Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti

FOROM AYITI : Tèt Ansanm Pou'n Chanje Ayiti.
 
AccueilAccueil  GalerieGalerie  PortailPortail  ÉvènementsÉvènements  PublicationsPublications  RechercherRechercher  S'enregistrerS'enregistrer  Connexion  
-40%
Le deal à ne pas rater :
-30% sur les Baskets Nike Court Royale
33 € 55 €
Voir le deal

 

 MICHEL DEGRAFF PRAN PRI MARTIN LUTHER KING POU TRAVAY LI SOU KREYOL

Aller en bas 
2 participants
AuteurMessage
Joel
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages : 17143
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

MICHEL DEGRAFF PRAN PRI MARTIN LUTHER KING POU TRAVAY LI SOU KREYOL Empty
MessageSujet: MICHEL DEGRAFF PRAN PRI MARTIN LUTHER KING POU TRAVAY LI SOU KREYOL   MICHEL DEGRAFF PRAN PRI MARTIN LUTHER KING POU TRAVAY LI SOU KREYOL EmptyJeu 5 Mar 2015 - 6:34

Ann AYITIsi yon MOUN pran yon PRI ke FRANSE DELIVRE;se yon gran ZAFE menm si PRI an se pou MOUN ki ka siye BOUNDA yo pi byen.
Wi pri lan yon peyi ki ap gen de mwenzanmwen ENPOTANS sou PLANET lan.

VWALATILPA ke FAKILTE MIT an fe t sot bay MICHEL DEGRAFF yon PRI pou LIDECHIP pou travay l ap fe pou EDIKASYON an KREYOL ann AYITI.
PRI sa a se pou MOUN ki ap travay pou AVANSMAN DESANDAN LAFRIK yo lan AMERIK.
Yo konn bay BLAN li tou.

AYIBOBO POU MICHEL DEGRAFF KI AP MONTRE L SE YOUN LAN PITIT AYITI YO KI PI ENPOTAN SOU PLANET LAN!



Reyaksyon m apre mwen te resevwa pri “Lidèchip Martin Luther King Jr.” nan MIT nan dat 4 fevriye 2015




Le Nouvelliste | Publié le : 04 mars 2015

Michel Degraff


 Michel DeGraff

Mwen se yon Ayisyen natif-natal. Ann Ayiti, lè nou antre nan yon kay, nou di “Onè!” Sa vle di ke nou onore moun ki nan kay la. Epi moun ki nan kay la reponn "Respè!" Sa se yon mak respè.  An nou eseye: "Onè! ... Respè! ..."

Kounye a, mwen ta renmen remèsye tout òganizatè ki prepare manje koupe dwèt sa a pou nou.  Ochan pou MIT ki gen lontan l ap òganize jounen sa a pou selebre Martin Luther King Jr. (MLK) anvan menm te gen yon konje nasyonal pou selebre memwa MLK.  Nou menm nan MIT nou selebre tradisyon MLK sa a ak bèl pawòl ki mare ak bon jan aksyon pou atake gwo defi sou latè beni.  Mwen ta renmen remèsye kòlèg ki te pwopoze non m pou plak sa a e ki te ekri lèt rekòmandasyon pou mwen san mwen pa te menm konnen sa.  M ap remèsye depatman mwen nan MIT—Depatman Lengwistik ak Filozofi—ansanm ak Fakilte Imanite epi Syans Sosyal. Epi pi gwo remèsiman an se pou Ekip MIT-Ayiti a. Nou se yon fanmi ki laj anpil e ki gaye tou patou nan MIT epi ann Ayiti.  Nan MIT, nou nan MIT Sloan, Lengwistik, Fakilte Syans, Fakilte Jeni, Biwo k ap Devlope Resous Nimerik pou Aprantisaj, Laboratwa pou Ansèyman ak Aprantisaj, elatriye.  Inisyativ MIT-Ayiti a ap devlope, evalye, epi gaye bonjan resous ak metòd pou ansèyman ann Ayiti.  Ann Ayiti, n ap kolabore ak plizyè edikatè nan inivèsite yo ansanm ak lidè nan Ministè Edikasyon Nasyonal. Epi, vre piyonye yo se anseyan k ap sèvi ak nouvo resous an kreyòl sa yo pou yo pratike apransitaj aktif nan sal klas ann Ayiti.  Sa se yon bagay ki pa te janm fèt anvan.

Mwen pral ban nou yon ti apèsi istorik sou jefò sa yo k ap suiv enspirasyon Martin Luther King Jr. ke n ap selebre jodi a. Men, anvan sa, mwen ta renmen ensiste pou m di ke se gras a ekip MIT-Ayiti a ke mwen rive jwenn plak sa a. Sa vle di plak sa a se pa pou mwen sèlman li ye, se pou tout ekip la.  Se yon rekonpans pou travay ann ekip nou an, travay ann ekip pami yon gwoup kòlèg ki MIT epi ann Ayiti, yon ekip ki kwè ke ansanm nou ka kreye gwo chanjman sou latè pandan n ap atake yon kokennchen defi mondyal.

"Yon grenn rèv ka kreye gwo chanjman sou latè beni."  Sa se eslogan fim “Selma” sou Martin Luther King Jr.   Eslogan sa a frape m anpil depi mwen te wè fim nan semenn pase a.

Nan konmansman fim nan, gen yon sèn ki soti nan ane 60 yo anvan te gen lwa pou wete baryè devan moun nwa ki te vle vote.  Nan sèn sa a, se Oprah Winfrey ki jwe wòl Madam Annie Lee Cooper. Pandan plizyè ane, Madam Cooper, kwak tout jefò li te fè, pa te rive jwenn yon kat elektoral pou li ka vote nan vil Selma. Nan 5yèm tantativ li, yo rejte aplikasyon li a ankò.  Pou ki sa?  Paske yo mete yon lòt baryè devan l pou anpeche li vote: fonksyonè biwo vòt la, ki se yon blan, mande Madam Cooper pou li resite non tout 67 jij ki nan tribinal nan Alabama! Madanm nan pa te kapab. Ki moun ki ta kapab?

Ann Ayiti, baryè sa yo k ap bloke sitwayènte pi fò Ayisyen pi brital toujou.  Baryè sa yo bati sou jan lang ak edikasyon sèvi nan tout istwa peyi a, depi peryòd lakoloni lè bon kou richès ann Ewòp te depann de travay Afriken ki te ann esklavaj yo. Lè sa a, Ewopeyen yo te trete zansèt Afriken nou yo tankou bèt e non pa tankou kretyen vivan ki te bezwen edikasyon.

Ann Ayiti jodi a, majorite Ayisyen pa ka jwenn bonjan edikasyon e yo pa gen mwayen pou yo soti nan lamizè—yo pa ka kreye richès pou tèt yo ak pou fanmi yo. Vreman vre, pi fò lwa nan peyi a, pi fò jounal, pi fò liv, pi fò egzamen ofisyèl, tout sa yo ekri nan yon sèl lang (franse). E poutan, pi fò Ayisyen pa pale franse.  Se yon sèl lang ki makonnen tout Ayisyen ann Ayiti. Lang sa a se kreyòl.  Se nan lang kreyòl la ke nou jwen bèl salitasyon sa a:  "Onè!  ... Respè! ... "

Baryè lengwistik sa a tèlman ankre fon nan sosyete nou an ke nou ka di ke preferans pou franse ann Ayiti se yon frankofoli nasyonal.  Se sa Jean Price Mars te rele yon “bovarism kolektif” ki vle di preferans sa a se tankou yon foli je ble nan lespri moun nwa.  Se kon sa nou te wè foli je ble sa a te frape yon ti negrès ki rele Pecola nan yon istwa ke Toni Morrison te ekri (tit liv la se “The Bluest Eye” ann angle). Nan istwa sa a, Pecola te fin fou nèt tèlman li te vle gen je ble.  Malerezman, gen twòp Ayisyen k ap suiv egzanp Pecola a nan istwa Toni Morrison lan olye pou yo ta suiv egzanp Annie Lee Cooper nan Selma: gen twòp Ayisyen ki, depi yo fèt, yo fou pou franse e yo te aprann aksepte ke si yo pa rive pale franse, sa se pwòp fòt pa yo.  Ki fè, anpil nan Ayisyen sa yo ki pa pale franse, yo kwè ke yo merite pou yo “pa moun” e pou yo rete anba nèt nan nivo sosyo-ekonomik ki pi mal la nan yon sosyete ki soufri youn nan pi gwo nivo enjistis sosyal sou planèt la. Pawòl "Nou pa moun" nan, se yon plent ke nou tande souvan nan bouch moun ki pale kreyòl sèlman.  Erezman, gen anpil Ayisyen ki gen ase konprann ak diyite pou yo kwè nan pwovèb ki di “Pale franse pa vle di lespri.”  Yon lòt fraz kreyòl ki popilè pami Ayisyen vanyan sa yo, se: “Sispann pale franse” ki vle di “Sispann blofe”!

