Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti

FOROM AYITI : Tèt Ansanm Pou'n Chanje Ayiti.
 
AccueilAccueil  GalerieGalerie  PortailPortail  ÉvènementsÉvènements  PublicationsPublications  RechercherRechercher  S'enregistrerS'enregistrer  Connexion  
-53%
Le deal à ne pas rater :
Logitech G635 Casque Gamer RVB Filaire
69.99 € 148.99 €
Voir le deal

 

 ABA EDIKASYON KOLONYAL-ROZO se pou WOU

Aller en bas 
AuteurMessage
Joel
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages : 17333
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

ABA EDIKASYON KOLONYAL-ROZO se pou WOU Empty
MessageSujet: ABA EDIKASYON KOLONYAL-ROZO se pou WOU   ABA EDIKASYON KOLONYAL-ROZO se pou WOU EmptyLun 1 Juin 2015 - 8:49

Wi ROZO ou ize EKSPRESYON "EDIKASYON KOLONYAL" lan souvan.

Mwen sonje w apre mwen li ATIK JACQUES PIERRE lan.
Misye sou yon pi gwo PLAN ;ou ka we ke misye ekri PREZIDAN FRANSE yo pou yo sispann pale de LANG FRANSE an ,ann AYITI.

Prezidan FRANSE yo te blije reponn misye paske misye genyen youn lan pi gwo INIVESITE sou PLANET lan ,ki se DUKE UNIVERSITY ,deye l.

JACQUES PIERRE se youn lan Responsab HAITI-LAB yo.
Men sa JACQUES PIERRE di:
http://www.potomitan.info/ayiti/lafrans.php



Lafrans ak Ayiti:
Pwoblèm memwa marande ak edikasyon kolonyal

Jacques Pierre



De dènye prezidan franse yo, Jacques Chirac ak Nicolas Sarkozy, epi prezidan franse ki sou pouvwa konnya, François Hollande, ta sanble swa soufri yon pwoblèm memwa, swa pa gen bonjan enfòmasyon sou reyalite lengwistik Ayiti, ansanm ak lyen istorik ki mare peyi sa a ak Lafrans.

Nan dat 31 oktòb 2014, prezidan franse a, M. Hollande deklare Franse se lang ki fè idantite pèp ayisyen an. Yon deklarasyon kon sa pa kadre ak reyalite lengwistik Ayiti ditou. Se nan anpil jimnastik pou yon ankèt serye ta rive jwenn 10% ayisyen ki ka byen esprime lide yo an franse nan diferan sitiyasyon kominikasyon (fòmèl ak enfòmèl).

Pou kontinye, prezidan Hollande deklare ke lang franse a dwe itilize kòm lang anseyman nan lise k ap konstwi yo. E se Franse ki pou anseye nan lise yo depi li posib, epi moun ki frankofòn yo ap vini apre. Yon lòt fwa, deklarasyon sa a montre prezidan franse a pa enfòme sou reyalite Ayiti ditou. Ann Ayiti gen sèlman yon grenn lise franse ki rele “Lycée Alexandre Dumas” ki louvri pòt li depi nan lane 1978. Apre sa, tout lise ki gen ann Ayiti se lekòl piblik ki resevwa lajan nan men leta ayisyen pou yo fonksyonnen. Nan sans sa a, prezidan franse a pa gen dwa pou li di leta ayisyen ki lang pou li sèvi ak li kòm lang ansèyman nan lise yo.  

Antan m kritike atitid prezidan franse a ki sanble tèt koupe ak yon enjerans nan zafè edikasyon peyi d Ayiti, fòk mwen rekonnèt pi fò Ayisyen ki resevwa yon edikasyon kolonyal pa gen yon lide ki depaman ak sa prezidan franse a di a. Pi devan, m ap gen pou m fè yon ti pale sou kote pwoblèm sa a soti.

Antouka, deklarasyon prezidan Hollande lan ki gen pou wè ak idantite pèp ayisyen an pwouve li wè Ayiti toujou nan yon loup kolonyal. Kidonk, se sèlman ti minorite Ayisyen ki te aprann an franse pou vin repwodui chema kolonyal la ki gen idantite. E se yo sèlman ki konte nan peyi a. Epi rès ayisyen yo ki pale kreyòl sèlman pa gen idantite. Se klè diskriminasyon lengwistik sa a ki egziste nan peyi a depi djab te kaporal se pwolonjman estrikti kolonyal la.  Ki fè, majorite moun ki pa te gen opòtinite pou ale lekòl parèt tankou bèt sovaj nan je pi fò sila yo ki te jwenn yon edikasyon kolonyal (yon edikasyon ki vin fè pi fò nan nou konpòte nou tankou yon Simbi an de zo, yon kò ki pa fin gen nanm, yon kolon, bouwo ak pwòp frè ak sè nou yo, men dou kou mouton douvan desandan ansyen kolon ak okipan yo, epi pi fò nan nou pa fouti fè yonn lòt konfyans antan nou toujou pare pou mete po fig anba kanmarad nou).

Nan me 2011, prezidan Sarkozy fè yon gwo diskou nan okazyon Jounen Nasyonal pou komemore Abolisyon Lesklavaj la. Nan diskou sa a, li denonse ki jan lesklavaj se yon gwo peche.  Prezidan Sarkozy site de twa dat nan diskou li a ki gen pou wè ak istwa tris peryòd sa a. Nan tout dat prezidan an site yo, se dat lendepandans peyi d Ayiti sèlman ki pa kòrèk. Prezidan Sarkozy deklare Ayiti te endepandan 1ye jiyè 1804.  Li enpòtan pou nou poze tèt nou kesyon sa a; ki jan fè moun k ap ekri diskou pou prezidan franse a pa konn dat lendepandans peyi d Ayiti? Epitou, ki jan fè prezidan an li-menm pa wè erè sa a?  
Yon senmenn apre, m te ekri prezidans franse a pou m siyale yo erè a. Nan yon lèt (referans:SCP/CdO/E041542) ki date 1ye jen 2011, e ki pote siyati M. Guillaume Lambert, prezidans franse a fè m konnen yo konprann remak mwen an. Men, pandan tout rès manda prezidan Sarkozy a, diskou a pral rete sou sit prezidans franse a ak dat 1ye jiyè 1804 la.

Dènye kou ki touye koukou a, nan mwa mas 2000, ansyen prezidan franse, Chirac deklare ke Ayiti pa te janm vreman yon koloni franse. Nou-menm Ayisyen, nou t ap kontan anpil si peyi nou pa te janm yon koloni. Men, nou pa ka pase listwa anba pye, ale wè pou nou ta chanje sikonstans yo tankou prezidan Chirac te vle fè a. Anpil istoryen ayisyen kou etranje bay bonjan prèv ki montre Sendomeng, ki jodi a rele Ayiti, se te yon koloni franse. Tout egzanp sa yo demontre 3 prezidan franse sa yo gen swa yon memwa paswa, swa yon volonte pou efase Ayiti nan imajinè yo.  

Ann fè yon ti tounen sou koze idantite a, nou-menm ayisyen nou pa ta dwe janm bouke fè tout pèp sou latè beni konnen ke se Kreyòl ki idantite nou tout bon vre. Li lè pou edikatè ayisyen yo mete tèt yo ansanm pou travay sou yon kourikouloum ki chita sou kilti ak lang rasin nou pou remanbre sosyete a ki fin demanbre. Si se pa sa, n ap toujou gen yon sistèm lekòl k ap fè pi fò Ayisyen tounen fotokopi franse.  Kon sa, n ap toujou pare pou nou defann franse ak valè Lafrans antan n ap pase tout sa ki reprezante Ayiti dèyè do.

Nan dat 6 mas 2014, sou chenn televizyon franse TV5, yon jounalis franse ki rele Xavier Lambrechts te mande prezidan ayisyen an, M. Michel Joseph Martelly: ki sa ki esplike Ayiti pa pale angle lè w konsidere jan li pre Miyami? M te panse prezidan an t apral fè yon ti rale sou istwa Ayiti ak Lafrans pou l montre jounalis la ki wòl kolonizasyon te jwe nan toufe lang lokal yo pou favorize lang kolon yo.

Malerezman, prezidan an reponn kon sa “Sa ki kapab etone w, ann Ayiti nou pale franse”. Jounalis la di prezidan an ke ann Ayiti yo pale kreyòl ak franse. Prezidan an bay jounalis la yon ri jòn, epi li admèt ke yo pale kreyòl ann Ayiti. Nan entèvyou sa a, prezidan an di franse se lang ofisyèl peyi a pandan plizyè fwa. Men, li pa janm site kreyòl kòm lang ofisyèl tou. Epi, prezidan an deklare ke lang franse a ap pèdi teren ann Ayiti akoz Lafrans pa prezan ase nan peyi Ayiti.

