Ayayyyyyyyyyyy Preval pa kreye plis pwoblem remet pouvwa 7 fevriye 2011, Pa fose yon pep souvren flanke yon prezidan nan prizon ou fose l bay te dAyiti blanch
Apre tout koken, fo eleksyon, pran yon brek, remet pouvwa jan konstitisyon rekonet ,pa yon jou an plis. 7 fevriye vle w pa vle wou pral setoblije rache manyok.
Alon pouvwa dous,sanble te manke tan pou gouvenman Preval-Bellerive komet zak brigandaj, efase tras tout move kakashat E byen se fini randevou pou rache manyok bay te blanch se7 fevriye.
Apre 7 fevriye lari pral blanch, mobilizasyon san pran souf nan 4 kwen peyi dAyiti. Anro pap monte anba pap desann, Trev la pral fini setwop.
Apre eleksyon fo mamit, kolera nan dengwann ti pep, pa gen pasyans ak koken ki vle kenbe pouvwa. Preval dwe rache manyok li. Lese pouvwa nan dat 7 fevriye.