SASAYE;
Se pou w mansyone jan MISYE ap pale de ARISTID yo.Misye di w ke J.B.A se youn lan NEG VETIKAL youn lan pi bon EGZANP MOUN ke l janm konnen.
Epitou MISYE pale de MILDRED ARISTID ;misye di yon bagay ke m pa t konnen ,ke MILDRED ARISTIDE te gradye PHI BETA KAPPA lan LEKOL DE DWA.
Sa vle di MANMZEL te gradye lan PREMYE lan KLAS li an.
Pou m fini se pou nou konnen ki les RANDALL ROBINSON ye ,MOUN ki pa konnen.Misye GRADYE lan HARVARD LAW SCHOOL.
Le w GRADYE lan HARVARD LAW SCHOOL ,ou vin ELIT lan ELIT.Anvan w bat je w ,w ap fe 1 MILYON DOLA pa LANNE ;swa lan WALL STREET ou byen GWO "LAW FIRM" lan NEW YORK ak WASHINGTON yo.
Misye se te yon "mentor" OBAMA lan HARVARD,limenm ak OGLIVIE ki te PWOFESE OBAMA lan HARVARD LAW.
ROBINSON te ka swiv CHEMIN OBAMA a si l ta vle ,men RANDALL ROBINSON se yon PANAFRIKANIS ki pa lan KONPWOMI..
Pou LISTWA se ROBINSON ki te OGANIZE REZISTANS kont APWI REPIBLIKEN yo t ap bay GOUVENMAN BOER SID AFRIK lan,ki te FOSE de REYAKSYONE tankou REAGAN ak ZWAY li yo lage "BOER" SID AFRIKEN yo.