Menzanmi mwen rankontre nan yon kolok yon lengwis franse dorjinn aysyen ki sanble pa konnen kote li pou ale pou relaks li.
Se yon zanmi prof ki mande m ki pwogramm mwen konnen pou akonpagnen li, Mwen sigjere yon ti plas relaks o santre vil. Mouche ensiste pou mwen vini ak li. Kom mwen te gen aktivite familyal, mwen ezite reponn li. Finalman mwen mande madanm ak pitit fiy mwen pou yo rejwenn nou.
Nan jwe politès prof franse ki elve ak yon papa ak manman ayisyenn chaje tankou LA POLOY.
Pou byen sitiye nou li pale angle, espagbol, alman. arab an plis franse lang li. Mwen poko fini li metrize kreyol kapwa. kreyol de lwès, an plis ekri yo pafètman.
Mwen komanse mande li poukisa 2 kreyol, e byen li reponn mwen swit yon misyon nan No peyi dayiti pou komisyon eropeyenn li te konprann ayiti gen 2 fasèt nan lang kreyol.
Kom se yon cherchè li konprann Lafrans lese tras li depandan rejyon nan peyi dayiti.
Men saki te sitou edifye m se lè li di mwen gen yon sabotaj lang franse elit an ayiti mennen.
Selon li aprantisaj ak konesans yon lang pa dwe gen entimasyon. Ayisyen pè fè fot an franse ki lakoz yon andikap pou metrize yon lang tankou franse. Pou li se yon kèksyon daprantisaj ak pratik pou rive metrize yon lang.
Menm franse kèlke swa nivo li pa lese yo andikape. Revolisyon fransèz brize tout baryè sayo. Poutan menm elit ayisyen sayo selon li pale anpil move angle, se nomal pou yo.
Li finn pa konprann anboujwazman franse pou kenbe rès popilasyon an karatenn.
Se la lakenn ayisyen nan Franse, Ayisyen vle toujou efikas san fay posib.
Eksperyans li an frans ll mete jenn ayisyen,matinik, arab nan pratik franse san pa genyen prejije, tout jenn sayo gen rezilta edifyan.
Jenn sayo an imèsyon yon lang kote tolerans aksèpte jiskaske yo byen metrize byen lang sa. Poutan rankontre yon ayisyen kap pale angle, yo byen debouye yo fè mesaj yo pase ak anpil fot pa gen pwoblèm, men depi se franse yo andikape, gen laront.
Alos mwen fini pa konprann sosyete boujwaz an Ayiti toujou sèvi ak monopol di savwa. la konesans pou kenbe le pèp nan ignorans.Mete ak sa defisyans ak prof e metod ansèyman.
Men rezon sèten ti nèg lage 2 gidon, sitou nan milyè popilis, revolisyonè nan fann nan dengwann yon lang ke yo toujou pran pou yon fom dominasyon.
Alos se prop divizyon klas nan prop peyi nou ki a lorijinn anti franse sa.