Depi kek mwa Etazini Damerik an repons a tentativ bandi ki pote bonb nan soulye ak nan kalson yo deside pase piblik lakay yo nan screeners si yo pa vle youn ajan TSA ap vinn fouye w korekteman kote yo ka manyen tout arebo tete, manyen tout kow menm anba grenn you byen arebo bouboune fanm. Imajinen youn papa ak manman ak 2 timoun kap voyaje pou youn ajan tonbe manyen tete madanm neg la ou byen woule grenn kek neg. Pa dim pa genyen massissi ak madivinn kap travay pou TSA ki ka tou pwofite ap pwan feeling yo. Pa dim pa genyen devegwonde ki ka pwan plezi yo kareman sou piblik la. Ki etid kifet sou metod sa yo? Eske nan woule grenn ak manyen bouboune fanm ameriken ap genyen plis sekirite? Eske se nan avyon selman teroris ka pote bonb plastik e non nan kote ki genyen anpil tankou stad ak sinema? Poukisa Israel ki devan plis menas teroris pase USA pa sevi ak menm metod sa yo?
Denye atak sibenetik anpil peyi kont USA demontre ke sistem odinate peyi sa feb vre. Sak anpeshe ameriken idantifye moun ki nan peyi ki se ameriken patante pou ba yo kat pou ale nan metal detector nomalman? Sak anpeshe yo komanse idantifye moun ki achte ticket yo byen bone, pwan list la nan main konapyi avyon yo e voye not bay moun sa yo ke yo ka pase nan emtal detector kom anvan. Men pou yo ta mete focus sou moun ki pa ameriken, ki pa idantifye, ki pa investige davans, touris ak etraanje kelkonk nan screeners ak pat downs. Jan de fouy sa yo imilyan e merite revize....