| | Les jolies filles de Jacmel | |
|
|
| Auteur | Message |
|---|
Sasaye Super Star


Nombre de messages: 5132 Localisation: Canada Loisirs: Arts et Musique Date d'inscription: 02/03/2007
Feuille de personnage Jeu de rôle: Maestro
 | Sujet: Les jolies filles de Jacmel Ven 15 Oct 2010 - 12:59 | |
| Les jolies filles de Jacmel Nou bezwen bèl bagay konsa detanzantan pou nou soti lan lònyè dezèvreman ak move santiman. Malgre tou sa k ap pase, nou fèt lan yon bèl ti peyi.
|
|
 | |
Le gros roseau Super Star

 Nombre de messages: 7998 Localisation: Usa Loisirs: sport ,internet,stock market Date d'inscription: 21/08/2010
 | Sujet: Re: Les jolies filles de Jacmel Ven 15 Oct 2010 - 15:48 | |
| Rony Jolicoeur est-il le fils d'Aubelin Jolicoeur?Ils se ressemblent un peu.Oui il existe de très jolies filles à Jacmel .Si on ne m'avait pas transferé à Jeremie, j'aurais épousé une jacmelienne. |
|
 | |
Sasaye Super Star


Nombre de messages: 5132 Localisation: Canada Loisirs: Arts et Musique Date d'inscription: 02/03/2007
Feuille de personnage Jeu de rôle: Maestro
 | Sujet: Re: Les jolies filles de Jacmel Ven 15 Oct 2010 - 16:42 | |
| |
|
 | |
kami animatrice


 Nombre de messages: 2981 Localisation: ICI Opinion politique: La séparation des pouvoirs Loisirs: Lecture, Dormir Date d'inscription: 20/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle:
 | Sujet: Re: Les jolies filles de Jacmel Ven 15 Oct 2010 - 17:16 | |
| | Le gros roseau a écrit: | | Rony Jolicoeur est-il le fils d'Aubelin Jolicoeur?Ils se ressemblent un peu. |
Roseau,
Manman-m dim ke-w pa moun Potoprins vre pou panse ke Aubelin Jolicoeur taka gin pitit.
| Citation: | | Les jolies filles de Jacmel |
Mon pere est de Jeremie, ma mere est de Port-au-Prince. imaginez-vous la beaute de Kami!
TGIF!!!! |
|
 | |
Sasaye Super Star


Nombre de messages: 5132 Localisation: Canada Loisirs: Arts et Musique Date d'inscription: 02/03/2007
Feuille de personnage Jeu de rôle: Maestro
 | Sujet: Re: Les jolies filles de Jacmel Ven 15 Oct 2010 - 23:52 | |
| Yaa TGIF.
Mwen pa p fè diferans non. Mwen te genyen eksperyans memorab chak ete lan Jeremi. Men mwen te pase yon semèn idilik lan Jakmèl. E Okay menm? ayayay.
Men mwen pa konn pilwen lan Nò pase Gonayiv. Kèl domaj, men mwen te genyen yon bèl vwazinn ki te soti Lenbe. Mezanmi gade tou sa nou kite dèyè. Ke nou pap janm wè anko.
Kami, kisa manman w di? Oblen Jolikè te konn manje zèb? |
|
 | |
kami animatrice


 Nombre de messages: 2981 Localisation: ICI Opinion politique: La séparation des pouvoirs Loisirs: Lecture, Dormir Date d'inscription: 20/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle:
 | Sujet: Re: Les jolies filles de Jacmel Sam 16 Oct 2010 - 8:10 | |
| | Citation: | Kami, kisa manman w di? Oblen Jolikè te konn manje zèb? |
Oblen, epok manmanm te koninl te yon selibate kite abite a l'etage mezon famiy Beauboeuf nan karfou aveni Nicolas et rue Capois. sete yon neg kout bwode anpil, toujou byen abiye, zanmil yo sete toujou etranje. Kom li mouri mwen pa vle palel mal poum di kel te kon-n manje zeb, selman ke moun panse ke pitit li yo te adoption. |
|
 | |
Joel Super Star

 Nombre de messages: 8201 Localisation: USA Loisirs: Histoire Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le patriote
 | Sujet: Re: Les jolies filles de Jacmel Sam 16 Oct 2010 - 9:52 | |
| Jodi SAMDI ,pou nou relaks en pe;noumenm ki gen plis ke 60 an ,annou pran yon ti vwayaj nostaljik:
http://www.youtube.com/watch?v=Nz1z6q2DDIg&feature=related |
|
 | |
T-NEG Modérateur


 Nombre de messages: 3549 Localisation: Montreal Loisirs: Sport Date d'inscription: 29/12/2008
 | Sujet: Re: Les jolies filles de Jacmel Sam 16 Oct 2010 - 10:20 | |
| J'ai rencontré quelques filles de la vallée de Jacmel mezanmi No dyol to talk... _________________ «En me renversant, on n'a abattu à Saint-Domingue que le tronc de l'arbre de la liberté, mais il repoussera car ses racines sont profondes et nombreuses» Toussaint Louverture.
|
|
 | |
Sasaye Super Star


Nombre de messages: 5132 Localisation: Canada Loisirs: Arts et Musique Date d'inscription: 02/03/2007
Feuille de personnage Jeu de rôle: Maestro
 | Sujet: Re: Les jolies filles de Jacmel Sam 16 Oct 2010 - 11:00 | |
| Kami, Manman w konnen l vre. Misye sete yon jounalis ki ta p pouse tourism ann Ayiti. Li te konn al rankontre vol ki vini avek touris yo lan ayewopo. Li te toujou ap frekante touris lan Otèl Olofsonn. Li te toujou avèk meriken fanm ou gason epi li te konn ekri tout bagay sou yon jounal.
Misye te tèlman koni ke Graham Green te kreye yon wòl pou li lann fim LES COMEDIENS ke l li te fè sou Ayiti. Divalye te entante yon pwosè kont Green pou difamasyon e li te genyen kòz lan. |
|
 | |
Le gros roseau Super Star

 Nombre de messages: 7998 Localisation: Usa Loisirs: sport ,internet,stock market Date d'inscription: 21/08/2010
 | Sujet: Re: Les jolies filles de Jacmel Sam 16 Oct 2010 - 11:28 | |
| Kami
se vre mwen pa moun Port-au-prince.Mwen rankontre Oblin 2 fwa :premye fwa se lè mwen tap rantre o Zeta zuni premye fwa an 1962 nou te voyaje nan menm avyon pou nou te ale jamayik ,Montego Bay paske lè sa pat ko genyen aeropò Francois Duvalier ya. fok se jamayik ou te ale poul ta pran avyon jet ki te pou mennnen w New York.
dezyem fwa mwen rankontre l se lè mwen te tounen an ayiti li te rankontre m nan avyatyon lè saa li te konn ekri yon ti kolonn nan nouvelliste ki te rele Entrées et sorties.kote li te konn pibliye non tout moun ki ap kite peyi ya e tou sa ki ap rantre.apre sa anvanm kite ayiti mwen konn wè li nan la ri nou salye men sim di ke mwen te konn vi prive li se manti map bay dayè sa pat enterese m non pli.mwen toujou wè li byen abiye nan la ri. |
|
 | |
Le gros roseau Super Star

 Nombre de messages: 7998 Localisation: Usa Loisirs: sport ,internet,stock market Date d'inscription: 21/08/2010
 | Sujet: Re: Les jolies filles de Jacmel Sam 16 Oct 2010 - 11:40 | |
| Joel
mon chè fok mwen di w mèsi pou bel misik sa yo ou fè m reviv maten yan.mwen te konn tande pale de okes Saieh men mwen pat janm konnen li non.mwen pa konnen si w pataje preferans mwen genyen pou ansyen misisyen sa yo ; nouvo misisyen jodya jwe yon sel styl konpa direk ke pafwa mwen twouve li monotone .pou mwen ansyen musisyen ayisyen yo te pi bon.Ke se saieh ,Raoul Guillaume, Guy Durosier, Webert Sicot,Nemours jean baptiste,Ulirick Pierre louis,Saint Aude e tout misisyen jeneratyopn pa nou yo mon chè mwen pap troke yo pou jenn misisyen nou genyen jodya. |
|
 | |
ainsi ne soit-il Super Star


 Nombre de messages: 1849 Localisation: terre-neuve Loisirs: chiquer du tabac, molester les molosses Date d'inscription: 03/05/2010
Feuille de personnage Jeu de rôle: l'hallucinogène
 | Sujet: Re: Les jolies filles de Jacmel Sam 16 Oct 2010 - 16:24 | |
| Dokimanter sa montre'n ke gen yon bel trabay nou te ka fe pou mizik ayisyen la. Mwen ka pi jenn se vre, men te toujou prefere tande radyo ki te konn difuze ansyen mizik yo dan lapremide ou la sware.
Se sa ki fe ke gen neg ki konn ap mande'm ki laj mwen. Mwen pa konn repond yo paske se avan tou yon kestyon de kilti. Mwen gen muzik tout neg sa yo ki lan dokimante a e mwen pa ka tann pou achiv vizuel yo a la dipozisyon lekol an Ayiti.
Mwen gen 2-3 points communs ak Raoul Guillaume men sa ki pi frapan se entriman l'ap di ki rele alto an ke li te komanse jwe lan fanfa lekol li. Imajine se menm sa ki te rive'm, si m'byen sonje, alto a se sa yo rele tuba sof ke tuba a on ti jan pi gro. Mwen te kouri abandone paske mwen pat renmen'l e pi mwen te manke soufl.
Lan diskisyon m'te konn fe ak konpatryot mwen yo, m'te konn di ke se domaj ke gen anpil jenn mizisyen ki for lan kreye misik studio paske yo pa gen yon ide de riches mizik lakay nou. E si m'ta an Ayiti, se pou'm ta gen stasyon radyo kote m'ap difuze de lapremidi jisk o swa mizik sa yo.
Dokimante sa a se yon premye pa paske mwen sispek ke gen anpil riches lakay nou ki pat vilgarize depi avenman Papa Doc. Shit!
E! nou we bel pa an ba pye Magloire. Kolonel la te brode wi. Nou we ki riches sa pote kan tout moun kon sa y'ap fe. Mizik pa gen frontye, mezanmi. Apa ke la plipa lan yo jis chita ap jwe konpa monoton', mizisyen ayisyen yo pa toujou ranferme. Dokimante a byen montre kijan echnaj antr Ayiti e Cuba te anrichisan.
Les puristes n'ont pas leur place dans la musique contemporaine. Gad jan y'ap pale jodi a de musique du monde (world music). Anpil, bel bagay, bel kolaborasyon.
E pi m'ap gade jan pat vreman de gen diskriminasyon antr fanm ak gason. Sak pi red la, gen Fabre Duroseau, gen Frantz casseus, Trouillot ak Guy Durosier le genial ruse, men map gade gen otan de fanm yo bay vale lan kilti lakay ke se Jean-Claude, Pradlines, Casimir, Bissainthe elatrey.
M'ap tou profite di ke jan de bon bagay konsa se pa pou moun superfisyel ki kontinye ap repete vye zen manmi yo. Mwen espere ke anpil enbesil va konprand ke etre noir ou Ayisyen sa pa gen anyen ak koule po moun jan nou te toujou vle kwe. Se sa ki fe anpil neg manke kiryozite e ke yo pa vle fe efo tankou Issa ap di li pa pi talantye ke yon lot men li eseye e li disipline.
An verite, gen yo nivo ke moun ap evolye, si w ap pataje plezi ki sain ak parey w, vye kestyon malefik pa gen plas yo. Vodou va jwenn redanpsyon'l. Menm m'pap janm yon vodouizan. Sa pa anpeche'm dekouvri riches ki gen lan sa. Mwen se yon meloman' avan tou avek moso talan musizyen.
Tankou Dany te di, si nou okipe'n de kilti nou tout bon, peyi va vanse.
Gen bel fanm tout kote an Ayiti men yo pa pran swen kor yo. Fanm ki rete elegant yo se sa k'ap viv lan kanpay ki toujou ap deplase a pye ou byen sa la natu te avantaje. Apre sa, anvan yo gen trant ane, se gres yon tonbe ap kalkile. Yo pa fe sport, depi yo finn fe pitit, se jis poze bouda yo on kote, al travay, byen manje e pi al domi. Yo paret pi gran moun pase manman yo. Chita ap tann Ben l'Oncle Phantere. Ha! ha! ha!
|
|
 | |
OBSERVER KEEN Star

 Nombre de messages: 966 Localisation: USA Date d'inscription: 29/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle:
 | Sujet: Re: Les jolies filles de Jacmel Dim 17 Oct 2010 - 21:13 | |
| memsi li te manje zeb, eske sa tap vle di otomatikman ke li pa ta gen karakte? pa neseman, mezanmi karakte pa gen aryen pou we ak ki jan yon moun shwazi pran plezi seksyel li. depi se ak yon moun ki gen laj maje, ki rantre nan relasyon an san fose. karakte moral gen pou li we ak respekte mo done ou, respekte responsabilite sivik, familial ou ak respekte dinite moun. nonm lan te (...), ki te mele nou. si nap batay pou shanjman, fok nou komanse retire prejije koule, seksyel e latriye. si mwen ak ou renmen fanm, se pat shwa konsyan nou te fe, nou tou senpleman renmen fanm natirelman tandiske nonm lan menm te ka renmen gason natirelman. se nan fose massissi renmen fanm kont lanati yo ki fe yo ap rantre nan fo maryaj ak fanm yo pa renmen; fwaye kraze, fanm lan desu e latriye wi. ti manno di pi gwo krim ou ka fe yon moun se fose li rete nan relasyon ak yon moun li pa renmen. imajine ki toti mantal ou tap ye si ou rive nan yon lot planet kote yap fose ou renmen ak gason tandiske ou renmen fanm. se menm bagay la nou vle fose moun ki massissi ya fe. empathy mande pou kite massissi shashe happiness yo nan fason yo depi yo respekte la lwa.
ou pa bezwen massissi pou respekte dinite yon massissi, ou bezwen pou yon moun li respekye dinite zimen. |
|
 | |
kami animatrice


 Nombre de messages: 2981 Localisation: ICI Opinion politique: La séparation des pouvoirs Loisirs: Lecture, Dormir Date d'inscription: 20/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle:
 | Sujet: Re: Les jolies filles de Jacmel Lun 18 Oct 2010 - 8:35 | |
| Mesi anpil Joel pou lyen sa-a. Ala yon bel epok de plezi ak jwa de viv. Epi atis ayisyen sa yo apatenu nan yon lot kategori. ler map Issa ak Martelly te aprann solfej nan minm lekol, epi gade rezilta atistik 2 moun sa yo. Mwen pa aprann anyin de Ayiti ler map tande mizik Sweet Miki!!! |
|
 | |
Joel Super Star

 Nombre de messages: 8201 Localisation: USA Loisirs: Histoire Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le patriote
 | Sujet: Re: Les jolies filles de Jacmel Lun 18 Oct 2010 - 8:54 | |
| | Le gros roseau a écrit: | Joel
mon chè fok mwen di w mèsi pou bel misik sa yo ou fè m reviv maten yan.mwen te konn tande pale de okes Saieh men mwen pat janm konnen li non.mwen pa konnen si w pataje preferans mwen genyen pou ansyen misisyen sa yo ; nouvo misisyen jodya jwe yon sel styl konpa direk ke pafwa mwen twouve li monotone .pou mwen ansyen musisyen ayisyen yo te pi bon.Ke se saieh ,Raoul Guillaume, Guy Durosier, Webert Sicot,Nemours jean baptiste,Ulirick Pierre louis,Saint Aude e tout misisyen jeneratyopn pa nou yo mon chè mwen pap troke yo pou jenn misisyen nou genyen jodya. |
Ou kap pa t konnen misye pèsonèlman ,men mwen garanti w ,ke w konnen mizik misye. Lan ane 50s yo ,omwens mwatye mizik ou te konn tande lan radyo ,se te mizik ISSA SAIEH. Mwen kwè ou ka sonje mizik ÒKÈS KAZINO ENTÈNASYONAL lan ;se SAIEH ki te mayestwo ÒKÈS sa a.Se misye ki te konn akonpanye GUY DUROSIERS antr'òt Sa a se vre ,te gen pi bon mizik lan peryòd sa a ,pa t gen mizisyen machokèt;nèg sa yo se te mizisyen akonpli. |
|
 | |
Le gros roseau Super Star

 Nombre de messages: 7998 Localisation: Usa Loisirs: sport ,internet,stock market Date d'inscription: 21/08/2010
 | Sujet: Re: Les jolies filles de Jacmel Lun 18 Oct 2010 - 10:53 | |
| se vre mwen te konn tande okes kasino enternatyonal.Mwen sonje premye chante Guy Durosier mwen te konn fredonne se te Contravention.
Non non cher monsieur pas de discussion ;
Obersever bien les lois de la circulation
la prochaine fois il faudra bien faire attention
Desolé cher monsieur contravention.
mwen pa sonje si se ak okes Sahie ou byen okes kasino internatyonal la li te chante chante saa.nan tan saa te genyen konpositè a neg ki konn ekri bon jan lyrik.mwen sonje paul edouard ki te konn ekri pou Septentrional.Chante tankou louise marie, belle déesse. ,Septen tu vois la mer. marie jose. etc.sete bel epok vre malgre nou te nan misè ,men tankou Sahie di ya pat genyen hing hang saa pami ayisyen. |
|
 | |
| | Les jolies filles de Jacmel | |
|