Egzanp sa a demontre nou ki jan yon edikasyon kolonyal kapab koukouman lespri pi fò moun ki ale lekòl, kit yo inivèsite, kit yo pa inivèsite, nan fè yo repete pawòl san nanm.  Nan yon atik ki rele “LANG NOU AK NOU” ki te pibliye nan mwa fevriye 2002 nan Jounal Bon Nouvèl, M. Lemèt Zefi, ki se yon lengwis, te ranmase yon ekip pawòl san nanm ki soti nan bouch ansyen prezidan ayisyen, ansyen minis, ak gwo ekriven ayisyen ki ta vle fè kwè kreyòl pa yon lang tout bon vre. M envite nou al li atik sa a pou nou ka konstate nou-menm dega yon edikasyon kolonyal kapab koze.

Tout lang kapab fè lasyans, se moun ki pale lang lan, espesyalman entelektyèl yo, ki pou deside fè lasyans nan lang lan paske okenn lang pa janm devlope tèt li pou kont li.
 
Nou pa dwe bliye prezidan Martelly te batay anpil pou franse vin tounen yon lang travay nan CARICOM. Tankou nou te di sa deja, zatrap Edikasyon kolonyal la fè anpil ayisyen kwè franse se mak fabrik yo. Kon sa, je yo sèlman fikse sou akademi franse, biwo frankofoni anvan yo wè tout sa ki gen arevwa ak Kreyòl. Nan dat 4 desanm 2014 la, Prezidan Martelly chwazi pa patisipe nan seremoni enstalasyon 33 premye akademisyen kreyòl yo, e jouk jounen jodi a, pèsonn pa konnen vre rezon an. Prezidan an sèlman voye yon mesaj twitè “Mwen salye lansman Akademi Kreyòl Ayisyen an ak jefò kap fèt pou mete lang kreyòl la kanpe djanm”.

Poto prezidan an bay akademisyen kreyòl yo se pwolonjman mank volonte li te montre depi lè li te dwe siyen dekrè ki pou kreye Akademi Kreyòl la. Se nan yon kontèks politik chaje ak revandikasyon, prezidan an te blije siyen dekrè a pami yon ekip lòt revandikasyon sosyal ak politik. Antouka, prezidan an siyen li, e se byen pou vansman lang kreyòl la. Konnya, boul la nan pye manm Akademi Kreyòl yo.

Pou listwa ak laverite, nou dwe di gen plizyè prezidan anvan ki pa te janm siyen dekrè sa a tou. Anwetan prezidan pwovizwa yo ki kapab di manda yo te genyen an se te sèlman òganize eleksyon, prezidan ki te rive fini manda yo, e sa ki te rive fè mwatye nan manda yo pa te montre okenn volonte pou yo mete Akademi Kreyòl la sou pye. Kidonk, edikasyon kolonyal la nan yon sans oswa nan yon lòt afekte yo tou.

Petèt kèk moun kapab di kontèks politik yo pa menm pou tout prezidan yo. Men, kesyon nou dwe poze tèt nou: pou ki sa fòk toujou gen yon batay chak fwa pou lang kreyòl nou an, ki se nam nou, fè yon pa?  

Se klè yon moun pa ka etidye revolisyon ayisyen an antan li fèmen je li sou Lafrans. E se menm jan an tou, yon moun pa kapab byen analize premye pa Lafrans fè nan devlòpman ekonomik li san li pa konsidere tout sa Lafrans te pwofite sou do Sendomeng, ki jounen jodi a rele Ayiti, apre mas esklav yo kase chenn kolonizasyon an. Se enpòtan pou ofisyèl franse yo byen enfòme yo sou reyalite Ayiti pase pou yo kache laverite istorik. Tankou pwovèb kreyòl la di “kache laverite se antere dlo”. Ayiti pa dwe sèlman parèt nan je ofisyèl franse yo tankou yon pyon nan Karayib la pou fè mouvman frankofoni a mache.

