SASAYE;
Mwen si de sa.MALPWOPTE ki kontwole OPINYON an ,ann AYITI yo pa janm pale de ADMIRASYON ke FIDEL te gen pou EWO REVOLISYONE nou yo ak REVOLISYON AYISYEN an.
Le MISYE ap pale de REVOLISYON ,se pa de REVOLISYON FRANSE an ou byen de REVOLISYON RIS lan ,se de REVOLISYON AYISYEN an li pale.
Lan PLIZYE BYOGRAFI ,MISYE konn di ke se lan TANDE AYISYEN ki t ap TRAVAY sou PLANTASYON PAPA l lan ,ki t ap pale de REVOLISYON AYISYEN an ,ki bali ORYENTASYON ke li vin genyen le l ap GRANDI.
Gen MOUN ki ka paka konnen tou ;MISYE te pale KREYOL TRE BYEN.Le AYISYEN te ap pran KANNTE pou kouri kite DIKTATI DIVALYERIS lan e ATERI lan KIBA ,lan ZON SANTIAGO an.FIDEL te konn VIZITE yo e ANGAJE l lan KONVESASYON ak yo.
CASTRO pa t rele REVOLISYON AYISYEN an,REVOLISYON AYISYEN ,li te rele l REVOLISYON KARAYIBEYEN pou limenm REVOLISYON pa l lan se te ERITYE REVOLISYON AYISYEN an.