"Ayisyen, chak fwa dyab la mande w Dessalines ak Toussaint ki lès ou pi pito, reponn: toulede fout! Epi, kale je w nan je l, mande l : e oumenm, ipokrit, ki lès ou pi rayi!"
- Mesaj frè nou Jafrikayiti pou tout pitit Dessalines, tout Fanmi Lavalas, tout pitit Lietnan Sanit Belè, tout pitit Marie Sainte Dede Bazile (Defile)...nou pap janm trayi sa n, san nou se san Boukmann...
https://youtu.be/QfoOmIyyNiA
Anpil fwa, kote n ap chèche mesaj lanmou, lapè, lajistis lan, se pa la li ye ditou...
...
Anpil fwa sajès, fratènite san twounanmanch, solidarite sensè, entèlijans...se anba tcha-tcha, vaksin ak tanbou nèg ak nègès Bèlè li ye.
Jou 25 janvye sa a rete grave nan memwa mwen. Yon moun ka viv amoni ki nan mizik la, ou ka kite pawol yo travay lespri ou ak nanm ou. Men, anverite, sa ki te pi bèl pou mwen nan kominyon sa a, se souri machann byè ak kola a ki kontan lè yon frè retounen pote boutèy vid la pou li, se akolad 2 kanmarad ki espantan apre youn te pile pye lot, epi li dil "eskize m sanba!".
Se yomenm, frè ak sè nou yo, zot bay tit "chimè" paske yo te chwazi fè rezistans kont kolon ak tchoul kolon ki te vle gate selebrasyon bisantnè a.
Mwen pa fè montaj, mwen eseye pa pale twop nan ti videyo saa. Noumenm, n a va jije ak zorèy nou, ak je n, san prejije. Mwenmenm, se yon sèl mo mwen genyen pou Patikoul: MÈSI!
YO METE DIVIZYON POU YOUN KA DECHIRE LOT...REZISTANS! ENTÈLIJANS! REZISTANS!
TAN POU NOU TOUNEN (LAGÈ) VYETNAM, NOU PITO MANJE LAM...REZISTANS! ENTÈLIJANS! REZISTANS!