T-Kout Star


 Nombre de messages : 225 Localisation : N.Y. Opinion politique : N/A Loisirs : Musique, Lire Date d'inscription : 04/10/2014
Feuille de personnage Jeu de rôle:
 | |
Sasaye Super Star


 Nombre de messages : 8252 Localisation : Canada Opinion politique : Indépendance totale Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien Date d'inscription : 02/03/2007
Feuille de personnage Jeu de rôle: Maestro
 | Sujet: Re: Dame Marie Fonde... 1776 (240ans) Jeu 26 Mai 2016 - 9:18 | |
| Ti-Kout, Mwen pa t patisipe depi kèk jou paske mwen te lan vwayaj. Se sa k fè mwen pa t gen tan reponn pòs saa.
Mwen se Pòtoprensyen, men manman m fèt Dammari paske granparan m te gen gwo biznis lan vil saa.
Mwen te konn pase vakans chak ane depi mwen te gen douz an, jis rive 18 an, lè m pati kite Ayiti. Dammari se yon paradi. Pi bèl vil lan Lagrandans. Jaden flè tout kote.
Grenye agrokòl ki pwoduy anpil kakawo, kafe, fig bannan lan epòk sayo. Mwen te konn wè gwo bato vin chèche milyon rejim figbannan. Anpil agrikiltè vinn debake yo lan magazen antrepozaj kote yo enspekte yo e peye yo. Sa ki rejte yo vann lan lari an, kifè fig fè mikalaw lan tout kay.
Dammari te gen gwo izin kakawo, kafe avèk sant endistriyèl ki te gen tren pou transpòte danre sou kòt. Ray tren yo te la toujou lè m te konn ale la. Granpapa m te direktè izin saa. Se sa k fè, lè m te konn rantre chak jiyè, peyizan yo te konn pote danre ak fouy ak legim, pwason lakay pou mwen. Paske yo te gen gratitid pou sa granparan m te konn fè pou yo.
Dammari se peyi bèl jenn fi ak bèl fanm. Yo pa ezite fè w zye dou, si yo renmen w.
Mwen konnen photo sa yo byen. Se plas santral lan. Photo saa pran depi balkon presbitè an ki sou yon kolinn ki fè fas a lanmè. A dwat legliz lan, la Nativite, genyen yon kouvan avèk yon ban bèl ti relijyèz. A kote gen yon bon bibliyotèk mwen te konn frekante souvan. A goch, piba presbitè an se komisarya lapolis. Anfas presbitè an, sou plas la se Tribinal.
Plaj yo bèl, pase Pon Lagon an, rive Plonkèt. Se kote ki ta kapab fè gwo otèl pou touris ayisyen. Anpil kannot bwa fouye. Ti cheval rapid pou galonnen lan Rouslen.
Potre payizaj lan se lanbouchi, kote larivyè Tirivyè de Dammari rankontre ak lanmè. Se kote mwen te pase kèk lan pi bèl moman jenès mwen. | |
|
T-Kout Star


 Nombre de messages : 225 Localisation : N.Y. Opinion politique : N/A Loisirs : Musique, Lire Date d'inscription : 04/10/2014
Feuille de personnage Jeu de rôle:
 | Sujet: Re: Dame Marie Fonde... 1776 (240ans) Ven 27 Mai 2016 - 23:44 | |
| - Sasaye a écrit:
- Ti-Kout,
Mwen pa t patisipe depi kèk jou paske mwen te lan vwayaj. Se sa k fè mwen pa t gen tan reponn pòs saa.
Mwen se Pòtoprensyen, men manman m fèt Dammari paske granparan m te gen gwo biznis lan vil saa.
Mwen te konn pase vakans chak ane depi mwen te gen douz an, jis rive 18 an, lè m pati kite Ayiti. Dammari se yon paradi. Pi bèl vil lan Lagrandans. Jaden flè tout kote.
Grenye agrokòl ki pwoduy anpil kakawo, kafe, fig bannan lan epòk sayo. Mwen te konn wè gwo bato vin chèche milyon rejim figbannan. Anpil agrikiltè vinn debake yo lan magazen antrepozaj kote yo enspekte yo e peye yo. Sa ki rejte yo vann lan lari an, kifè fig fè mikalaw lan tout kay.
Dammari te gen gwo izin kakawo, kafe avèk sant endistriyèl ki te gen tren pou transpòte danre sou kòt. Ray tren yo te la toujou lè m te konn ale la. Granpapa m te direktè izin saa. Se sa k fè, lè m te konn rantre chak jiyè, peyizan yo te konn pote danre ak fouy ak legim, pwason lakay pou mwen. Paske yo te gen gratitid pou sa granparan m te konn fè pou yo.
Dammari se peyi bèl jenn fi ak bèl fanm. Yo pa ezite fè w zye dou, si yo renmen w.
Mwen konnen photo sa yo byen. Se plas santral lan. Photo saa pran depi balkon presbitè an ki sou yon kolinn ki fè fas a lanmè. A dwat legliz lan, la Nativite, genyen yon kouvan avèk yon ban bèl ti relijyèz. A kote gen yon bon bibliyotèk mwen te konn frekante souvan. A goch, piba presbitè an se komisarya lapolis. Anfas presbitè an, sou plas la se Tribinal.
Plaj yo bèl, pase Pon Lagon an, rive Plonkèt. Se kote ki ta kapab fè gwo otèl pou touris ayisyen. Anpil kannot bwa fouye. Ti cheval rapid pou galonnen lan Rouslen.
Potre payizaj lan se lanbouchi, kote larivyè Tirivyè de Dammari rankontre ak lanmè. Se kote mwen te pase kèk lan pi bèl moman jenès mwen. Sasaye, mesi, mwen vreman apresye bel detay sa yo sou Dam Mari. li tre difisil pou mwen jwen bel foto Dam mari Eske ou gin kek lot bel foto? Epri eske ou konen si Dame Mari gen yon sit web ? | |
|
Sasaye Super Star


 Nombre de messages : 8252 Localisation : Canada Opinion politique : Indépendance totale Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien Date d'inscription : 02/03/2007
Feuille de personnage Jeu de rôle: Maestro
 | Sujet: Re: Dame Marie Fonde... 1776 (240ans) Sam 28 Mai 2016 - 2:42 | |
| T-Kout, Mwen te byen kontan bay yon deskripsyon bèl vil Dammari. Malerezman mwen pa gen foto pou ajoute sou sa w mete yo. Mwen kwè Gworozo konnen Dammari e Moro sitou paske se jeremyen li ye. Moun Jeremi konn al banboche Dammari pou fèt patronal 8 Septanm. Bèl fèt nèt!
Mwen byen regrèt Moro pa monte sou sit la ankò. | |
|
T-Kout Star


 Nombre de messages : 225 Localisation : N.Y. Opinion politique : N/A Loisirs : Musique, Lire Date d'inscription : 04/10/2014
Feuille de personnage Jeu de rôle:
 | Sujet: Re: Dame Marie Fonde... 1776 (240ans) Sam 28 Mai 2016 - 10:36 | |
| ok Sasaye, pa gen problem | |
|
T-Kout Star


 Nombre de messages : 225 Localisation : N.Y. Opinion politique : N/A Loisirs : Musique, Lire Date d'inscription : 04/10/2014
Feuille de personnage Jeu de rôle:
 | Sujet: Re: Dame Marie Fonde... 1776 (240ans) Jeu 20 Aoû 2020 - 16:13 | |
| | |
|
Contenu sponsorisé
 | Sujet: Re: Dame Marie Fonde... 1776 (240ans)  | |
| |
|