Pa fè sa non JAF (lol)
W ap fòse mesyedam yo repanse bagay yo te konprann ki "sakre"!
Mwen sonje lan ane 1970s yo,Dr JOSEF BEN YOKANON lan Nouyòk ,te konn monte lan radyo ak televizyon pou l kleronnen ke la BIB lan se "bouyon rechofe"sa ansyen ejipsyen yo te ekri ,milenè anvan ke te genyen "pwofèt" ou byen evanjelis.
Misye te konn envite ,rabin jwif,katolik ,pwotestan vin fè deba ak li.
Sa k te brav ase yo ,misye te itilize yo tankou tòchon pou l siye atè ak yo.
Mosye te konn di ke pa genyen preske anyen orijinal lan Bib lan ke ou pa jwenn lan "Book of the Dead" ou byen lan "The Negative Confessions"
Se lan "The Negative Confessions" ke ou jwenn sa Jwif yo te vin rele "Di Kòmandman" yo,swadizan "bon Dye" te revele bay MOYIZ!
Gen anpil lòt "lejann" se lan men "Persians" yo ke Jwif ak Kretyen yo te prete yo.
Zafè bon zanj ak move zanj ,sitou bagay "Satan" an ki te yon envansyon "Pers" yo.
An verite relijyon kretyen an se yon kilminasyon ,tout sa moun yo te kwè ,swa ann Azi (Endou yo) ,Pers yo e sitou EJIPSYEN yo!