Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti

FOROM AYITI : Tèt Ansanm Pou'n Chanje Ayiti.
 
AccueilAccueil  GalerieGalerie  PortailPortail  ÉvènementsÉvènements  PublicationsPublications  RechercherRechercher  S'enregistrerS'enregistrer  Connexion  
Le Deal du moment :
Où trouver My Hero Academia Tome 31 collector ...
Voir le deal
13.50 €

 

 Lyen TOUSEN LOUVETI ak ABOLISYONIS AMERIKEN yo

Aller en bas 
AuteurMessage
Joel
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages : 17349
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Lyen TOUSEN LOUVETI ak ABOLISYONIS AMERIKEN yo Empty
MessageSujet: Lyen TOUSEN LOUVETI ak ABOLISYONIS AMERIKEN yo   Lyen TOUSEN LOUVETI ak ABOLISYONIS AMERIKEN yo EmptyJeu 2 Oct 2014 - 9:32

Gen anpil bagay AYISYEN pa pale .Se ENFLIYANS ZANSÈT yo te genyen sou MOUVMAN LIBERASYON ESKLAV sou tout KONTINAN AMERIKEN an.
TOUSEN te gen bon rapò ak ALEXANDER HAMILTON ki te ede l ekri KONSTITISYON 1801 an dapre sa yo rapòte.
ALEXANDER HAMILTON se te advèsè FAROUCH THOMAS JEFFERSON.
Si misye te siviv ;li te mouri an 1804 lan yon DYÈL ;misye ta ka separe NÒ ETAZINI an de SID ESKLAVAJIS lan .
ALEXANDER HAMILTON ki te yon PWÒCH GEORGES WASHINGTON ;SE LIMENM KI TE KREYE SISTÈM BANKÈ AMERIKEN an;se te pèsonaj ki te pi ENFLIYAN lan NÒ AMERIKEN an.
Gen yon LÈT tou ki lan KOLEKSYON AMERIKEN ;ke nou ka jwenn lan THE LOUVERTURE PROJECT lan WIKIMEDIA;lèt sa a se yon LÈT ke DIREKTWA FRANSE an te voye bay TOUSEN LOUVÈTI pou di l MOBILIZE l pou l ANVAYI SID ETAZINI an e pwovoke yon ENZIREKSYON JENERAL ESKLAV AMERIKEN.
Se te anvan KOUDETA NAPOLEYON an ,an FRANS.Yo di ke TOUSEN t ap pran tan l paske li te sispèk ke FRANSE yo te vle afebli l.
Li ta ka reyisi OZETAZINI ,men li t ap afebli lan SENDOMENG .
Koudeta NAPOLEYON an te vin rann kesyon an ""MOOT"":

People’s pride / Fierté du peuple / Fyète pèp
Tousen Louvèti e lyen li avèk Nouvèl Angletè e ak mouvman Abolisyonis la selebre nan Boston
Espesyal Ekzibisyon Atistik nan Bibliyotèk Piblik nan Mattapan, Prezantasyon Liv Ra sou Revolisyon Ayisyen an nan Branch Prensipal Bibliyotèk Piblik Vil Boston

