Lavalas pa on opsion, li demontre on pil ak on paket fwa ke se detwi yo konn detwi sèlman, se kraze oto, kraze biznis, boule, se nan sa yo fo Peyi bezwen on pati politik ki ka rekonstwi peyi ya, rekonsilye ayisyen yo, souleve prodiksyon nasyonal nou, devlope agrikilti nou, bay pèp la manje ak swen medikal. Yo pa bezwen on pati kap preche vyolans, kap kraze brize, ki depi 30 an anpeche peyi ya avanse, kap menase sitwayen peyi ya ke lap kraze bouda yo, ke lap detwi biznis yo. Pèp la fatige ak lavalas e patnè li yo, yo bayo kanè nan eleksyon ki sot pase ya, yo telman pwan move not ke menm konteste rezilta eleksyon yo legalman yo paka fè li paske eka telman gran ke se ta ridikil pou yo ta konteste.