Jonh JACOB THOMAS se yon TRINIDADYEN.Yo konsidere misye tankou yon DYE lan PANTEYON ENTELEKTYEL lan ,lan TRINIDAD e MOUN ki pa konnen pa ap ka IMAJINE yo pou ki sa.
TRINIDAD gen yon ISTWA ORIJINAL lan KARAYIB lan.Se PANYOL yo ki te KOLONIZE l ak res AMERIK di SID lan.
Pwoblem lan PANYOL yo pa t janm reyisi peple TRINIDAD.An 1797 ,lan tout ZILE an ,te gen anviwon 1000 MOUN ,pami ladan yo kek ENDYEN.
kolonis PANYOL yo te gen preske tout kontinan LAMERIK lan pou yo LAYITE ko yo ,pouki sa yo ta bezwen ale lan yon ti zile ki tou pre KONTINAN AMERIK di SID.
Panyol yo gen ZILE an ,yo bezwen peple l e yo we KOLON FRANSE yo lan yon paket ti zile tankou MATINIK,GWADLOUP,GRENAD.DOMINIK,SENT LISI elt.
An 1797,reprezantan WA PANYOL lan siyen yon DEKRE yo rele "CEDULA DE POBLACION" .Yo envite FRANSE lan ti zile yo ki bezwen TE pou yo vin etabli yo lan TRINIDAD ,a kondisyon pou yo prete SEMAN ALEJANS a wa LESPAY.
Si yo mennen ESKLAV y ap bayo plis TE toujou.
Kolon FRANSE yo ,lan ti ZILE debake TRINIDAD ,sitou GOUVENMAN REVOLISYONE FRANSE an ,te aboli LESKLAVAY an 1793.
Se yomenm ki vin peple TRINIDAD ,yo vini ak tout sa yo te konnen;yo vini ak LANG yo tou ki se te KREYOL.
An 1802 ,ANGLE yo vin pran posesyon TRINIDAD .
Lan diferans ak KOLONIZATE FRANSE yo,ANGLE yo renmen mete lekol kote yo kolonize,menm si gen le yo pa anpil.
ANGLE yo eseye mete LEKOL lan TRINIDAD.
Yo tonbe devan yon MI.TRINIDADYEN yo paka aprann .Lekol ann ANGLE,SE YON TI KRAS ,TI KRAS ki ka aprann ,yo eseye FRANSE pafwa ,se KAKARAT DEYE BWAT.
PWOBLEM lan se KREYOL SELMAN ,MOUN lan ZILE TRINIDAD te pale ,yo pa t ka konprann ANGLE,yo pa t ka konprann FRANSE,se KREYOL Selman.
JOHN JACOB THOMAS ki te fet an 1841 ,ki te youn lan 6 TRINIDADYEN NWA ke ANGLE yo te prepare KOM PWOFESE lekol VINI AK SOLIYON an ,lan yon LIV ke li ekri an 1869 ke l te rele "CREOLE RECITATIONS"
Se yon KREYOL ki tet koupe ak KREYOL nou an.THOMAS sove EDIKASYON lan TRINIDAD.
(Na kontinye)