Mwen se lengwis e mwen se pwofesè.  Mwen konnen gen yon grenn kondisyon ki endispansab pou yon timoun aprann yon lang, NENPÒT ki lang.  Fòk timoun lan jwenn done ki pèmèt li aprann lang lan.  E sa bon nèt lè timoun lan rive BENYEN nan lang lan depi li ti katkat. Ann Ayiti, majorite Ayisyen, depi yo fèt, se nan yon sèl lang y ap benyen.  Lang sa a se kreyòl. Kreyòl se lang nasyonal Ayiti: se sèl lang ki simante tout Ayisyen.  Li se yon lang ofisyèl tou, menm jan ak franse.  Lang kreyòl la se yon richès pou peyi a paske lang sa a makonnen Ayisyen ki nan tout klas sosyal.  Reyalite sa a se yon bèl avantaj lengwistik pou youn konprann lòt e pou nou pataje konesans. Kanta franse, se sèlman moun anwo yo sèlman—3 a 5% o maksimòm—ki pale franse sou yon baz ki regilye. Selon reyalite sa a—ansanm ak sa lasyans montre nou sou wòl lang matènèl nan edikasyon—lang kreyòl la tou pare pou li sèvi kòm yon bèl zouti pou ede nou bati yon nasyon, pou ede nou travay ansanm pou nou rive devlope ekonomi peyi a. Men, malgre sa, gen yon pakèt vye prejije ki vle fè nou kwè ke moun sa yo ki pale kreyòl sèlman pa gen lespri.  Menm vye prejije sa yo vle fè nou kwè ke kreyòl se yon lang ki enferyè, yon lang ki PA ka sèvi pou lasyans, matematik, lalwa, jounal, eks.  Diskriminasyon lengwistik sa  a anrasinen nan nannan sosyete ayisyen an e sa kòmanse depi anvan 1804, ata nan peryòd lè zansèt nou yo t ap libere tèt yo soti nan esklavaj, soti anba chenn kolon franse yo.  Jodi a, lespri anpil konpatriyòt nou yo toujou nan chenn akoz vye prejije sou lang ki plante byen fon nan tèt yo (http://bit.ly/1Al4TSI).

Nan sans sa a, nou menm Ayisyen gen anpil wout devan nou anvan nou ka reyalize rèv Martin Luther King Jr. a. Men, Inisyativ MIT-Ayiti a DEJA kòmanse ap defonse baryè sa yo ki chita sou lang ak edikasyon.

Gouvènman ayisyen an ap kolabore ak MIT nan yon lit istorik pou jistis sosyal (https://youtu.be/tWGw1gsGXg4).  Epi tou, depi desanm 2014, nou gen yon Akademi Kreyòl Ayisyen.  Misyon Akademi sa a se ankouraje itilizasyon lang lan nan tout sektè sosyete a (http://bit.ly/1zoy6vH).  Nou rive nan yon pwen kote nou ka di pa gen anpil tan ki rete pou nou rive kreye yon sistèm edikasyon san baryè—yon sistèm edikasyon ki sèvi ak sèl lang ke tout Ayisyen pale.

Se an 2010 ke Doktè Vijay Kumar (nan Biwo MIT k ap Devlope Resous Nimerik pou Aprantisaj) ansanm avè m te lanse Inisyativ MIT-Ayiti a (http://haiti.mit.edu).  Apre sa, nou rive jwenn finansman nan men plizyè enstitisyon: Fondasyon pou Konesans ak Libète (“FOKAL”), Fondasyon Wade, Fondasyon “Open Society”, epi Fondasyon Nasyonal pou Lasyans nan peyi Etazini (http://1.usa.gov/1vvu75s).  Inisyativ la ap kolabore ak pwofesè epi administratè nan inivèsite ann Ayiti ansanm ak lidè nan Ministè Edikasyon Nasyonal (http://bit.ly/1yQL5ac).  Inisyativ nou an ap louvri baryè ki te kanpe kin pou bloke edikasyon.  N ap kreye kondisyon pou bonjan ansèyman kote bèl zouti nimerik an kreyòl ap gaye nèt nan lekòl ann Ayiti (http://bit.ly/1C7yfed).  Se premye fwa n ap devlope zouti sa yo an kreyòl, epi n ap tou pwofite evalye yo nan aprantisaj aktif pou Syans, Teknoloji, Jeni ak Matematik (sa yo rele “STEM” ann angle).  N ap devlope zouti pou ansèyman fizik (http://bit.ly/16xCmSN), jenetik ak biyochimi (http://bit.ly/1zmKH6Z) epi ekwasyon diferansyèl, estatistik ak pwobablite (bit.ly/1Kx5vKU).  Rive jounen jodi a, nou deja travay ak plis pase 200 pwofesè epi lidè nan inivèsite, lekòl segondè, epi gouvènman ayisyen an. Nou deja demontre ke timoun k ap aprann li ak ekri an kreyòl aprann 3 fwa pi byen pase timoun k ap aprann an franse.  Rezilta sa a pa etonan lè nou konnen sa lasyans sou edikasyon ak lengwistik di sou wòl kle ke lang matènèl jwe nan edikasyon yon timoun (http://bit.ly/1reddWz).  An 2014, nou te resevwa yon demann nan men gouvènman ayisyen an pou Inisyativ MIT-Ayiti a ansanm ak MIT Sloan òganize yon atelye sou lidèchip ak travay ann ekip pou Premye Minis Laurent Lamothe ak tout manm kabinè li yo—yon senkantèn otorite wo nivo (http://bit.ly/1vGWYPs).

Apre tout aktivite sa yo, nou gen bonjan evidans ki montre yon verite ke nou dwe pale jouk sa klè pou tout moun: Kreyòl se yon lang ki gen tout sa li bezwen pou fè timoun yo vin djanm nan lekti, ekriti, matematik, fizik, chimi, biyoloji, literati, syans sosyal, elatriye.  Epi tou, selon sa lasyans montre nou, aprann an kreyòl ta dwe amelyore kapasite pou timoun yo aprann lòt lang tankou franse, angle ak espanyòl—ak nenpòt ki lòt lang, kit se lang yo rele “lang lokal”, kit se lang yo rele “lang entènasyonal”.  Lang entènasyonal sa yo, ansanm ak kreyòl, ap itil pou timoun yo ka jwenn bonjan konesans pandan y ap kreye konesans pa yo tou—ni nan kominote yo, ni lòt kote sou latè beni.  Konesans sa yo pral ba yo ouvèti sou rès planèt la, pandan y ap kenbe respè ak diyite pou tèt yo.  "Onè ... Respè ..."

Travay la fèk kòmanse.  Men, mwen panse ke nou menm nan MIT deja montre ki sa nou ka fè pou nou ede kominite ki pale lang sa yo ke nou rele “lang lokal” jwenn bonjan edikasyon pou yo rive jwen opòtinite sosyo-ekonomik.  Defi sa a, se pami youn nan pi gran defi k ap afekte planèt la.  Nou montre ke espètiz, resous ak travay ann ekip nan MIT, an kolaborasyon avèk edikatè epi lidè ann Ayiti, ka fè rèv Martin Luther King Jr. la tounen yon reyalite ann Ayiti tou (bitly.com/1oXJqhw).  Mwen kwè ke travay sa a ka sèvi kòm egzanp pou enspire lòt kominote kote lang ak edikasyon sèvi kòm baryè ki bloke jistis sosyal (http://bit.ly/1EiXiYZ).

Wi, travay la fèk kòmanse. Nou pral bezwen pi plis sipò ak yon ekip ki pi laj pou nou kraze tout baryè sa yo,  epi pou nou fè rèv MLK a tounen yon reyalite. Erezman, MIT se MIT.  Mwen kwè nou ka leve defi sa a.  Ak yon bon ekip, bon finansman epi bon jan volonte politik, n ap ka fè yon lòt revolisyon ann Ayiti pou montre ke tout moun, kèlkeswa kote yo ye, kèlkeswa ki lang yo pale, ka jwenn plas yo nan sosyete a kòm sa dwa, gras a edikasyon.

Wi ... "Yon grenn rèv ka kreye gwo chanjman sou latè beni."

Klike la pou ou ka li atik sa a ann angle.
















AUTEUR  





Michel DeGraff se pwofesè nan Depatman Lengwistik & Filozofi nan MIT e se youn nan manm fondatè Akademi Kreyòl Ayisyen ki fèk kreye ann Ayiti.  


Revenir en haut Aller en bas
Le gros roseau
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

MICHEL DEGRAFF PRAN PRI MARTIN LUTHER KING POU TRAVAY LI SOU KREYOL Empty
MessageSujet: Re: MICHEL DEGRAFF PRAN PRI MARTIN LUTHER KING POU TRAVAY LI SOU KREYOL   MICHEL DEGRAFF PRAN PRI MARTIN LUTHER KING POU TRAVAY LI SOU KREYOL EmptyJeu 5 Mar 2015 - 8:33

Joel

Mèsi anpil pou bon jan serum saa mwen jwen maten yan. pemet mwen vole teks profesè Desagraff pou m mete l son yon lot forum. se bagay sa yo nou beswen .

map tou pwofite tou pou m montre ki jan ayisyen kap konbat kreyol la konn sèvi kalang franseuu pou bafwe .twonpe pep la.se swa an 196o u byen an 1961 mwen pa sonje ane ya byen te gen yon elektyon lejislatif an ayiti. Francois Duvalier te gen preske 4 lane o pouvwa. na bilten pou tout ayisyen tal vote li fè ekri yon fraza an franseuu. ki di: En votant vous accordez à Son Excellence le Docteur Francois Duvalier un second mandat."

Lè mwen li fraz saa mwen mande sa non Fracoois Duvlaier fè nan bilten vot la si se pa yon elektyon pou eli Depite kap fet nan peyi ya. makout ki te nan biro vot Anse d'hainault fè m yon siy pou m fèmen bouch mwen. mwen kite boro vot la san m pa vote.men konbyen ayisyen ki te konprann sa ki te ekri nan bilten yo.? pa menm 5%. se konsa Duvlaier te di se pep la ki ba l yon lot manda. Alor moun kap konbat kreyol la gen yon rezon pou sa.
Revenir en haut Aller en bas
Joel
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages : 17143
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

MICHEL DEGRAFF PRAN PRI MARTIN LUTHER KING POU TRAVAY LI SOU KREYOL Empty
MessageSujet: Re: MICHEL DEGRAFF PRAN PRI MARTIN LUTHER KING POU TRAVAY LI SOU KREYOL   MICHEL DEGRAFF PRAN PRI MARTIN LUTHER KING POU TRAVAY LI SOU KREYOL EmptyJeu 5 Mar 2015 - 10:11

Rozo;

DEGRAFF remakab pou yon NEG ki rive lan PRESTIJ sa a pou li gen IMILITE sa a.

Mwen sonje ,se petet 15 ZAN de sa ;misye te konn diskite ak NOU sou WINDOWS ON HAITI e ou pa janm we l di li pi konnen pase ENTEL ou lot bagay konsa.
Le w di yon bagay ,li pa t dako ak li ;li jis KORIJE w e li fe w konprann sa w ap di an pa sa l dwe ye.

Mesye wo;le w w ap konpare l ak NEG tankou DOKTE RADOTE an se tankou yo lan yon MONN PARALEL.
ROZO;
NEG lan telman konnen ke si yo ta kite misye pale sou RADYO yo ann AYITI ;yo t ap resi mete PYE lan BOUNDA NEG ki ap konbat KREYOL yo ann AYITI ;ouvetman ou de FAKTO:

Antouka ATIK sa a se sou NOUVELLISTE mwen te pran l;men ADRES lan:

http://lenouvelliste.com/lenouvelliste/article/142045/Reyaksyon-m-apre-mwen-te-resevwa-pri-Ldechip-Martin-Luther-King-Jr-nan-MIT-nan-dat-4-fevriye-2015
Revenir en haut Aller en bas
Contenu sponsorisé




MICHEL DEGRAFF PRAN PRI MARTIN LUTHER KING POU TRAVAY LI SOU KREYOL Empty
MessageSujet: Re: MICHEL DEGRAFF PRAN PRI MARTIN LUTHER KING POU TRAVAY LI SOU KREYOL   MICHEL DEGRAFF PRAN PRI MARTIN LUTHER KING POU TRAVAY LI SOU KREYOL Empty

Revenir en haut Aller en bas
 
MICHEL DEGRAFF PRAN PRI MARTIN LUTHER KING POU TRAVAY LI SOU KREYOL
Revenir en haut 
Page 1 sur 1

Permission de ce forum:Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti :: Blogue :: Esprit Critique-
Sauter vers: