ya.se sa jaf ap di ya lè se premye lang ou te pale e byen li pa twò difisil pou aprann li e ekri li depi w pa konplekse. |
|  | | kami animatrice


 Nombre de messages: 2981 Localisation: ICI Opinion politique: La séparation des pouvoirs Loisirs: Lecture, Dormir Date d'inscription: 20/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle:
 | Sujet: Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU Ven 3 Sep 2010 - 18:23 | |
| Roseau,
Mesi pou infomasyon an, ou ginler pa konprann mwen tap mande kouman yo di "lien" an kreyol. Lien (ou link) = (kreyol????).
Pa egzanp kouman ou ta di "lien de parente" en kreyol?
|
|  | | Joel Super Star

 Nombre de messages: 7766 Localisation: USA Loisirs: Histoire Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le patriote
 | Sujet: Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU Ven 3 Sep 2010 - 19:09 | |
| http://www.cdphe.state.co.us/epr/Public/H1N1/Languages/Creole/MADeptHealthH1N1FactsforParentsHaitianCreole.pdf Men yon egzanp ,ki jan yo gade lang Kreyòl Ayisyen an OZETAZINI e kijan yo gade l ann AYITI. Se sit ofisyèl gouvènè MASACHOUSÈTS lan .Kelkelanswa yon kominike,yon lwa,yon regilasyon ;yo tradwi l an KREYÒL ayisyen. M ap mande m si yo menm fè sa sou sit gouvènman ayisyen yo |
|  | | Joel Super Star

 Nombre de messages: 7766 Localisation: USA Loisirs: Histoire Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le patriote
 | Sujet: Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU Ven 3 Sep 2010 - 19:32 | |
| http://www.glencoe.com/sec/math/prealg/prealg04/pdfs/haitian_creole_prealg.pdf
Sa a se pou moun ki ap di pa gen materyèl pedagojik yo.MAC GRAW HILL deja okipe l de sa .Men yon ti egzanp. Tankou m te di l deja ,yo pibliye manyèl MATEMATIK,SYANS an KREYÒL pou timoun lan lekòl bileng yo.Gouvènman ayisyen an pa ta menm bezwen peye moun pou fè sa pou li. Pi fò travay lan deja fèt ,se volonte ki pa genyen ann AYITI.
- |
|  | | jafrikayiti Star plus

 Nombre de messages: 1360 Localisation: Ottawa Date d'inscription: 21/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Bon neg guinen
 | Sujet: Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU Ven 3 Sep 2010 - 19:40 | |
| Kami,
Si mwen t ap ekri yon fraz tankou sila a "quel lien de parenté existe-t-il entre ces deux personnes?" - Mwen t ap ekri: "Ki relasyon fanmitay ki genyen ant 2 moun sa yo?". Mèzalo, si se nan sans yon sit entènèt, se yon lot jan pou ou ta tradui parekzanp "pour accéder au texte, cliquez sur le lien suivant", mwen ta ekri "klike sou lyen sa a pou ka li tèks la". Malgre mwen remake anpil moun adopte mo "lyen" an, se pa nan tout kontèks yo itilize li. Pa bliye, depi kèk mwa www.google.ht ap feraye sou entènèt la e ou kapab fasilman jwenn tradiksyon gwosomodo pou anpil ekspresyon.
Yon lot teknik ou ka itilize tou, se ale voye je so bon sit ki gen dokiman ki ekri nan otograf ofisyèl la, parekzanp www.tanbou.com ak www.kreyol.org
Malerezman, mwen pa ka bay sit Leta Ayisyen yo kom referans paske laplipa ladan yo pa bon ditou.
Jaf |
|  | | martine la tourmente Super Star