Bibliyotèk Piblik Vil Boston òganize resamman de ekzibisyon ak pwogram kiltirèl ki dokimante elevasyon ak fayit Tousen Louvèti, youn nan pi gran ewo Revolisyon Ayisyen an, e lyen li genyen avèk mouvman abolisyonis la nan disnevyèm syèk nan Nouvèl Angletè. Aktivite sa yo te rive sware 27 me ak 17 jen, 2014, e yo te òganize an kolaborasyon avèk Haitian-Americans United Inc., Asanble Atis Ayisyen Nan Masachisèt, Mus!kavanhu Arts Gallery, ak Près Trileng.
Seri aktivite sa yo te òganize nan kontèks 210èm anivèsè endepandans Ayiti. Ekzibisyon tablo yo se michan jarèt aktivite yo, li ouvri nan branch Mattapan Bibliyotèk Vil Boston an nan sware 20 me, ki se anivèsè nesans Tousen Louvèti. Yo te ekspoze tablo penti ak pòtre èvda sou Tousen konpoze pa anpil atis ayisyen renome nan Nouvèl Angletè ak Ayiti kouwè Fritz Ducheine, Valentin Iviquiel, Charlot Lucien, Nixon Léger ki sot nan Eta Rod-Alenn, Jean Claude Sainté, ak yon tijèn atis, Pascal Michel, ki vwayaje de Ayiti espesyalman pou okazyon an.
Nan resepsyon ki inogire aktivite yo ki te fèt nan sware 27 me a, te gen yon liye oratè distenge ki te pale, pami yo Konseye Minisipal Vil Boston Charles Yancey, ofisyè retrete lame ameriken Henri Milorin, etidyan doktora Inivèsite Boston Rachel Tolano, fondatè AAAM Charlot Lucien, ki te bay temwayaj ak kòmantè ki souliye kontribisyon Tousen Louvèti nan mouvman pou libète Ozetazini, yo mete aksan sou valè kontribisyon sa yo nan listwa mond lan. Powèt Patrick Sylvain, Jean-Dany Joachim ak Tontongi te li powèm sou oubyen osijè Tousen ak Revolisyon Ayisyen an.
Nan Branch Santral Bibliyotèk la nan Copley Square, ekzibisyon The Soul of a Man: Toussaint Louverture & the Haitian Slave Revolt / Nanm yon f2: Tousen Louvèti & Revòt esklav ayisyen yo, te louvri jounen 17 jen nan salon pou Liv Ra yo, avèk kòmantè espesyal pa Susan Glover, gadyèn Koleksyon Espesyal bibliyotèk la , ansam ak Palmantè Eta Masachisèt Byron Rushing, yon bon zanmi lontan Ayiti. Men sa bibliyotèk la di nan yon anons piblik : “Ekzibisyon nan Branch Santral Bibliyotèk la pale de istwa ekstrawòdinè Tousen Louvèti, yon lidè rezistans ame kont kolonizasyon ak lesklavaj ansanm ak wòl siyifikatif li jwe nan avni yon Ayiti libere.”
Nòt pou laprès la dekri mataryèl ki gen nan koleksyon yo: “Ekzibisyon nan Branch Santral Bibliyotèk la pwije nan michan koleksyon Bibliyotèk Piblik Vil Boston an ki gen plis ke 10.000 liv, maniskri ak lèt ki date de 1714 a 1916, pami yo gen yon kopi Kod Henry, ki te pibliye an 1812 e ki kodifye lwa sivil e lwa kriminèl ann Ayiti. Koleksyon an dokimante gouvènman kolonyal nan Sen Domeng, enzireksyon esklav yo, kòmansman Ayisyen k’ap gouvène tèt yo, ansanm ak devlopman Ayiti, premye repiblik nwa nan lemond.” Gadyèn Koleksyon Espesyal la, Susan Glover, di: “Bibliyotèk Piblik Vil Boston bay labyenveni ak tou chèchè, vizitè ak inivèsitè pou yo vin gade materyèl ki jwe yon wòl kritik nan liberasyon ak devlopman Ayiti.” Ekzibisyon an ap ret louvri jiska 30 septanm 2014.
Pami manm panèl prezantatè aktivite 17 jen an genyen Administratè Bibliyotèk Piblik Vil Boston an, Palmantè Eta Masachisèt Byron Rushing, Pwofesè Patricia Hills de Inivèsite Boston, fondatè e kowòdinatè AAAM ak HAU Charlot Lucien. Moderatè yo te Marie St-Fleur ak Doktè Nesly Metayer. Te gen tou reprezantan Konsèy Minisipal Vil Boston Charles Yancey, prezidan branch Boston NAACP Michael Curry, ak Palmantè Eta Masachisèt Linda Dorcena Forry, premye fanm ayisyèn senatè Eta nan Etazini.
Nan remak pou l louvri aktivite a, Senatè Dorcena Forry mete aksan sou bezwen pou Etazinyen yo, espesyalman nouvèl generasyon yo, vin konnen e konprann kòman istwa Ayiti ak Etazini makonnen ansanm, tandiske Konseye Minisipal Yancey limenm mete aksan sou nesesite pou yo memoryalize non Tousen Louvèti avèk yon senbòl memorab nan Boston. Prezidan branch lokal NAACP Michael Curry pale sou rasin ayisyèn Harvard entelektyèl e fondatè NAACP W.E.B. Dubois. Pandan diskisyon yo prezantatè panèl yo bay yon ti lougal sou koneksyon ki genyen ant Etazini ak Ayiti, pi espesyalman avèk abolisyonis Nouvèl Angletè yo kouwè Frederick Douglas, Charles Summer e John Brown, san bliye Lavant Lalwizyàn e enpak li genyen sou alafwa Etazini ak Ayiti, yon bagay ki valide lyen istorik ki genyen ant Revolisyon Ayisyen an ak mouvman abolisyonis la Ozetazini.
Daprè òganizatè yo, youn nan objektif seri aktivite sa yo, anpliske valè edikatif evidan yo genyen, se jwenn sipò pou yo ka vin tabli yon memoryalizasyon enpòtan sou Tousen Louvèti nan Nouvèl Angletè pa nonmen yon “Avni Tousen Louvèti” nan zòn Mattapan nan Boston, plis yon sal lekti nan branch prensipal Bibliyotèk Piblik Vil Boston an.
Kouwè youn nan prezantatè nan aktivite inogiral nan Mattapan lan di, Revolisyon Ayisyen an agrandi lide sa moun panse de libète ak dwa moun, li ale pi lwen kote kit Revolisyon Etazinyen an, kit Revolisyon Fransèz la pat vle ale. Se yon bèl bagay Revolisyon Ayisyen an selebre jodia nan youn nan pi gran barak entelektyèl nan Etazini.
Memwa pèp yo enpòtan pou reprezantasyon pwòp tèt yo ak idantite yo. Istwa Tousen Louvèti gen yon karaktè eksepsyonèl nan lefètke li alafwa transande e pote temwayaj kont eksperyans enjistis, e fè rezistans èt imen kont malfezans yon reyisit imen ekzanplè e inivèsèl.
—editè revi Tanbou yo avèk kontribisyon repòtaj pa Charlot Lucien

