AYISYEN, NOU KOLBOSO, MEN NOU KA CHAPE...
Maten an, m tap reflechi sou enpak edikasyon ki baze sou lapèrèz jenerasyon m nan (ak sa anvan l yo) te resevwa sou ban lekol Ayiti a. Se konsa, mwen panse rezilta aktyèl la te inevitab.
Timoun ki aprann degaje yo "sove po dèyè" yo sou ban lekol, kote pwofesè a se yon bouwo ak yon rigwaz nan men li, pa kapab sèvi yon kolektivite.
Se "chape" nou tout chape anba sistèm sa a, men nou tout kolboso.
Menm sistèm sa a ki te baze sou vyolans jeneralize a (Tontonmakout la fè vyolans sou pwofesè lekol la, pwofesè a fè vyolans sou elèv la, elèv la fè vyolans sou lot elèv la, ki limenm ap devvlope rayisman pou paran peyizan li yo ki voye li ale pase mati kay matant lavil....) se yon sistèm ki oblije bay rezilta n ap viv la.
Pou nou soti nan kafou tenten sa a, fok nou devlope yon nouvo sistèm ki baze sou solidarite epi anti-vyolans aktif.

RIGWAZ - po bèf, menm zouti kolon yo te itilize pou teworize zansèt nou yo, te sèvi pou kokobe kreyativite, entèlijans ak anvi anprann...plizyè jenerasyon Ayisyen. Jouk alèkile gen moun k ap itilize rigwaz nan peyi nou, san leta pa arete yo, jije yo, kondane yo pou krim yo komèt la.

Mete timoun nan sak, imilye yo devan ti zanmi yo, kondane yo paske yo t ap ede yon zanmi chape pinisyon...tout se mak fabrik sistèm "edikasyon" ki fome dirijan aktyèl peyi nou an.

Foto sa a, se nan mize Afro-brezilyen Sao Paolo mwen pran li. Sèn li dekri a te valab pou tout koloni esklavajis yo, kote gason Afriken an te sibi imilyasyon nan ko li, nan lespri li, nan nanm li, devan madanm li ak pitit li, frè li, sè li, manman li....nan men ni granmoun ni timoun blan ki leve men sou li nenpot ki lè.