Pou fini, ofisyèl ayisyen yo dwe konprann objektif prensipal yon sistèm edikasyon pa ta dwe sèlman chita sou aprann franse oswa lang. Ayisyen dwe gen posiblite pou aprann nan lang matènèl yo, epi aprann lòt lang k ap pèmèt yo konpetitif sou mache ekonomik lan. Men, pi bon fason pou Ayisyen rive ranmase bonjan konesans nan nouvo lang y ap gen pou aprann yo, se lè yo fin gen yon fondasyon beton nan lang matènèl yo. Kon sa, y ap rive devlope kapasite kritik ki djanm k ap pèmèt yo divòse ak koze pakèmann nan.  

Sous
•Ak Kòlòk Entènasyonal sou Akademi  Kreyòl Ayisyen an. (26-29 oktòb 2011). Port-au-Prince: Éditions de l’Université d’État d’Haïti.
 
•Barthet, Elise. La France a oublié Haiti. (17.02. 2010). France. Le Monde.
 
•Casimir, Jean. ◦ (2004). Pa Bliye 1804/Souviens toi de 1804. Port-au-Prince: Fondasyon konesans ak Libète.
◦(2009). L’interminable dialogue de sourds”. Port-au-Prince: Editions de l’Université d’Etat d’Haïti
 

•Discours de Nicolas Sarkozy, Président de la République, à l’occasion de la journée nationale des mémoires de la traite, de l’esclavage et de leurs abolitions, le 10 mai 2011.


Men ki les JACQUES PIERRE ye:

http://sites.fhi.duke.edu/haitilab/team/jacques-pierre
Revenir en haut Aller en bas
Joel
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages : 17333
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

ABA EDIKASYON KOLONYAL-ROZO se pou WOU Empty
MessageSujet: Re: ABA EDIKASYON KOLONYAL-ROZO se pou WOU   ABA EDIKASYON KOLONYAL-ROZO se pou WOU EmptyLun 1 Juin 2015 - 10:00

Pwofese JACQUES PIERRE gen le konn li Sit sa a ,antr'ot.

Antouka MESAJ li a dwe kontinye repete pou l antre lan KOLOS TET anpil NEG:

"Ann fè yon ti tounen sou koze idantite a, nou-menm ayisyen nou pa ta dwe janm bouke fè tout pèp sou latè beni konnen ke se Kreyòl ki idantite nou tout bon vre. Li lè pou edikatè ayisyen yo mete tèt yo ansanm pou travay sou yon kourikouloum ki chita sou kilti ak lang rasin nou pou remanbre sosyete a ki fin demanbre. Si se pa sa, n ap toujou gen yon sistèm lekòl k ap fè pi fò Ayisyen tounen fotokopi franse. Kon sa, n ap toujou pare pou nou defann franse ak valè Lafrans antan n ap pase tout sa ki reprezante Ayiti dèyè do".
Revenir en haut Aller en bas
Joel
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages : 17333
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

ABA EDIKASYON KOLONYAL-ROZO se pou WOU Empty
MessageSujet: Re: ABA EDIKASYON KOLONYAL-ROZO se pou WOU   ABA EDIKASYON KOLONYAL-ROZO se pou WOU EmptyMer 3 Juin 2015 - 10:31

Pou nou kontinye ap travay ke mesye HAITI LAB yo ap fe.

Ak Resous DUKE UNIVERSITY yo ki KONSIDERAB.An pasan DUKE gen yon "endowment" ki plis ke 5 MILYA (wi MILYA) DOLA.

HAITI LAB ap tradwi tout gwo DOKIMAN AYISYEN yo an ki te fet an FRANSE pou yo mete yo an KREYOL.

Tradiksyon sa a ,ke JACQUES PIERRE ap prezante an ,se yon paket LENGWIS,LEKSIKOGRAF ak lot SYANTIFIK ki deye l .
Blan ki a kote JACQUES PIERRE lan se LAURENT DUBOIS ki gen yon DOKTORA lan LITERATI FRANSE lan YALE.
Tande TRADIKSYON "DEKLARASYON ENDEPANDANS" lan ke JACQUES PIERRE ap li:


Revenir en haut Aller en bas
Contenu sponsorisé




ABA EDIKASYON KOLONYAL-ROZO se pou WOU Empty
MessageSujet: Re: ABA EDIKASYON KOLONYAL-ROZO se pou WOU   ABA EDIKASYON KOLONYAL-ROZO se pou WOU Empty

Revenir en haut Aller en bas
 
ABA EDIKASYON KOLONYAL-ROZO se pou WOU
Revenir en haut 
Page 1 sur 1

Permission de ce forum:Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti :: Haiti :: Espace Haïti-
Sauter vers: