- Sasaye a écrit:
Jowèl
Pa reponn nèg lan lè lap poze kestyon estipid konsa.
Ki fout regade l si Aristid doktè ou pa?
Li pa enterese lan pwen pozitif.
Tout sa l vle se denigre.
Menmsi ou ta mete potre diplôm nan sou sit lan misye ta p di yon lòt bagay.
Fòk Kodenn lan konnen ke Aristid pa bezwen doktora pou l enfliyanse lavi sosyal ak politik peyi dAyiti.
Sa fe m sonje PWOBLEM OBAMA genyen ak EKSTREM DWAT AMERIKEN an.
40% REPIBLIKEN yo di ke OBAMA pa AMERIKEN ,ke l se KENYAN.
Lan PRES EKSTREM DWAT ,se MATELE yo MATELE OBAMA di ke BATISTE misye an se yon FO BATISTE.
Menm le GOUVENE HAWAII di ke se yon bon BATISTE ,yo di ke yo pa kwe se vre.
NEG tankou RIChman lan paka aksepte ke ARISTID gen yon DOKTORA,y ap chache DEVALYE l.
Neg sa yo malad ,menm jan ak REPIBLIKEN ki touye,rache yo,OBAMA pa AMERIKEN!