 Nombre de messages: 1755 Localisation: terre-neuve Loisirs: chiquer du tabac, molester les molosses Date d'inscription: 03/05/2010
Feuille de personnage Jeu de rôle: l'hallucinogène
 | Sujet: Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU Ven 3 Sep 2010 - 23:20 | |
| Nou wè poukisa se pa lan main nenpót endividu yo ka lage pouvwa. Yon senpl provokasyon, yon refleksyon ki mal entèprete, yon echèk pèsonèl, yon refoulman, malere an amou, yon mank degar ka lakóz yon nèg vin sanginè. Moun gen dwa suseptibl wi, men gen de risk a evite ak nèg ki rete marqué au fer chaud, (lol) w pa lage pouvwa bay Dyvalye ak nostaljik li kreye yo... Gad jan Hitler mechan, anvan yo te konn ap di ke se paske li te yon atis medyokr men yo te vin dekouvri ke misye gen gran-paran jwif.
Donk mwen se Ayisyen, istwa'm pa long sou tè mwen pran nesans la, mwen se yon survivant, mwen pat fèt esklav gras a zansètr yo, mwen pa bezwen ni blan, ni nègr, ni Meriken, ni Afriken, okenn mother-fucker pou di'm ki ès mwen ye. Gen yon seri de goumen ke mwen pa lan achte paske se enperyalis ki ap ankouraje yo paske nou ka pale. Nèspa?
Kelke swa sa yon seri de moun reyalize lan vi yo, y'ap toujou plenyen paske gen yon seri de dèy ke yo pa fè. Se tankou m'ta di'w, zansèt yo retire nou lan esklavaj men yo pa retire esklavaj la lan nou ki fè ou byen gen ki renmen jwenn yon ti restavèk tout kote yo pase, ou byen gen toujou pre pou yo anbrase yon nouvo maître ki rand yo pi gra jiskaske yo pa menm ka sipote kadav kor yo.
Mwen apresye ke yon nèg te site'm pami moun k'ap fè efor lan kreyol la. An mèm tan, m'ap di li ke se pa pou fè kreyolus-kreyoli yo plezi ke mwen itilize lang kreyol, li konn sa itou. Se pa pou Move Zèb (ki pouse vit anpil- lol), se pa pou Jo ak Ja ki lan toubiyon idantitè ke mwen ap pale ekri ak kreyol.
Diskusyon a ap mache. Emosyon ap blayi. Kreyokus-kreyoki yo pa enspire'm konfyans menm. Malgre sa, mwen trouve se byen si Jeff (lol) jwenn satisfaksyon lan rechèch idantite li e sitou si sa pèmèt li aprofondi rekonesans li (lol). Tankou mwen respekte nèg ki gran moun e ki kenbe sa yo rele kiryozite e ki te toujou kenbe endepandans despri yo.
Tout se rans zafè nèg pi bon pase lót lan kreyol la. Paske Ayisyen a 9 milyon moun li kwè ke se li ki gen monopol kreyol e pi l'ap fè dyèlè ke li ekri'l pi byen pase menm Ayisyen parèy li. Ha! Ha! Ouais! chita gra e gen pretansyon pou ap vin di moun sa ki bon pou yo.
Dernière édition par martine la tourmente le Sam 4 Sep 2010 - 11:40, édité 3 fois |
|  | | T-NEG Modérateur


 Nombre de messages: 3442 Localisation: Montreal Loisirs: Sport Date d'inscription: 29/12/2008
 | Sujet: Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU Sam 4 Sep 2010 - 9:13 | |
| Bref, c'est aux haïtiens d'Haïti de décider _________________ «En me renversant, on n'a abattu à Saint-Domingue que le tronc de l'arbre de la liberté, mais il repoussera car ses racines sont profondes et nombreuses» Toussaint Louverture.
|
|  | | Le gros roseau Super Star

 Nombre de messages: 7472 Localisation: Usa Loisirs: sport ,internet,stock market Date d'inscription: 21/08/2010
 | Sujet: Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU Sam 4 Sep 2010 - 9:26 | |
| Sim te save tankou Sixto mwen ta di sa se yon pleyonasm;"C'est aux haitiens d'haiti "genyen ayisyen lot kote vre men nou tout se ayisyen nou tout genyen dwa pale nan zafè peyi ya paske lè yo joure ayisyen se pa sel sa ki an dedan peyi ya ki imilye.lè yap di se nou ki pi pov nan amerik la;lè yo di se nou ki ap propaje sida se nou tout ki touche. |
|  | | T-NEG Modérateur


 Nombre de messages: 3442 Localisation: Montreal Loisirs: Sport Date d'inscription: 29/12/2008
 | Sujet: Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU Sam 4 Sep 2010 - 9:36 | |
| Oui mais il y a de fortes chances que nous qui vivons aux USA,Au Canada, En France, en Dominicanie, nos enfants apprennent en Anglais, En français ou en espagnole. _________________ «En me renversant, on n'a abattu à Saint-Domingue que le tronc de l'arbre de la liberté, mais il repoussera car ses racines sont profondes et nombreuses» Toussaint Louverture.
|
|  | | jafrikayiti Star plus

 Nombre de messages: 1360 Localisation: Ottawa Date d'inscription: 21/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Bon neg guinen
 | Sujet: Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU Sam 4 Sep 2010 - 10:01 | |
| Onè konpatriyòt,
Yon lòt fwa, m ap mande nou fè efò retire emosyon nan diskisyon lojik sa a. Mwenmenm bò kote pa m m ap fè efò sa a tou.
Remake: 1) Sa Doktè Déjean mande nan petisyon an, sa Doktè DeGraff layite nan analiz li a, se pa opinyon yo ye. Se rezime rechèch syantifik ki montre aklè wòl LANG MATÈNÈL jwe nan pwosesis moun suiv pou yo ranmase konesans nan tout kalite domèn.
2) Sa yo mande Leta Ayisyen pou li fè yo, se pa favè pou yon ti gwoup (special interest group) - okontrè, se DWA MAJORITE A - dwa ki deja tabli anndan konstitisyon peyi a, yo mande LETA pou li respekte.
3) Si kèk kanmarad santi yo soufri nan ògèy yo paske vizyon pa yo depaman ak sa ki pwopoze nan petisyon Doktè Déjean an, osnon si diskisyon k ap fèt la a rann yo enkonfòtab...kanmarad sa yo dwe mande tèt yo konbyen fwa ògèy MAJORITE Ayisyen soufri paske yo pa ka jwenn sèvis nan sèl lang yo pale a, anndan pwòp peyi yo. Paske, Leta Ayisyen depanse milyonven pou ofisyèl al frite nan "La Francophonie" men yo pa janm jwenn lajan pou yo tradui dokiman enpòtan tankou "Le Moniteur" nan sèl lang TOUT Ayisyen konprann nan. Konbyen fwa gwo majorite Ayisyen oblije enkonfòtab, nan pwòp peyi yo, paske nèg ki minis, premyeminis, depite, senatè, prezidan peyi a, pa janm pran 30 minit ki nesesè pou yo aprann ekri lang TOUT Ayisyen pale a. Kidonk, nou oblije ap tande yon seri diskou tèt bòbèch - ki pa gen ni pye ni tèt, ki pa fè okenn sans, ni pou Ayisyen, ni pou etranje.
4) Gen nèg ki enkonfòtab paske lenguis ak grameryen Ayisyen ki te tabli baz ekriti lang nan te deside enspire yo sou mannyè MAJORITE Ayisyen pale, olye yo te fè sa sou jan moun ki deja alfabetize nan lang franse pale. Kidonk, chak fwa yo jwenn mo ak fraz tankou "Jezi", "lavi di", "alemye", "fòlklò" - yo santi yo enkonfòtab, yo ta pito li "Jezu", "la vie dur", "alemieu", "fòlklòr". Mesyedam ki te tabli prensip òtograf ak gramè lang Kreyòl la te suiv yon seri prensip syantifik epi lojik pou yo chwazi konvansyon ki adapte ak reyalite nasyon an. Se nòmal pou nou chak jwenn diferans ant jan nou pale epi jan konvansyon ekriti lang nan tabli. Se menm jan an tou lè ou ap ekri angle ou tape "I am not going to" - men, si ou t ap pale ou t ap pran lisans di "I aint gonna". Pa gen anyen mal si nou gen enfliyans ki fè nou gen aksan. Keseswa sou baz orijin rejyonal nou, keseswa sou baz enfliyans lòt lang. Mèzalò, nou pa ka ekzije konvansyon ekriti lan chanje akoz aksan osnon varyasyon pale chak ti gwoup Ayisyen.
respè,
Jaf
|
|  | | Le gros roseau Super Star

 Nombre de messages: 7472 Localisation: Usa Loisirs: sport ,internet,stock market Date d'inscription: 21/08/2010
 | Sujet: Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU Sam 4 Sep 2010 - 10:06 | |
| Oui c'est vrai ,la difference entre les haitiens. qui vivent à l'exterieur et ceux qui resident au pays est leur pouvoir d'achat.l'haitien qui emigre à l'etranger a fait un choix libre sans contrainte de vivre dans un pays ou on ne parle pas sa langue.Dès lors il/elle doit s'accomoder pour apprendre la langue de son pays d'adoption et enseigner a ses enfants la langue de leur pays d'origine s'ils comptent retourner en haiti..Tandis que l'haitien qui vit en haiti n'a pas choisi de parler le kreyol ;c'est la langue parlée par les 9 millions d'haitiens ;il incombe donc a l'etat d'officialiser cette langue pour qu'elle soit le moyen de communication entre tous les haitiens dans toutes les eocles et dans tous les bureaux de l'administration publique. |
|  | | jafrikayiti Star plus

 Nombre de messages: 1360 Localisation: Ottawa Date d'inscription: 21/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Bon neg guinen
 | Sujet: Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU Sam 4 Sep 2010 - 10:09 | |
| Ti-Nèg ekri: "Oui mais il y a de fortes chances que nous qui vivons aux USA,Au Canada, En France, en Dominicanie, nos enfants apprennent en Anglais, En français ou en espagnole".
Ekzakteman! e se la a menm nou vin jwenn tout enpòtans fraz ki nan atik 5 konstitisyon peyi a "Kreyòl se sèl lang ki simante tout Ayisyen". Wi, nasyon an ekziste toupatou sou planèt la, jenerasyon apre jenrasyon. Se yon bèl prensip ki gen anpil avantaj pratik tou pou avni nasyon an!
Prèske nou tout gen reyalite sa a nan fanmi nou: pitit nou, kouzen, kouzin yo k ap viv nan diferan peyi: Etazini, Kanada, Dominikani...se sèl Kreyòl yo genyen kòm lang pou yo kominike youn ak lòt - epi ak granparan yo.
Se poutèt sa, anpil moun vin konprann nesesite pou yo aprann pitit yo ki fèt nan dyaspora a, aprann Kreyòl.
Yon ekip bon Ginen ap ofri sèvis sa a gratis nan vil New-York...tyeke www.lakounewyork.com |
|  | | Le gros roseau Super Star

 Nombre de messages: 7472 Localisation: Usa Loisirs: sport ,internet,stock market Date d'inscription: 21/08/2010
 | Sujet: Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU Sam 4 Sep 2010 - 10:10 | |
| Mwen te blije reponn Ti-neg an franseeeu pase gen lè se lang saa li pi renmen. |
|  | | Invité Invité
 | Sujet: Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU Sam 4 Sep 2010 - 10:57 | |
| | T-NEG a écrit: | | Oui mais il y a de fortes chances que nous qui vivons aux USA,Au Canada, En France, en Dominicanie, nos enfants apprennent en Anglais, En français ou en espagnole. |
T-Neg,
Tu as raison.
Personnellement, je ne vois pas pourquoi une personne devra apprendre à lire et écrire le créole. C'est carrément une perte de temps.
Nous devrons plutot renforcer, au niveau des études classiques, l'apprentissage de l'anglais, l'espagnol, et le francais. |
|  | | Le gros roseau Super Star

 Nombre de messages: 7472 Localisation: Usa Loisirs: sport ,internet,stock market Date d'inscription: 21/08/2010
 | Sujet: Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU Sam 4 Sep 2010 - 13:50 | |
| Et dis donc pourquoi les Vietnamiens,les Iraniens, les Italiens doivent-ils apprendre dans leur langue? pourquoi ils n'adoptent pas l'anglais ou le francais?ne tourne pas comme un boeuf atteint du tournis comme l'a dit ton ami l'agronome JER pour me repondre(lol) |
|  | | Invité Invité
 | Sujet: Re: MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU Sam 4 Sep 2010 - 14:10 | |
| | Le gros roseau a écrit: | | Et dis donc pourquoi les Vietnamiens,les Iraniens, les Italiens doivent-ils apprendre dans leur langue? pourquoi ils n'adoptent pas l'anglais ou le francais?ne tourne pas comme un boeuf atteint du tournis comme l'a dit ton ami l'agronome JER pour me repondre(lol) |
Haiti n'a pas les moyens pour monter son propre système éducatif et universitaire.
Nous sommes obligés de greffer sur les systèmes des pays voisins.
Notre université ne delivre que des licences ou "bachelor"... Alors qui va monter ce nouveau système en créole?
L'éducation n'est pas comme la politique ou n'importe qui peut faire irruption et vomir n'importe quoi...
Il faut des docteurs qualifiés....
Nous n'avons pas les moyens pour monter notre propre système, cessons de rever.
Une grenouille ne peut pas agir comme un boeuf. |
|  | | | | MICHEL DE GRAFF AP FRAPE-FRANKOFOU RALE KÒ NOU | |
|
Sujets similaires |  |
|
| | Permission de ce forum: | Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum
| |
| |
| |