| | Richard Antoine Morse (RAM) chita pale ak Jafrikayiti | |
|
|
| Auteur | Message |
|---|
jafrikayiti Star plus

 Nombre de messages: 1449 Localisation: Ottawa Date d'inscription: 21/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Bon neg guinen
 | Sujet: Richard Antoine Morse (RAM) chita pale ak Jafrikayiti Dim 14 Nov 2010 - 1:33 | |
| Pati 4 "MINUSTAH ranplase FAdH" http://www.youtube.com/watch?v=V6q4YHWAH5o
Nan segman sa a, Richard Morse (RAM) esplike wòl li wè Nasyonzini ap jwe Ayiti atravè MINUSTAH. Jafrikayiti fè chita pale sa a ak Richard Morse (RAM) nan otèl Oloffson, Pòtoprens, kat mwa apre Goudougoudou.
Pati 3 "M konvenk Washington pou Préval" http://www.youtube.com/watch?v=ltzSh9c6ZzU
Kat mwa apre Goudougoudou Jafrikayiti chita pale ak Richard Morse (RAM) nan otèl Oloffson, Pòtoprens. Nan segman sa a, RAM esplike wòl li di li te jwe pèsonèlman nan chwazi kandida René G. Préval pou li vin prezidan nan ane 2006. Èske li satisfè? Èske li regrèt chwa li te fè a....?
Kisa li konsidere kòm pi gwo reyalizasyon prezidans Preval la?
Pati 2 - "11 fanmi ap dirije Ayiti"http://www.youtube.com/watch?v=HZFZlyiKPqc
Kat mwa apre Goudougoudou Jafrikayiti chita pale ak Richard Morse (RAM) nan otèl Oloffson, Pòtoprens. Pami anpil koze, nan segman sa a, RAM konekte anprizonman 2 boujwa lajistis te kondane pou itilizasyon fo papye nan ane 2007, so kabrit gouvènman Jacques Édouard Alexis pran apre mobilzasyon kont grangou klowòks ane 2008 yo, maryaj Prezidan Préval ak Elizabeth Delatour elatriye... Nan pwochen segman an, RAM pral esplike wòl li di li te jwe pèsonèlman nan chwazi kandida René G. Préval pou li vin prezidan nan ane 2006. Èske li satisfè? Èske li regrèt chwa li te fè a....?
Pati 1 - "Emerante kanpe djanm apre goudougoudou"http://www.youtube.com/watch?v=knxCYR4HxBk
12 janvye 2010 Goudougoudou fè anpil dega Ayiti. Men gen yon chelèn nan kilti peyi a ki te kanpe djanm. Ak plis pase 90 ane depi l ap feraye sou ti planèt ble saa, Emerante Depradines Morse te sèmante li pap kite Goudougoudou mennen li ale jwenn zansèt yo anvan lè.
Jafrikayiti te kontan aprann nouvèl sa a nan bouch pitit gason li ki rele Richard. A. Morse.
Premye pati chita pale sa a ki te fèt nan mwa avril 2010, nan otèl Oloffson, se entwodiksyon yon latriye koze ki ka enterese anpil moun k ap chèche konprann nan ki kafou Ayiti ye nan finisman ane madichon sa a.
Mesi grandèt Emerante daprezavwa ou pèmèt nou tanmen chita pale sa a ak yon kokennchenn ekzanp lavi ki pote laviktwa sou lanmò! Ayibobo!
Dernière édition par jafrikayiti le Lun 15 Nov 2010 - 20:02, édité 1 fois |
|
 | |
Joel Super Star

