Mwen pa konnen si sila ki pa p viv OZETAZINI ap gen AKSE a DOKIMANTE sa a ,paske PBS konn bloke MOUN ki pa p viv OZETAZINI.
Lan denye SEMENN MWA FEVRIYE ,ak premye SEMENN MWA MAS ,PBS (PUBLIC BROADCASTING SYSTEM) TELEVIZYON PIBLIK ETAZINI te montre YON DOKIMANTE ki rele AFRICAN GREAT CIVILIZATIONS.
Se ENKONPARAB HENRY LOUIS GATES "SKIP" ki te fe DOKIMANTE sa a .6 ZE TAN.
Mwen gen LIV sou ISTWA AFRIKEN ,sou ISTWA WOYOM KONGO ,wa ALFONSO II ,WA KONGO PANDAN 17SYEM SYEK;sou REN NZINGA ak QUILOMBO lan N'GOLA (ANGOLA),GREAT ZIMBABWE,sou WOYOM ASANTE lan 2zyem MWATYE 19YEM syek anvan PATAJ LAFRIK pa PWISANS EWOPEYEN yo an 1884.
Wi ASANTE yo kI te komanse ENDISTRIYALIZASYON GHANA ak GOLD COAST anvan ANGLE yo te ANVAYI yo.
Se pa jwet,se bagay ki pou fe w KRIYE ,lan ki INYORANS nou ye lan peyi DAYITI ,le gen MALPWOPTE ap di yo "FO" paske yo te "LA SORBONNE".
Pa gen anyen ke PWOFESE LOUIS GATES di ,ak RESOUS HARVARD,ak BANK ki fonde misye ;de MILYON de DOLA RESOUS ,ke li pa PWOUVE.
Se yon ISTWA de 200000 AN ,depi MOUN te pran NESANS ,te EVOLYE ann AFRIK jis tan yo vin pedi KONTWOL lan fen 19yem SYEK lan.
EKSTRAWODINE.Si nou ka gen AKSE,PBS mete "show' yo sou sit li an:
http://pbs.org/show/africas-great-civilizations
CD an ap paret lan mwa ME an.Si nou pa kapab gade yo sou SIT PBS lan ,komande CD an n ap sezi.
http://Shoppbs.org/product/index.jsp?productld=116504946
HENRY LOUIS GATES youn lan GRAN ENTELEKTYEL AMERIKEN VIVAN yo fe NARASYON an ,lan yon LANGAJ yon ti MOUN 10 ZAN ka konprann: