Aristidis yon ideyoloji danjere...
Nan FL ou jwenn anpil kouran ideyolojik, divalyeris, makout, oligachi, elatriye. Men gen youn an patikilye ki ta dwe atire atansyon n ki se Aristidis la.
Yon Aristidis se yon endividi ki deside defann prezidan Aristide nan kelkeswa dosye kote ansyen Prezidan an enplike. Aristidis la pa bezwen konnen si prezidan Aristide gen to oubyen gen rezon! Anfet ou gen lenpresyon ke Aristidis la pa menm konsidere ke p. Aristide ka gen to. Depi p. Aristide pran yon pozisyon oubyen te pran yon pozisyon, misyon aristidis la se defann pozisyon sa a jouk mayi mi.
E pami aristidis yo, ou jwen aristidis agrave a. Aristidis agrave a limenm se yon aristidis ekstremis. Se komsi aristidis agrave a etenn sevo l depi kesyon an gen awe ak p. Aristide. Aristide se preske yon Bondye pou li. Aristidis agrave a gen dwa montre koyerans nan yon dosye kelkonk, men depi yon sije monte kote p. Aristide enplike, tout koyerans vole gage! Pozisyon Aristidis agrave a se Aristide devan l deye! Eske se nan yon twou p. Aristide prale? Eske se nan yon twou p. Aristide pral mennen peyi a, bagay konsa pa regade aristidis agrave a, paske sel preyokipasyon l se defann p. Aristide...
Youn nan fason w ka rekonet aristidis la e sitou aristidis agrave a se ke l souvan ap naje nan tout kalte kontradiksyon san ke lespri l pa remake anyen. Lespri l pa remake anyen paske l gen yon sel misyon defann pozisyon prezidan Aristide jiskobou!
Aristidis agrave a ap ba moun kom egzanp peyi ki gen lame, men menm aristidis agrave a pa jennen l pou l di w ke lame pa bon pou Ayiti! Rezon fondamantal la se ke nan tet aristidis agrave a se p. Aristide ki te kraze lame. Puiske prezidan Aristide pa ka fe ere, lame met bon pou tout peyi, men l pa ka bon pou Ayiti! Aristide devan l deye!
Aristidis agrave a pa vle we prezidan Preval. Prezidan Preval ta trayi FL. Men eske prezidan Preval pa fe prezidan Aristide tounen? Ou tande tou ke prezidan Preval te ekate FL nan eleksyon...Men san nou pa jistifye yon aksyon konsa li toujou bon pou n gade konteks bagay yo...
Sou premye pouvwa prezidan Preval la, prezidan Aristide te pratikman okipe tout espas pouvwa a, kote prezidan Preval te gen yon kod nan kou l. Eske prezidan Preval kom moun te telman renmen yon sitiyasyon konsa jiskaske pou l ta fasilite p. Aristide mete yon lot kod nan kou l pou dezyem manda a?
Men gen yon kontradiksyon fondamantal ki echape aristidis yo e sitou aristidis agrave a. Se ke nan kritike p. Preval li mete an kesyon jijman p. Aristide! Paske nou tout konnen ke se p. Aristide limenm ki ba moun prezidan Preval. Kritik p. Preval yo se prev flagran ke p. Aristide ka fe ere jijman, e twonpe l.
Toujou sou menm ribrik la...
Si p. Aristide twonpe l dapre menm aristidis agrave a, pouki menm aristidis agrave yo plonje tetanba nan dokte Maryse? Eske prezidan Aristide pa twonpe l anko? Kote w ka jwenn yon aristidis poze tet li kesyon sa a, aritidis agrave a limenm se bliye sa: aristide devan l deye!
Sou kesyon dokte Maryse la aristidis agrave a gen dwa sou yon pos ap kritike usaid, men sa pa anpeche l ap defann kandida FL la ki se yon ajan menm usaid sa a nan yon pwochen pos! Eske yon sitiyasyon konsa pa ouve pot pou peyi Dayiti, FL, ta pran yon twazyem koudeta, si jame, mande Bondye padon, pep Ayisyen an ta fe sot li pou vote kandida FL la? Eske se pa posiblite twazyem koudeta sa a, an douse fwa sa a, ki fe medya entenasyonal ki ta dwe ostil parapo ak FL, ap ekri atik preske pou fe lwanj pou pati ou sekte sa a?
Men, kalte kesyon sa yo pa ka travese lespri aristidis agrave a paske l gen yon sel fokis: Aristide devan l deye!
Aristidis agrave a pa vle we senate Moise. Yon senate Moise ke tout espri lisid ka ou dwe rekonet kom youn nan pi gran patriyot sou sen politik la. Aristidis agrave a fe w konnen ke senate a te ak p. Preval. Men si aristidis agrave a te pran yon ti tan pou l enfome l, pou l koute, li ta aprann ke le kandida Preval te mande Moise sipo pou eleksyon, Senate a te poze 2 kondisyon pou ba l sipo sa a. Youn ladan yo se te fe ou fasilite retou prezidan Aristide. P. Preval aksepte, respekte pawol li, men li fe l nan kalandriye ki bon pou li...
Yon Moise ki pa janm kouri kite peyi a pandan 2 koudeta kont L/FL yo. Daye te gen yon delegasyon ki kite Ayiti pou al we p. Aristide Ozetazini, tout moun rete, yon sel grenn moun tounen: Moise! E an n raple le sa a tout ou preske tout kad Lavalas t ap kouri kite peyi a...Daye Fokal pran nesans nan sousi pou Senate a te ede kad Lavalas ki te an detres toupatou nan mond lan...Senate a esplike sa tre byen. Kidonk Fokal se dabo e avantou yon inisyativ senate Moise!
Yon Moise, sou dezyem koudeta a, ki voye mande piblikman tout lide FL ki nan difikilte nan peyi a pou fe jan yo konnen pou travese nan No peyi ke limenm dekrtete kom zon lib. Men se Moise sa a ke aristidis, sitou aristidis agrave a pa vle we. Aristidis agrave a gen yon sel bagay nan tet li: Aristide devan l deye!...
Nou swete ke pos sa a ede aritidis yo e sitou aristidis agrave yo konprann ke prezidan Aristide se yon moun ki ka fe ere, ki fe ere-kritik sou "trayizon" p. Preval yo se prev flagran. Nan sans sa a yo pa oblije swiv prezidan an nan tout zak li yo, ni yo pa oblije defann tout betiz ke prezidan Aristide fe...Sinon nou riske poteboure nan lage peyi a nan tchouboum...