 Nombre de messages: 8201 Localisation: USA Loisirs: Histoire Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le patriote
 | Sujet: Re: Richard Antoine Morse (RAM) chita pale ak Jafrikayiti Dim 14 Nov 2010 - 8:14 | |
| Men ala yon fanmi modèl ayisyen ki se fanmi DE PRASDINES sa a.
Fanmi sa a ,yon fanmi tankou mo MANNO CHALMAY lan ""pwovidans favorize"";pase tout jenerasyon lan sèvis peyi an.Depi LINSTANT DE PRASDINES ki te anbasadè lan LONDRES ak PARIS lan ane 1850s yo ;jis a RICHARD MORSE.
Granpapa MORSE se te CANDIO DE PRASDINES ,ki te antrene lan mizik klasik a PARIS e ki te vin anrichi repètwa mizik popilè an ,lan ane 20s ak 30 s yo.
Papa m te toujou ap pale m de chante sa a CANDIO te konpoze kont okipasyon ameriken an ,ki rele ANJELIK O,ALE KAY MANMAN W. Mwen pa konnen si yo jwe mizik sa a toujou lan radyo;se te yon chante voye pwent pou twoup okipasyon yo:
ANJELIK O ANJELIK O ALE KAY MANMAN W ANJELIK ANJELIK O ALE KAY MANMAN W TI FI KI PA KONN LAVE PASE ALE KAY MANMAN ALE KAY MANMAN CHÈ,ALE KAY MANMAN W CHÈ ALE KAY MANMAN W NANÒT,POU PA BAN MWEN DEZAGREMAN!
EMERANTE DE PRASDINES ,te kontinye lan vwa papa l ,ke RICHARD MORSE ap kontinye.
Se pa de fanmi tankou MANIGAT yo ,ki konprann se peyi an ki dwe yo e se pa yo ki dwe peyi an! |
|
 | |
Invité Invité
 | Sujet: Re: Richard Antoine Morse (RAM) chita pale ak Jafrikayiti Dim 14 Nov 2010 - 8:25 | |
| |
|
 | |
Rico Super Star


 Nombre de messages: 6511 Localisation: inconnue Loisirs: néant Date d'inscription: 02/09/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: dindon de la farce
 | Sujet: Re: Richard Antoine Morse (RAM) chita pale ak Jafrikayiti Dim 14 Nov 2010 - 12:32 | |
| Se pa de fanmi tankou MANIGAT yo ,ki konprann se peyi an ki dwe yo e se pa yo ki dwe peyi an! dixit Jaf
Jaf se moun tankou w ki toujou vle fè kwè depi nan Ginen nèg toujou rayi nèg. Nan pran poz revolisyonè kategorize fanmy Maniga boujwa. O wi li toujou bezwen favè kom entelektyèl de fomasyon.
Poutan Jaf anpil zot se menm kabrit tomazo, eleman peti boujwa depwi nan papa ak mamann yo ki prepare pou gen tout privilèj ak avantaj yon sosyete.
Tonas Ayiti two piti, gato two piti, ti boujwa tankou w setoblije kraze rak nan Otawa. Kote wap mennen yon egzitans nan konfo ak nivo pi relve ke fanmy Maniga kap benyen nan dlo poupou. O mwen yo gen merit pou brave sitiyasyon deprimant peyi dayiti mete yo o sèvis li. |
|
 | |
T-NEG Modérateur


 Nombre de messages: 3549 Localisation: Montreal Loisirs: Sport Date d'inscription: 29/12/2008
 | Sujet: Re: Richard Antoine Morse (RAM) chita pale ak Jafrikayiti Dim 14 Nov 2010 - 13:22 | |
| | Joel a écrit: | Men ala yon fanmi modèl ayisyen ki se fanmi DE PRASDINES sa a.
Fanmi sa a ,yon fanmi tankou mo MANNO CHALMAY lan ""pwovidans favorize"";pase tout jenerasyon lan sèvis peyi an.Depi LINSTANT DE PRASDINES ki te anbasadè lan LONDRES ak PARIS lan ane 1850s yo ;jis a RICHARD MORSE.
Granpapa MORSE se te CANDIO DE PRASDINES ,ki te antrene lan mizik klasik a PARIS e ki te vin anrichi repètwa mizik popilè an ,lan ane 20s ak 30 s yo.
Papa m te toujou ap pale m de chante sa a CANDIO te konpoze kont okipasyon ameriken an ,ki rele ANJELIK O,ALE KAY MANMAN W. Mwen pa konnen si yo jwe mizik sa a toujou lan radyo;se te yon chante voye pwent pou twoup okipasyon yo:
ANJELIK O ANJELIK O ALE KAY MANMAN W ANJELIK ANJELIK O ALE KAY MANMAN W TI FI KI PA KONN LAVE PASE ALE KAY MANMAN ALE KAY MANMAN CHÈ,ALE KAY MANMAN W CHÈ ALE KAY MANMAN W NANÒT,POU PA BAN MWEN DEZAGREMAN!
EMERANTE DE PRASDINES ,te kontinye lan vwa papa l ,ke RICHARD MORSE ap kontinye.
Se pa de fanmi tankou MANIGAT yo ,ki konprann se peyi an ki dwe yo e se pa yo ki dwe peyi an! |
http://www.folkways.si.edu/listen2.aspx?type=preview&trackid=21594 _________________ «En me renversant, on n'a abattu à Saint-Domingue que le tronc de l'arbre de la liberté, mais il repoussera car ses racines sont profondes et nombreuses» Toussaint Louverture.
|
|
 | |
jafrikayiti Star plus

