MAK;
Mwen te we sou yon KANAL TELEVIZYON ki rele AHC de ANSYEN AJAN CIA ki t ap diskite a pwopo de DIVALYE.
AMERIKEN yo te deside pou yo debarase yo de DIVALYE ,paske misye t ap fe TWOP EKSE.
Yo t ap debarase yo de li ,menm jan yo te debarase yo de TRUJILLO an ME 1961.
Yo te SASINEN misye.
AMERIKEN yo te PE ke sa k te rive KIBA a pa t rive ann AYITI.
Sitou AMERIKEN yo di ke DIVALYE te vin IRASYONEL ,apre yon KRIZ KADYAK li te fe an AVRIL 1959 ,misye te lan yon KOMA e yo di ke misye te sibi DOMAJ lan SEVO l.
Sa k te vin sove DIVALYE se te ELEKSYON JUAN BOSCH lan ,an DOMINIKANI ,lan MO KENNEDY e EKSTREM DWATIS lan POLITIK ETRANJE LYNDON JOHNSONyo.
Zafe RIME ke DIVALYE te vle pale ak BLOK INYON SOVYETIK li ,se RIME .AMERIKEN yo t ap TOUYE DIVALYE ,lan premye KONTAK ke l ta fe ak BLOK SOVYETIK.
Kounye an ,se KONT LA LWA pou CIA SASINEN MOUN,depi 1976 ;men anvan sa te LEGAL