REVELASYON;
Se pa chache ,m ap chache ensilte bizawèl ou.Ou kapab konsidere misye tankou gran gran papa w ,ke w ta ka konsidere san fòt ;men misye se yon pèsonaj istorik ki te jwe yon gran wòl lan istwa peyi an ;misye avèk frè l EMILE.
Mesye sa yo ,NAU,ARDOUIN,MADIOU pa t prezidan men yo te ekzèse enfliyans menm jan ak prezidan.
Kòmanse sou BOYER,pase pa RIVIÈRE HERARD,RICHE;se sou SOULOUQUE yo te pran yon ""break"" paske li te refize popetwèl yo.
Lè SOULOUQUE tonbe ,yo te vin reprann sèvis ak GEFFRARD.
Mesye sa yo se te revè ""milat"" gran fanmi NÒ yo.
Yo te rele mesye sa yo nasyonalis?
Mwen pa wè kijan ;paske pou yomenm se te franse ""kolore"" nou te ye.
Lè fini ,gen moun ki ap di ke mesye sa yo se te pwodwi epòk yo;kijan fè ke de moun kontanporen yo ;moun tankou LOUIS JOSEPH JANVIER te gen yon atitid konplètman diferan de mesye sa yo?
LOUIS JOSEPH JANVIER se te an FRANS wi ,li te etidye.
Wi ,ou gen dwa fyè de ""bizawèl"" ou ;men misye se te yon pèsonaj istorik ,li pa apatni a fanmi NAU an sèlman