 Nombre de messages: 1449 Localisation: Ottawa Date d'inscription: 21/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Bon neg guinen
 | Sujet: Re: Richard Antoine Morse (RAM) chita pale ak Jafrikayiti Dim 14 Nov 2010 - 13:49 | |
| Rico ekri: "Se pa de fanmi tankou MANIGAT yo ,ki konprann se peyi an ki dwe yo e se pa yo ki dwe peyi an! dixit Jaf"
Rico, ou dwe m eskiz piblik paske mwen pa janm ekri sa ou di mwen ekri pi wo a. Anvan ou kouri vòltije nan lestomak yon malere pou ou fè li esplikasyon, fòk omwens ou pran tan verifye akizasyon ou ap fè a. Se vre lerè se nan lestomak lòm sa chita. men....
Jaf
|
|
 | |
Doub-Sossis Super Star


 Nombre de messages: 1938 Localisation: Montreal Loisirs: cockfighting Date d'inscription: 24/12/2007
 | Sujet: Re: Richard Antoine Morse (RAM) chita pale ak Jafrikayiti Dim 14 Nov 2010 - 14:28 | |
| | Joel a écrit: | Se pa de fanmi tankou MANIGAT yo ,ki konprann se peyi an ki dwe yo e se pa yo ki dwe peyi an! |
Rico,
sé jowèl ki te di sa kom dabitid-li. Bal bèl vag podiab. Jafrik gen respè pou les Manigat, bien ke li chita nan yon lot kan.
|
|
 | |
Rico Super Star


 Nombre de messages: 6511 Localisation: inconnue Loisirs: néant Date d'inscription: 02/09/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: dindon de la farce
 | Sujet: Re: Richard Antoine Morse (RAM) chita pale ak Jafrikayiti Dim 14 Nov 2010 - 14:35 | |
| SE BYEN JAF ESKIZE M POU LERÈ, BAL NAN KAN ENKORIJIB JOEL KI TE DEKONNEN KONSA Souvan mwen di Jaf pa nan nivo sèten kwidam kap dekonnen, o p wen li fè silans souvan nan kèlke kou anba senti. |
|
 | |
jackoti01 Star

 Nombre de messages: 251 Localisation: USA Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le jacmelien
 | Sujet: Re: Richard Antoine Morse (RAM) chita pale ak Jafrikayiti Dim 14 Nov 2010 - 16:19 | |
| jowel, siman wap apiye sweet mickey. li soti nan fanmi sa tou. de prasdines kote wap kite alexis ki se desandan desaline?
|
|
 | |
Joel Super Star

 Nombre de messages: 8201 Localisation: USA Loisirs: Histoire Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le patriote
 | Sujet: Re: Richard Antoine Morse (RAM) chita pale ak Jafrikayiti Dim 14 Nov 2010 - 17:43 | |
| MESYE;
Mwen pa konnen de ki sa n ap pale la a non.Zafè de respè pou MANIGAT yo.
SISPANN FOUT RICO lè w ap pran defans MANIGAT yo sispann,sispann,sispann ;oumenm ak kavalye polka w yo.
Lè w fèmen dyòl ,pou w sispann rele ARISTIDE ak mesye LAVALAS ,vòlò,asasen ,piyajè;m a sispann bay opinyon m sou MANIGAT.
Fanmi MANIGAT a gen yon istwa.Si w al gade siyati mesye ki te lan mouvman 1843 yo ;w ap wè te gen yon MANIGAT ki te siyen l. Prezidan FRANÇOIS DENIS LEGITIME ekri yon biyografi ,se pa de monte misye monte sou do FRANÇOIS SAINT SURIN MANIGAT(granpapa Lesly) ke misye kalifye de magouyè .Misye gen dwa t ap di la verite ou pa. Nou konn istwa LESLY lan evènman 1987 yo ak lan apwi koudeta 1991 ak 2004 yo.
TONNÈ FOUT!FOUT TONNÈ!
LÈ W A SISPANN DI ARISTIDE SESI,SELABA;MWEN M A SISPANN DI KE MANIGAT SE DEMEPLÈ! |
|
 | |
Joel Super Star

 Nombre de messages: 8201 Localisation: USA Loisirs: Histoire Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le patriote
 | Sujet: Re: Richard Antoine Morse (RAM) chita pale ak Jafrikayiti Dim 14 Nov 2010 - 17:46 | |
| JACK;
Ki relasyon MARTELLY ak CANDIO? Mwen toujou renmen aprann.
RICHARD MORSE pa t apiye koudeta 1991 lan non. |
|
 | |
T-NEG Modérateur


 Nombre de messages: 3549 Localisation: Montreal Loisirs: Sport Date d'inscription: 29/12/2008
 | Sujet: Re: Richard Antoine Morse (RAM) chita pale ak Jafrikayiti Dim 14 Nov 2010 - 18:56 | |
| | Joel a écrit: | JACK;
Ki relasyon MARTELLY ak CANDIO? Mwen toujou renmen aprann.
RICHARD MORSE pa t apiye koudeta 1991 lan non. |
Se kouzen'l martelly te di nan intervyou Radio Canada se koz Aristide kouzen'l Richard Morse pa vle pale ave'l _________________ «En me renversant, on n'a abattu à Saint-Domingue que le tronc de l'arbre de la liberté, mais il repoussera car ses racines sont profondes et nombreuses» Toussaint Louverture.
|
|
 | |
jafrikayiti Star plus

 Nombre de messages: 1449 Localisation: Ottawa Date d'inscription: 21/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Bon neg guinen
 | Sujet: Re: Richard Antoine Morse (RAM) chita pale ak Jafrikayiti Dim 14 Nov 2010 - 21:21 | |
| Pati 3 "M konvenk Washington pou Préval" http://www.youtube.com/watch?v=ltzSh9c6ZzU
Kat mwa apre Goudougoudou Jafrikayiti chita pale ak Richard Morse (RAM) nan otèl Oloffson, Pòtoprens. Nan segman sa a, RAM esplike wòl li di li te jwe pèsonèlman nan chwazi kandida René G. Préval pou li vin prezidan nan ane 2006. Èske li satisfè? Èske li regrèt chwa li te fè a....?
Kisa li konsidere kòm pi gwo reyalizasyon prezidans Preval la?
|
|
 | |
Doub-Sossis Super Star


 Nombre de messages: 1938 Localisation: Montreal Loisirs: cockfighting Date d'inscription: 24/12/2007
 | Sujet: Re: Richard Antoine Morse (RAM) chita pale ak Jafrikayiti Dim 14 Nov 2010 - 22:49 | |
| Bon Jafrik wou pa wont wou posté yon Bagay konsa, poussé yon Richard Morse ki kom gwo éléktè ki chwazi Preval pond ba wASHIGNTON AK LOT AMBASSADE.
Kisak te Richard Morse la nan Peyi a; SELA mwen leve wi. Yon déjwé drogué ki lévé lot bo dlo ki vin échwé sou rives Haiti. lI PA MENM PLE YON BON KREOL.Paské manman l té sot nan yon fanmi LELIT, epil gen yon ti talan li ka jwé mizik.
Sé kalté ignorants sayo wi kap flank Haiti nan tchouboum, tou sendenden yo konpran yo ka fè politiku sommet jodia. kILOT DEJWE PAREY LI, APA PREVAL RICHA TE KA CHAWZI
Jwenn CV mussieu pou mwen pou mwen kon sa ki habilitél fouré djol li fond kons nn zfè peyi Dessalines nan apa ke grand grand papal te Monseigner DE sou Soulouque. |
|
 | |
jafrikayiti Star plus

 Nombre de messages: 1449 Localisation: Ottawa Date d'inscription: 21/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Bon neg guinen
 | Sujet: Re: Richard Antoine Morse (RAM) chita pale ak Jafrikayiti Dim 14 Nov 2010 - 23:19 | |
| M pa wont non Mesye Sosis!
Ala yon oumenm sa a! M wen po ko ap fè komatè sou sa RAM di yo. Mwen pito pataje opinyon misye ak tout moun epi apresa m ap patisipe tèt kale nan keseswa brase lide a. Annatandan, mwen senpman konfime pou son ekselans Misye Sosis "anveritedye m pa wont!" ;0)
Chalmas! |
|
 | |
Joel Super Star

 Nombre de messages: 8201 Localisation: USA Loisirs: Histoire Date d'inscription: 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le patriote
 | Sujet: Re: Richard Antoine Morse (RAM) chita pale ak Jafrikayiti Lun 15 Nov 2010 - 7:21 | |
| | T-NEG a écrit: | | Joel a écrit: | Men ala yon fanmi modèl ayisyen ki se fanmi DE PRASDINES sa a.
Fanmi sa a ,yon fanmi tankou mo MANNO CHALMAY lan ""pwovidans favorize"";pase tout jenerasyon lan sèvis peyi an.Depi LINSTANT DE PRASDINES ki te anbasadè lan LONDRES ak PARIS lan ane 1850s yo ;jis a RICHARD MORSE.
Granpapa MORSE se te CANDIO DE PRASDINES ,ki te antrene lan mizik klasik a PARIS e ki te vin anrichi repètwa mizik popilè an ,lan ane 20s ak 30 s yo.
Papa m te toujou ap pale m de chante sa a CANDIO te konpoze kont okipasyon ameriken an ,ki rele ANJELIK O,ALE KAY MANMAN W. Mwen pa konnen si yo jwe mizik sa a toujou lan radyo;se te yon chante voye pwent pou twoup okipasyon yo:
ANJELIK O ANJELIK O ALE KAY MANMAN W ANJELIK ANJELIK O ALE KAY MANMAN W TI FI KI PA KONN LAVE PASE ALE KAY MANMAN ALE KAY MANMAN CHÈ,ALE KAY MANMAN W CHÈ ALE KAY MANMAN W NANÒT,POU PA BAN MWEN DEZAGREMAN!
EMERANTE DE PRASDINES ,te kontinye lan vwa papa l ,ke RICHARD MORSE ap kontinye.
Se pa de fanmi tankou MANIGAT yo ,ki konprann se peyi an ki dwe yo e se pa yo ki dwe peyi an! |
http://www.folkways.si.edu/listen2.aspx?type=preview&trackid=21594 |
Gen anpil lòt chante ke nou te konn tande lè nou te timoun e ki vini klasik ,se CANDIO ki te ekri yo. Misye te ekri chante pro VINCENT e pi ta anti VINCENT.
LINSTANT DE PRASDINES te ekri yon terifik liv ;ou pito misye te kolekte tout dokiman ke gouvènman ayisyen an te pwodwi de 1804 a 1860. Lan liv sa a ,n a rann nou kont poukisa li te fasil konsa pou DOMINIKEN yo te fè sesesyon an fasil konsa. Lan prejije BOYER li te kite preske tout arondisman lan PATI LÈS lan ,sou kòmand ""milat "" dominiken yo. Li te plis vle boule ak yo ,ke nèg ""nwa"" lan NÒ yo pa egzanp.
Epitou LINSTANT DE PRASDINES te sèvi gouvènman yo depi sou BOYER. Te gen yon abitid ,mesye yo te genyen,sete ""milat"" yo te konn nonmen ""chaje dafè"" ak anbasadè peyi an ,lan peyi etranje.
Keseswa ,gouvènman di nwa yo ,ou byen gouvènman di milat to !
|
|
 | |
| | Richard Antoine Morse (RAM) chita pale ak Jafrikayiti | |
|