Pou n aprann plis, vizite sit bibliyotèk la sou www.bpl.org/exhibitions.
Faites un signet de cette page! Envoyer cette page à un ami
Imprimer cet article

Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Spring 2014
Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com Bookmark and Share Facebook: Tanbou • Trilingual Press
Dans ce numéro: Editorial / Éditorial/ Editoryal  | Israel’s massacres of Palestinians, the Gaza blockade and occupation  | Five myths about the Boston Marathon bombing  | The Funeral of Amiri Baraka  | Gabriel García Márquez—A rebel against form, an artist against the forces of oblivion  | Memorialization of Haitian abolitionist Toussaint Louverture in New England  | People’s pride / Fierté du peuple / Fyète pèp  | Voice of a Brother: One4theBrovahs, a book of Cheo Jeffery Allen Solder  | Marasme économique, transmission des savoirs et langues  | Nelson Mandela: «La lutte est ma vie»  | Contribution de Dessalines à la genèse des droits de la personne humaine  | Implications malheureuses de l’élection de Dany Laferrière à l’Académie Française  | Nelson Mandela: «La lutte est ma vie»  | Hommage à Anthony Phelps  | La Colline des Adieux de Anne-Marie Bourand Wolff  | L’instrumentalisation de la pensée révolutionnaire  | Ayiti demen  | Peyi dayiti pa yon defi  | Haïti, je t’aime! Ayiti, mwen renmen ou!  | An n al Lazil de Fred E


www.tanbou.com/2014/PeoplesPride.htm#Kreyol
Revenir en haut Aller en bas
 
Lyen TOUSEN LOUVETI ak ABOLISYONIS AMERIKEN yo
Revenir en haut 
Page 1 sur 1

Permission de ce forum:Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti :: Haiti :: Espace Haïti-
Sauter vers: