MAK;
Peyi an pa pou POLITISYEN AYISYEN yo.
San nou pa bezwen pale de JWIF yo ,ki se yon ka ESPESYAL ,konsideran ke yo se DESANDAN de MOUN ki kite IZRAYEL sa gen 1500 ZAN ,2000 AN men ki pa janm sispann GOUMEN pou kote zanset yo te soti an.
Annou pale de IRLANDE yo ,yo IMIGRE OZETAZINI ak lot kote .Menm le yo te fet OZETAZINI pa EGZANP yo pa janm sispann goumen pou LIBERASYON PEYI kote ZANSET yo te soti.
EAMON DE VALERA ,EWO ENDEPANDANS IRLAND e premye PREZIDAN REPIBLIK IRLAND ,se OZETAZINI li te FET.
Ale POLITISYEN ou rele PASIF yo LA VOUM ,KONBA pou ti PEYI kote LONBRIK nou antere an ,tankou yo di,se pa yon KONBA pou yo selman.
Peyi sa a an vwa de DISPARISYON.
Gen MOUN ki konn di ke PEYI pa konn disparet?
Poze!!!!!
Gade SOMALI ,ki depi apre yon KOUDETA lan fen lanne 1960s yo ,ou gen dwa di ki pa yon PEYI anko.