|
| Auteur | Message |
|---|
Le gros roseau Super Star

 Nombre de messages: 8001 Localisation: Usa Loisirs: sport ,internet,stock market Date d'inscription: 21/08/2010
 | Sujet: Re: L'échec du système cubain: la confession de Castro Mer 15 Sep 2010 - 10:19 | |
| Mwen pa komulus non men eske se vre yon moun ka di ke revolutyon kiben an se yon echec?Chavez di yon bagay ki toujou rete nan tet mwen li di ke meyè fom de gouvènman an se sa ki fè plis byen pou plis moun yo.si nou di revolutyon kiben yans se yon echek kote menm lennmi rejim Castro rekonet pwogrè yo fè nan edikatyon, sante ,enviromnam,tourism etc eske nou ka di ke revolutyon an echwe tout bon?wi genyen chanjman ki merite fet paske kom mwen di deja nanpren anyen ki rete menm jan sou la tè,men tou sim tap chwasi ant system ki genyen an ayiti e system ki genyen kiba san ezite men tap chwasi system kiben. o mwen nanpren moun ki ap mouri ak grangou kloroks, ak tiberkiloz, ak malrya ak enterit ,nanpren preske yon milyon ti moun ki pa ka ale lekol kiba. lopital kiba pa tankou yon depotwa. la ri kiba pa tankou yon depotwa.kiba pa finn tounen yon desè.chak peyi a chak epok genyen yon system ki apwopriye pou li. mwen toujou di yo pa ka divise zero,men tou si yon kote genyen plis pase zero epi se yon sel gwopu ki ap manje e byen se normal nan moman sa yo ke pep la pran pouvwa pou gato a ka separe ant tout moun.yo di ke demokrasi se pouvwa pep, par le pep e pour le pep.e byen demokrasi ya ka pran diferant fom tou selon koutum e mers peyi ya.ant ayiti e kiba ki kote ki genyen yon gouvenman "of the people ,by the people ,and for the peole?" |
|  | | Thunder Super Star


 Nombre de messages: 4198 Localisation: Planet Earth (Milky Way Galaxy) Loisirs: Target Practice, Sports Cars, Konpa... Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le gardien
 | Sujet: Re: L'échec du système cubain: la confession de Castro Mer 15 Sep 2010 - 23:26 | |
| Ebyen monchè! ...Wou pi rwayalis ke le rwa, Castro di ke sistèm nan pa mache ankò, epi wou menm w ap plede? Kisa ke w ap defann la a?
Mwen konnen ke nan listwa tout pèp genyen yon lè pou yon revolisyon fèt. Men, si apre 50 lane, pèp Kiben nan rasyonman toujou, si yo poko ka genyen libète kòmsadwa..., se pou w dakò ak mwen ke sistèm nan obsolèt monchè.
Wi yo ale lekòl e yo genyen swen de sante, men eske w ap di ke yon ti sentaniz pi bon pase pitit wou yo paske yo ale lekòl e jwenn dispansè gratis? Menm si ke w te pi pòv pase Job?
Castro petèt renmen pèp Kiben an, men se pa antèm de pitit, se antèm de restavèk. Wi! ...esklavajis gen dwa renmen esklav ke yo genyen, li gen dwa voye yo lekòl, e ba yo dispansè pou panse maleng. Men, san libète pa genyen onètete.
Antouka, se konsa ke mwen wè l. |
|  | | Le gros roseau Super Star

 Nombre de messages: 8001 Localisation: Usa Loisirs: sport ,internet,stock market Date d'inscription: 21/08/2010
 | Sujet: Re: L'échec du système cubain: la confession de Castro Mer 15 Sep 2010 - 23:36 | |
| ou pa ta ka wel oken lot jan non.mwen pa di pou pa genyen chanjman kiba non.mwen di si revolutyon kibenn lan echwe e byen revolutyon ayisyennn lan echwe tou.e si poum ta chwasi ant 2 system yo mwen tap toujou chwasi kibenn lan.nanpren moun ki genyen konsyans ki ka di ke pep kiben an jodya pa pi byen ke anvan revolutyon.Map pale de majorite wi.wi se vre genyen ratyonman kiba men pa genyen grangou kloroks ni pa genyen delenkans e kidnaping tankou nan anpil lot peyi.Liberte se yon konsep relatif.mwen pa di ke castro pa yon diktatè non, men tou kom mwen toujou di nan serten peyi a serten moman pou chanje strikti sosyal ki kenbe majorite pep la nan iyorans , grangou kloroks kote moun ap manje galet labou ,maladi insalibrite fok se yon diktati ou byen yon gouvenman fò ki pou fè refòm ki merite fet yo.An verite banm yon Castro pou 30 lane an ayiti mwen pap genyen oken pwoblem ak sa. |
|  | | Thunder Super Star


 Nombre de messages: 4198 Localisation: Planet Earth (Milky Way Galaxy) Loisirs: Target Practice, Sports Cars, Konpa... Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le gardien
 | Sujet: Re: L'échec du système cubain: la confession de Castro Jeu 16 Sep 2010 - 1:17 | |
| 30 lane p ap sifi, paske menm apre 50 lane. Kiben yo rete restavèk Castro.
Monchè, nou pral vire an rwon paske chak moun genyen santiman pa yo. Mwen menm, pou mwen le chabonye è mèt de che lwi. Tan pou m pa genyen lalwa dyòl mwen, mwen pito pòv.
Konsèp ke se yon diktati ki pou fè sesi oubyen sela a, li lè pou nou mete l yon kote. Valè peyi ki pran wout pwogrè san ke se pa yon baton ki nan bounda popilasyon an pou plis pase 50 lane? alò, se baton ki fè Ayisyen mache vre?
Si se vre ke pèp Kiben an pi byen kounyea ke pandan tout listwa li, se pou Castro pèmèt pou moun ki vle kite zile an kite l, pou m ka wè li ak ki moun k ap rete sou zile an (lol). Ala pèp pa konnen sa ke li vle konpè se pèp kiben sa a, li pa nan grangrou kloròks, men li pito fè reken manje l pou l ale nan Florida (lol).
Wi! mwen fòk ta genyen yon revolisyon, men si apre 50 lane, Castro oblije kenbe baton l toujou konnen ke Genyen yon bagay ki pa mache. |
|  | | kami animatrice


 Nombre de messages: 2981 Localisation: ICI Opinion politique: La séparation des pouvoirs Loisirs: Lecture, Dormir Date d'inscription: 20/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle:
 | Sujet: Re: L'échec du système cubain: la confession de Castro Jeu 16 Sep 2010 - 9:02 | |
| Mwen espere ke Cuba va fe yon monte ekonomik apre kel swiv la Chine avec le Vietnam, paske 2 peyi sa yo se pi gran producteur de cafe apre le Bresil. Yo deside pou monte pri cafe a tres bientot. Gade fos ke yo ginyin dans le marche. |
|  | | Le gros roseau Super Star

 Nombre de messages: 8001 Localisation: Usa Loisirs: sport ,internet,stock market Date d'inscription: 21/08/2010
 | Sujet: Re: L'échec du système cubain: la confession de Castro Jeu 16 Sep 2010 - 11:18 | |
| Thunder ou te genyen la lwa dyol w sou Duvalier?mwen pito mwen pa genyen la lwa dyol mwen tanm nan grangou klorokx la.pito mwen genyen dantist a lez lè mwen genyen yon maldan, pito pitit mwen yo ka ale nan bon lekol tan ke mwen genyen swa disan lwa dyol mwen ,moun konn pale san edikatyon ni lè yo grangou?abitan nan morn ki pa genyen edikatyon eske yo genyen dwa dyol yo an ayiti?Mwen deja diw ke liberte se yon konsep relatif.Mwen si ke kiben yo ki tap viv Kiba nan ane 40 e 50 yo te konprann yo te lib men eske yo te genyen dwa rantre nenpot kote?mwen tap li yon teks kote yon kiben di si kiben ki miami yo konprann ke se ak menm system apartheid la ke yap vinn retounen ak li ankò kote anpil nwa pat ka rantre menm benyen sou nenpot ki plaj yo met rete kote yo ye paske li ap goumen jis li mouri pou system saa pa retounen kiba ankò.
mwen pa di pou nou adopte menm ideyoloji ak kiba non,men ke vyej pete jé m pito mwen te pran 10 castro olye mwen te pran yon sel Duvalier an ayiti pandan 30 lane li ak pitit li fè o pouvwa a.se preferans pam. |
|  | | Thunder Super Star


 Nombre de messages: 4198 Localisation: Planet Earth (Milky Way Galaxy) Loisirs: Target Practice, Sports Cars, Konpa... Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le gardien
 | Sujet: Re: L'échec du système cubain: la confession de Castro Ven 17 Sep 2010 - 8:46 | |
| Wi! ...mwen konnen! Si pou ta chwazi swa pou w esklav domestik pou ka rele "mèt! men kay nou ap boule"(tankou jan w renmen di), oubyen pou ta esklav nan jaden ki dòmi nan ti joupa l nan raje an. Mwen gen tan konnen kiyès nan yo ke w t ap chwazi, baze sou sa ke w ekri la a. Pye bèf pou pye bèf, w ap pran l ka pratik? Esklav pou esklav, pito vant wou plen ke w grangou? Ebyen monchè! kontinye al dòmi vant plen devan kabann mèt wou (lol). | Citation: | | mwen pito mwen pa genyen la lwa dyol mwen tanm nan grangou klorokx la.pito mwen genyen dantist a lez lè mwen genyen yon maldan, pito pitit mwen yo ka ale nan bon lekol tan ke mwen genyen swa disan lwa dyol mwen |
Poukisa nou pa remèt blan Franse peyi an? Mwen si ke si nou p at fè 1804 se pa nan eta sa a ke nou t ap ye. Kisa ke w panse de sa?
Zafè Duvalier ak Castro an pa kenbe. Moralman palan, Castro pa diferan de Duvalier.
Franchman, mwen pa panse yon nèg tankou w te ka menm oze panse konsa. |
|  | | Le gros roseau Super Star

 Nombre de messages: 8001 Localisation: Usa Loisirs: sport ,internet,stock market Date d'inscription: 21/08/2010
 | Sujet: Re: L'échec du système cubain: la confession de Castro Ven 17 Sep 2010 - 9:43 | |
| Thunder
se pa manje selman mwen reklame non,mwen reklame swen de sante, 'edikatyon ; elektrisite, teren sport ,dlo potab lojman desan kote moun pap ranpe ,mande tout la sent jounen.pou ka pale fok ou manje, fok ou an sante, fok ou genyen edikatyon ki pemet w distengé sa ki bon pou wou konsa ou pap koute radotè ki fè w al mete di fe nan yon santral hydro elektrik ki ap ba peyi w limyè, ni boule biro leta.tou tan yon kote genyen anpil radotè sa yo ki ap kritike jis pou yo kritike e tou tan revolutyn an pankò byen etabli poul dezonbifye majorite moun nan peyi pou radotè pa brainwash yo e byen mon frè babouket nan dyol la ka pi bon ke grangou kloroks ak maladi ki ap touye pitit mwen yo.se opinyon pam. |
|  | | | | L'échec du système cubain: la confession de Castro | |
|
Sujets similaires |  |
|
| | Permission de ce forum: | Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum
| |
| |
| |