Sasaye Super Star


 Nombre de messages : 8252 Localisation : Canada Opinion politique : Indépendance totale Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien Date d'inscription : 02/03/2007
Feuille de personnage Jeu de rôle: Maestro
 | Sujet: Zimbabwe ap avanse. Mer 30 Déc 2015 - 3:33 | |
| Yon moun gen dwa di sa k vle, men Mugabe malgre laj avanse l, ap veye pou revolisyon li te mennen pou libere Zimbabwe anba ewopeyen ap kontinye fè chemin l.
Blan toujou ap mande pou peyi tyèmonn aplike altènans lan yon sistèm demokratik ki reponn a bezwen Lamerik di Nò ak Ewòp, men ki pa toujou an dyapazon avèk lòt kilti. Dayè gwo pwisans yo aplike demokrasy aganman. Sa depann lan ki peyi yap enfliyanse.
Yo te lage de gidon lan déyè Mugabe pou yo destabilise l e fout li yon koudeta. Men yon nèg ki pase anpil tan lan lagè geriya pou l fonde peyi l, pakapab efase konsa.
Kounyea, misye ak peyi l chita solid avèk kowoperasyon chinwa. Yo dejwe plan blan yo. Harare se yon gran vil modèn.
Depi komansman ane an, misye soumèt yon lwa pou endijenizasyon ekonomi peyi an. Tout konpayi etranje ki ap opere lan Zimbabwe oblije vann 51% biznis lan ak zimbabweyen lokal.
Alò genyen ki ap fè reta ak magouy pou yo pa obeyi lwa a.
Enbyen, yè, Mugabe fè yon deklarasyon ofisyèl, ke li bay blan yo jis ka 1er Janvye Pou yo obtanpere. Apre sa lan pwen tolerans.
Se ekzanp ke epòk kolonyal ak neyo kolonyal fini. Tout nèg fèt pou granmoun lakay li. Sak rete restavèk toujou, se paske yo gen sansal.
| |
|
Joel Super Star

 Nombre de messages : 16960 Localisation : USA Loisirs : Histoire Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage Jeu de rôle: Le patriote
 | Sujet: Re: Zimbabwe ap avanse. Mer 30 Déc 2015 - 8:09 | |
| Se yon bagay EKSTRAWODINE.MUGABE pa janm fe BAK yon POUS.
Sa pa gen lontan ,se ak yon BOURET LAJAN pou w te achte yon PEN;yo te koupe tout JAN pou ZIMBABWE jwenn deviz;Yon sel bagay MUGABE te kontinye repete se ALE yo LAVOUM.
Ak la CHINE ,y ap remanbre!!!! | |
|