Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti

FOROM AYITI : Tèt Ansanm Pou'n Chanje Ayiti.
 
AccueilAccueil  GalerieGalerie  PortailPortail  CalendrierCalendrier  PublicationsPublications  FAQFAQ  RechercherRechercher  S'enregistrerS'enregistrer  MembresMembres  GroupesGroupes  Connexion  

Partagez | 
 

 Ayiti gen yon avantaj bab e moustach

Aller en bas 
AuteurMessage
jafrikayiti
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

MessageSujet: Ayiti gen yon avantaj bab e moustach   Sam 4 Sep 2010 - 22:13

Eske se ak sab Ayiti a pou nou rebati lekòl yo?
Eske se ak lang Kreyòl Ayiti a menm pou nou fè lekòl?
Yves Dejean, June 12, 2010

Rebati lekòl nou yo san nou pa chanje sistèm lekòl la, se lave men siye a tè.
Tranblemanntè 12 janvye 2010 la kraze anpil lekòl nan vil Pòtoprens ak anpil lòt kote.
Pawòl rebati lekòl ap pale. Ayisyen ann espwa repare dega yo ak konkou tout
sitwayen, tout Ayisyen ki aletranje epi ak èd entènasyonal. Se pou yo bati selon
prensip modèn nan yon peyi ki make kòm zòn tranblemanntè.

Yon gwoup Ayisyen enterese nan yon sistèm edikasyon ki ta ka sèvi TOUT popilasyon
peyi a, espesyalman mas pitit kiltivatè, ouvriye, manman pitit ki vann e ki achte nan tout
mache andeyò, mache nan ti bouk, mache lavil, dekwa pou TOUT ti Ayisyen depi yo ti
katkat jis yo gen 18 ane ta an mezi jwenn yon òganizasyon lekòl fondamantal, lekòl
segondè, lekòl pwofesyonèl ak inivèsite ki ouvri baryè tou gran pou yo devlope
konesans yo mezi yo kapab. Sa fèt nan plizyè peyi ki gen mwens moun pase Ayiti.

Men egzanp dis peyi diferan. Nou mèt di, jodi a an 2010, TOUT popilasyon peyi sa yo
deja pase plizyè ane nan bon lekòl ki fèt nan lang yo. TOUT popilasyon an konn li,
konn ekri lang peyi a. Chif n ap bay yo se chif ane 1999, dapre edisyon 2001 yon
diksyonè angle “Harper-Collins”. Pou Ayiti diksyonè a bay 6 884 000 moun pou 1999.

Menm ane a pou dis lòt peyi yo, men chif li bay, e men lang ki sèvi nan lekòl chak peyi
sa yo:
1. Albani 3 365 000 lang albanè
2. Dànmak 5 316 000 lang dànwa
3. Estoni 1 439 000 lang estonyen
4. Fenlann 5 167 000 lang finwa, syedwa
5. Islann 276 000 lang islandè
6. Israyèl 5 934 000 lang ebre, arab
7. Jòdani 4 839 000 lang arab
8. Kostarika 3 584 000 lang espayòl
9. Liban 3 563 000 lang arab
10. Nòvèj 4 452 000 lang nòvejyen

Nan dis peyi sa yo, nan tout nivo, lekòl fèt nan lang peyi a, sa vle di nan yon lang
popilasyon peyi a, an jeneral, pale toulejou nan tout aktivite lavi tout moun.

Ann Ayiti, lekòl ta dwe fèt AN KREYÒL dapre edikatè ki rekonèt:

(1) Tout moun ki fèt e ki leve ann Ayiti konprann kreyòl, pale kreyòl.

(2) Pi fò moun ki fèt e ki leve ann Ayiti pa konprann franse, pa pale franse.

(3) Sa vle di sou 6 milyon 884 mil Ayisyen yo te konte an 1999, si yon moun ta sipoze 80 pou san popilasyon Ayiti lè sa a pa te konprann franse, pa te pale franse, se pa vye pawòl li ta pale. Sa ta vle di se 5 milyon 507 mil 200 Ayisyen ki pa te konprann franse, ni ki pa te pale franse. Siman te gen plis pase sa toujou.

(4) Lekòl ki fèt AN FRANSE ann Ayiti, depi plis pase 200 an, pa reyisi fè lang franse
tounen lang pi fò Ayisyen
. Pou chak gwoup kat Ayisyen nou konte, gen omwen twa ki pa ni konprann franse ni pale franse.

(5) Nanpwen okenn prezidan, okenn premye minis, okenn minis edikasyon nasyonal,
okenn dwayen inivèsite ki ta deklare ak tout bon lafwa yo: Lekòl reyisi montre yon ka
popilasyon Ayiti konprann franse, pale franse, regle bon valè aktivite yo an franse.

(6) Ni yo pa kapab demanti tout gwo savan ki okipe afè edikasyon tout kote sou latè epi ann Ayiti tou, lè edikatè sa yo di: Sitiyasyon nòmal timoun ki lekòl nan peyi yo depi yo gen 6 an jis yo gen 18 an, se etidye nan lang yo pale depi yo gen 3 an, espesyalman lè moun lakay yo, moun nan vwazinaj yo, moun nan lari, moun nan mache, eksetera, pale menm lang ak yo.

Piske se kon sa, selon egzijans lasyans ak pedagoji modèn, ann bati yon nouvo sistèm
lekòl ki chita sou lang kreyòl TOUT POPILASYON peyi a pale maten, midi, swa, lakay yo, nan lari, nan mache, nan mitan foul moun, nan jwèt, nan bay blag, nan plezi, nan fèt, nan tristès, nan maladi, nan lapenn, nan lantèman, nan lanmò, lavil, andeyò,
laplenn, nan mòn...

Nanpwen edikatè, sosyològ, etnològ, sikològ, ki okouran sitiyasyon peyi d Ayiti, ki pa ta
kapab rekonèt yon avantaj bab e moustach peyi nou an genyen pandan nenpòt ki timoun, nenpòt ki granmoun kapab pale fasil, AN KREYÒL, ak nenpòt ki lòt moun, nenpòt ki kote ann Ayiti.

Anpil peyi sou latè, espesyalman ann Afrik, ann Azi, konn gen 2 ou 3 ou 4 zòn, si se pa
plis toujou, ki pa pale menm lang. Nou pa gen pwoblèm sa a menm ann Ayiti.

Lè lekòl a fèt AN KREYÒL, sa vle di nan yon lang TOUT MOUN pale nan peyi d Ayiti,
menm jan tout timoun ap etidye kalkil, jewografi, istwa peyi yo, eksetera, serye serye,
se kon sa dwe genyen yon pwogram serye pou yo etidye franse—yon lang ki pran pye
ann Ayiti depi sou tan lakoloni.

Si tout moun ann Ayiti pale chinwa,
ann fè lekòl an chinwa.
Si tout moun ann Ayiti pale angle,
ann fè lekòl ann angle.
Si tout moun ann Ayiti pale franse,
ann fè lekòl an franse.
Si tout moun ann Ayiti pale panyòl,
ann fè lekòl an panyòl.
Si tout moun ann Ayiti pale kreyòl,
ann fè lekòl an kreyòl.

TOUT moun ann Ayiti pale Kreyòl.
Sa klè kankou dlo kokoye.
Ann fè lekòl an KREYÒL.




Siyen petisyon sa a pou mande Leta Ayisyen refòme sistèm lekòl la sou yon baz syantifik epi lojik: [Seuls les administrateurs ont le droit de voir ce lien]
Revenir en haut Aller en bas
Voir le profil de l'utilisateur
 
Ayiti gen yon avantaj bab e moustach
Revenir en haut 
Page 1 sur 1
 Sujets similaires
-
» Mwen akise elit ayisyen de neglijans grav
» Haiti - the capital of the diaspora? Selebrasyon Ayiti lan Trinidad
» 30 pwojè sou pye lan Komisyon Enterimè pou Bati Ayiti.
» AYITI : Lit de Klass e Ideoloji Divizé Nou Sou Zafé Det Indepandans lan
» Vodou ap tounen yon fòs politik an Ayiti. Ayibobo !!!!!

Permission de ce forum:Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti :: Mi-temps :: Tribune libre - Nap pale tèt kale-
Sauter vers: